Español English French Kwéyol

Ayiti : Ansyen mennaj atis Regina Nicolas sasinen li - SOFA afime kòlè li epi li mande jistis

"Yon krim anplis, twòp se twòp!"

Kominike Solidarite Fanm Ayisyen

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 30 avril 2015

Solidarite Fanm Ayisyèn –SOFA, aprann avèk anpil kolè zak ansasinay Youri Beaubrun fè sou Regina Nicolas alyas Joun Lascony, yon jèn fanm 26 lane. SOFA, pataje lapèn fanmi, tout pwòch ak kòlèg Regina Nicolas ki mouri anba zak vyolans mouche gason, jou 28 avril 2015 lan. Dapre enfòmasyon nou tande nan laprès, zak ansasinay sa a fèt devan lopital general ozanviwon 9-10è diswa.

Zak sasinay jèn fanm atis sa a, se yon egzanp ki montre aklè kouman kesyon vyolans gason ap fè sou fanm nan kapab rive nan lanmò, sa vle di nan tobout la. Chemen bouton se chemen maleng. Vyolans tanmen nan ti kontwòl, presyon, jouman pase nan baton anpil fwa li al bout nan lanmò. Konsa, nou rete kwè, Youri Beaubrun touye Regina ak fèm konviksyon. Se pa yon aksidan, se yon desizyon mouche a pran, se sa ki esplike li te mache ak tout ponya li.

N ap fè remake zak sasinay sa a fèt nan yon katye kote anpil moun ap frekante, devan yon gwo enstitisyon piblik ki se lopital Inivèsite Leta d Ayiti (HUEH). Anplis, nan yon lè kote moun ann aktivite. Pirèd, nou gen enfòmasyon plizyè moun te kanpe ap asiste agresè a kap bat viktim lan ak anpil koutpwen. Li mande sekou, pèsonn pa pote l sekou, jouk Youri Beaubrun rale ponya li ponyade Regina Nicolas ki mouri tousuit apre.

SOFA ap atire atansyon sou lefèt, moun rasanble, moun yo endiferan menm lè y ap tande tout soufrans, tout rèl viktim lan, yo temwen zak kriminèl sa a jouk jènfi sa a pèdi lavi li. Kifè, nou byen regrèt konstate yon lòt fwa ankò gen moun nan popilasyon an ki tolere kalte zak sansinay sa a paske yo kontinye tolere vyolans sou fanm. N ap pwofite fè tout moun sonje dapre prensip sivik ak moral yo, lè yon moun an danje, lòt moun blije pote l sekou; lè lavi yon moun an danje se yon obligasyon sitwayen ak sitwayèn yo genyen pou pote l sekou. Kisa ki esplike atitid moun ki t ap asiste zak sa a? Eske atitid sa se nan vizyon, lè yon nèg genyen oswa te gen relasyon ak yon fanm, li gen dwa sou fanm nan, sou kò l ak sou lavi l jan l pito?

Anmenmtan tou, nou soulaje tande Lapolis gen tan met men sou kriminèl la. Jodia li nan men Lapolis, fò Youri Beaubrun jije kòmsadwa epi jwenn sanksyon li merite.

Nan Solidarite Fanm Ayisyèn, SOFA nou gen anpil kè sote lè n ap konstate kouman krim gason ap fè sou fanm, jouk rive nan lanmò, ap miltipliye nan anpil zòn nan peyi a. Depi plizyè lane, SOFA ap atire atansyon sou plizyè fanm, mari oswa mennaj ap ansasinen. N ap fè sonje, nan lane 2004 nou te denonse 6 zak ansasinay mouche gason fè sou fanm yo gen relasyon avèk yo, ladan yo, yon enfimyèz ansèvis nan lopital Gonayiv. Nou sonje 24 desanm 2005, kijan sosyete ayisyèn lan te sou chòk devan ansasinay sovaj Ginoue

Mondesir, patnè li Valdo Jean te ansasinen, kote li te masakre li avèk yon dyak machin, 22 desanm 2006, Vail Estime te koupe tèt Elsie Rosilien jèn fanm 24 lane, manman pitit li ; lapolis te dekouvri kadav la ; 15 avril 2007, Ronald Hogu touye ak kout manchèt, Dania Alexandre, 30 lane, nan Kwadepre, Ansasen te sove ak konplisite moun lan zòn li ki te ba li rad pou l chape. Dania Alexandre mouri kite yon pitit fi 4 lane edmi. Nan Leyogàn, nan dat 9 septanm 2010, Bejing Charles 29 lane, mouri anba bal nan mitan lanwit tan li te lakay li ak mari li. Menmlè, lajistis pat rekonèt mari a koupab, kondisyon lanmò li pa janm klè.

Nan SOFA, nou revolte devan sovajri ki akonpaye zak vyolans k ap fèt sou fanm yo chak jou pi plis. Nou pi revòlte toujou lè nou konstate otorite yo pa trete kalite krim sa yo nan tout dimansyon yo pou anpeche yo kontinye estwopye, touye fanm yo nan sosyete ayisyèn la. Nou konnen feblès sistèm jidisyè a, se pou sa gen nesesite pou tout enstans Leta ki konsène tankou Ministè Fanm, Ministè Lajistis sispann trete pwoblematik vyolans sou fanm nan pa ti godèt. Se nan lespri sa a SOFA pa janm sispann revandike ak pwopoze pou Responsab Leta yo defini yon lwa kad jeneral ak yon politik global kont vyolans sou fanm tan y ap ranfòse estrikti yo pou frennen reny enpinite a ki se yonn nan gwo faktè ki esplike fason fanm yo jouranjou ap viktim zak vyolans pase yo se Fanm.

SOFA leve vwa li bye wo pou mande responsab lajistis yo pran dispozisyon pou jije Youri Beaubrun pou krim san fwa sa a li fè sou Regina Nicolas. N ap mande lajistis aplike lalwa kòm sa dwa, nan aplike atik 10 dekrè jiyè 2005 lan ki modifye atik 269 Kòd Penal la ki elimine koze krim pasyonèl la. Sonje, se bonjan desizyon jistis kont agresè yo, kont kriminèl yo k ap pèmèt nou koupe fache ak reny enpinite a. Se youn nan mwayen pou dekouraje agresè, kriminèl y kontinye aji san kè sote. Konsa tou, lè lajistis aji, plis fanm ap gen konfyans nan sistèm la pou denonse zak vyolans yo viktim epi pran chemen lajistis.

SOFA ap kontinye mande fanm yo, rès popilasyon an rete vijilan, kontinye denonse zak vyolans sou fanm. Paske konbat vyolans sou fanm se reskonsablite nou tout, sitwayèn, sitwayen, Leta.

Chak fanm ki mouri anba zak vyolans se yon lanmò sosyete a te kab anpeche
Nou pap kontinye konte kadav fanm.

Pòtoprens, 30 avril 2015

Pou SOFA,

Olga BENOIT

Chaje Pwogram sou Aks Lit Kont Vyolans sou Fanm