Pòtoprens, 30 avril 2015 [AlterPresse] --- Pwofesè lekòl piblik yo ranvwaye, pou koumansman mwa me 2015 lan, grèv yo te konte fè nan finisman mwa avril la.
Ministè edikasyon nasyonal pwomèt pou satisfè revandikasyon yo.
Resevwa lajan yo pa touche depi plizyè mwa, yon kat asirans sante ak fasilite pou yo jwenn kredi pou yo ka amelyore kondisyon lavi yo, se kèk nan revandikasyon pwofesè lekòl piblik yo. [jep rc apr 30/04/2015 2:00]