Español English French Kwéyol

Ayiti : Moun ak òganizasyon nan depatman Nip mande prezidan Martelly prezante eskiz piblik bay fanm li derespekte piblikman nan Miragwàn

Deklarasyon kek oganizasyon ak pesonalite nan depatman Nip lan sou move konpòtman prezidan Repiblik la kont yon fanm nan miting pati li a t ap fe nan Miragwàn nan lannuit madi 28 jiye 2015.

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 6 out 2015

1. Nou menm manm Oganizasyon k ap defann Dwa moun, espesyalman dwa Fanm nan depatman Nip lan ;

Nou menm kèk pèsonalite k ap fè edikasyon timoun nan depatman Nip lan ;

Nou leve vwa nou pou nou di jan nou estomake, endiye lè nou tande jan prezidan Repiblik la pèmèt li derespekte piblikman yon sitwayèn nan Miragwàn nan mitan yon miting pati li a t ap fè nan lannuit madi 28 jiyè 2015 la.

2. Madanm sa a te gen kouray di Chèf Leta a li pat kenbe pwomès li te fè popilasyon Miragwàn nan lè l t ap fè kanpay an 2010 pou li te vin prezidan peyi a. Sa w tande a, prezidan an deraye, li deklannche sou madanm nan yon voum betiz sal moun debyen paka menm repete pa respè pou popilasyon an. Malerezman te gen yon gwoup patizan li ki te konplis li nan pran plezi nan zak vyolans sa a.

3. Konpòtman matchis sa a pa kadre ni ak respè Dwa moun ni ak fonksyon prezidan yon peyi. Plis toujou, nan kilti pèp ayisyen an lè yon moun ap di betiz nan lari, sa vle di se yon moun fini. Li pa respekte figi moun k ap tande l yo, li derespekte pèsonalite moun l ap joure a, met sou sa li avili pwòp tèt pa li epi li pa gen okenn krentif pou Bondye ki kreye gason ak fi potre avèk li.

4. Se poutèt sa nou mande Prezidan Repiblik la prezante ofisyèlman eskiz li bay fanm sa a prese prese nan Palè Nasyonal devan laprès ;

5. Kòm move konpòtman sa a derespekte tout nasyon an, se pou Palmantè ki pral monte sou pouvwa yo pran angajman vote yon lwa ki sanksyone tout sèvitè leta, espesyalman Prezidan ak ansyen prezidan Peyi a, ki oze di betiz nan figi moun oubyen fè vyolans vèbal sou fanm. Konsa p ap gen okenn zotobre k ap pèmèt yo vin fè vyolans sou fanm ankò ni nan Nip lan ni nan okenn lòt depatman peyi a. Se pou tout òganizasyon k ap defann Dwa moun yo fè yon gwo pledwaye pou yon lwa konsa rive vote.

6. Nou ankouraje tout edikatè ak tout lidè relijye yo espesyalman Relijyon pou lapè pran pozisyon kont zak sa a onon lamoral ak nesesite pou respekte dwa tout moun espesyalman dwa fanm yo ;

7. Nou egzije moun ki reskonsab òganize eleksyon yo aplike sa atik ki nan dekrè ektoral la di kont tout kandida ak pati politik k ap preche lavyolans yo.

8. Bò kote nou menm manm Oganizasyon ak pèsonalite nan depatman Nip lan ki siyen deklarasyon sa a, nou pran angajman pou nou pa sitire okenn Moun fè ni vyolans senbolik ni vyolans fizik sou pèsonn, espesyalman sou fanm, nan okenn enstitisyon piblik kou prive n ap dirije.

Miragwàn jou ki 6 dawout 2015

Pou otantifikasyon
Maille-line JEUNE, Konbit Fanm Peyizan NIP (KFPN)
Edeline NICOLAS, Konbit Fanm Peyizan Dipak (KFPD)
Acélita Lubin, Konbit Peyizan Abranm (KOPA)
Pè Yves VOLTAIRE (edikatè)
Pastè Orus RICHARD (edikatè)
Fr. Jn Batiste Casséus (direktè lekòl)
Jn Baptiste Jn Renel (Enjenyè)
Louberson Vilson
David Doret, Komite jèn Difou (KJD)
Berthony PIERRE-LOUIS
Francoeur PIERRE
Jn Wilner Thomas, Konbit Peyizan Nip (KPN)