Pòtoprens, 29 avril 2015 [AlterPresse] --- Nou jwenn yon eritaj lou. Nou gen difikilte pou fè yon bann dosye konplike mache kòmsadwa.
Se sa premye minis Evans Paul deklare, jedi 23 janvye 2015 la,, nan moman li t ap eseye fè yon ranmase 100 premye jou gouvènman li an.
Anpil nan travay Leta dwe fè yo, se chantye konstriksyon gouvènman Jan Maks Bèlriv (Jean Max Bellerive) ak gouvènman Loran Salvadèo Lamòt ( Laurent Salvador Lamothe) te bay konpanyi senatè dominiken Feliks Baoutista (Felix Bautista) egzekite.
Tout chantye yo kanpe. Gen anpil reta nan travay chantye sa yo. [jep rc apr 29/04/2015 0:00]