Español English French Kwéyol

Ayiti : Eleksyon lejislativ 9 dawout 2015 yo, « yon lòt koudeta kont souvrènte popilè a », dapre IMPDP

IMPDP lanse modòd « batay pou defann konkèt demokratik yo ak lavni nasyon an ki menase »

Pozisyon Inisyativ Pou Mete Kanpe

Mouvman Patriyotik Demokratik Popilè (IMPDP)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 4 septanm 2015

Nan eleksyon jeneral 2004-2005 yo, okipan yo te enpoze KEP pou l fè yon trikaj ak vòt blan yo pou Préval kapab pase kòm prezidan depi nan premye tou. Nan eleksyon 2010 yo, menm okipan yo te fè OEA mete Martelly nan dezyèm tou prezidansyèl yo sou baz kontaj yon echantiyon bilten vòt yo. Direktè jeneral KEP 2010 la te li menm deklare rezilta li te bay pou dezyèm tou yo, se pa li KEP a te pibliye. Kidonk nan 2 dènye eleksyon ki te fèt nan peyi a, pèp la te mobilize pou ale fè devwa sitwayen l men panzouyis etranje ak panzouyis lokal, transfòme rezilta yo an yon seleksyon pou mete prezidan yo te vle a nan tèt pouvwa ekzekitif la epi bay peyi a yon palman payaya.

Pandan tout lane 2011-2014 yo, okipan yo, pouvwa Martelly a ak gwo potanta ekonomik yo kenbe peyi a anba yon kriz elektoral anpèmanans. Yo sèvi ak koripsyon pou mete 49èm lejislati a sou kontwòl, yo fè tout mizanplas pou piyaj la kontinye epi ranfòse rèy enpinite a nan peyi a. An janvye 2015, lè kriz elektoral sa a te rive nan bout li, okipan yo, oligachi a ak pouvwa anplas la sèvi ak pretèks vid konstitisyonèl pou fè sosyete a pè. Yo rale kèk pati politik ki t ap tann tou pa yo, nan yon gouvènman tranzisyon pataj gato epi yo fè kèk òganizasyon nan sosyete sivil la kouri prese, bay yon KEP bouyi vide pou òganize nan tèt cho eleksyon pou 2 tyè sena a, tout chanm depite a, prezidan ak kolektivite teritoryal yo.

Fwa sa a, plan elektoral makawon enperyalis yo ak oligachi a pa t genyen fè sanblan ladan l. Depi an lagan yo pran kontwòl KEP ak tout machin elektoral la. Premye manch swadizan eleksyon 2015 yo te òganize nan gwo konfizyon ak mikmak. Jou 9 dawout la, pèp la ki pèdi konfyans nan kalite eleksyon sa yo, rete chita lakay li. Jounen vòt sa a pase nan yon veritab eskandal, ranpli bwat vòt, vyolans kraze-brize, maspinay ak ansasinay. Briganday la tèlman grav l ap difisil pou kelkeswa evalyasyon serye deside ki kote eleksyon an aseptab, ki kote yo bezwen refè l. Men, KEP a ak Gouvènman san okenn lawonte ap deklare yo globalman satisfè! Enperyalis yo ak tout obsèvatè li yo - nasyonal kou entènasyonal - ap kouri di «°tout bagay pase byen sòf kèk iregilarite ki merite sanksyone ak korije°».

KEP a ak benediksyon mèt li yo pibliye 20 dawout la rezilta premye tou seleksyon an : PHTK, Verite, Bouclier, KID, INITE ak AAA tout pati pouvwa a devan toupatou nan 10 depatman yo. Tout pati ak platfòm politik, sòf sa ki nan pouvwa a oubyen ki anba lobedyans, denonse maskarad elektoral ak rezilta bouyi vide yo. Genyen ki mande anilasyon ak depa KEP a, gen lòt ki reklame yon evalyasyon endepandan epi trase yon ekzanp sou vòlò ak kriminèl elektoral yo. Majorite òganizasyon serye ki t ap fè obsèvasyon yo eksprime desepsyon ak endiyasyon yo epi mande pou dekrè elektoral la aplike.

Pou Inisyativ MPDP yon lòt fwa ankò, panzouyis yo vle efase tout aki demokratik popilasyon an ap goumen pou yo depi plis pase 29 lane. Si pati politik ak òganizasyon konsekan nan sosyete sivil la pote api yo pou seleksyon elektoral sa a kontinye, y ap antre tèt bese nan vyolasyon konstitisyon 1987 la ak dekrè elektoral 2015 lan.

Pou Inisyativ MPDP, koudeta elektoral k ap deplòtonnen la a, montre klè prezans okipan yo nan peyi a, se pou asire se toujou politisyen restavèk ki monte sou pouvwa a. Se konsa y ap rive garanti enterè majè enperyalis yo epi fasilite miltinasyonal yo ak gwo chabrak peyi d Ayiti fè plis lajan toujou epi kite pèp la kwoupi nan mizè, chomaj, grangou ak malsite.

Inisyativ MPDP ap lanse yon apèl pou sektè demokratik, patriyotik, pwogresis ak popilè yo resezi yo, ranmase karaktè yo epi makonnen ak pèp la, pou antre nan batay pou defann konkèt demokratik yo ak lavni nasyon an ki menase. Se mobilizasyon nasyonal sa a sèlman k ap pèmèt : 1) eleksyon onèt, demokratik ak patisipatif rive fèt nan peyi a; 2) Ayiti rive jwenn dezokipasyon l; 3) konstwi yon Leta granmoun ki pran an men gwo pwoblèm sosyal ak ekonomik peyi a; 4) konstwi yon sosyete kote dwa tout moun fanm kou gason, kelkeswa orijin sosyal yo respekte, satisfè ak garanti.

Aba tout fòm okipasyon°! Aba tout fòm koudeta!
Viv lit pèp la°! Viv yon Ayiti granmoun tèt li°!

Pòtoprens, 2 sektanm 2015

Pou Inisyativ MPDP,

Ernst MATHURIN /GRM

Eveline LARRIEUX / SOFA

Ollery SAINT LOUIS / Ayiti Djanm

Guy NUMA / MODEP

Pierre André GEFFRARD / KRPBB