Pòtoprens, 30 avril 2015 [AlterPresse] --- 4 òganizasyon k ap defann dwa moun mande popilase nanyon an leve kanpe, mèkredi k ap 6 me 2015 lan, kont enpinite, espesaylman kont desizyon pograme pou retire nan prizon Woudli Eteya (Woodly Ethéart, Sonson La Familia) ak Renèl Nèlfò (Renel Nelfort, Renel le récif).
Mach lan ap derape douvan estati Jan Jak Desalin, sou channmas, Pòtoprens. L ap fè yon kanpe devan ministè lajistis epi l ap fini douvan tribinal sivil Pòtoprens lan.
Se Konsèy ayisyen aktè ki pa nan Leta yo, Solidarite fanm ayisyèn (Sofa), kolektif 4 desanm (ki rasanble divès moun k ap mande yon lòt kalite relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominiken) ak Rezo nasyonala k ap defann dwa moun yo (Rnndh) ki mande mach san bri sant kont, nan dat 6 me 2015 lan, kont enpinite k ap taye banda nan peyi a.
Semenn pase, ansyen dwayen tribinal sivil Potoprens lan, Mèt Remon Jan Michèl (Raymond Jean-Michel), rekonèt, li te fè erè nan dosye Woudli Eteya ak Renèl Nèlfò a.
Se mèkredi 22 avril 2015, devan konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (Cspj), Mèt Remon Jan Michèl di li rekonèt tò li nan dosye a.
Yo repwoche Jan Michèl dèske li te distribye dosye sa a bay jij tèt chaje Lama Belizè (Lamarre Bélizaire), alòske 2 akize nan dosye a te gen tan ale nan apèl.
Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a mete mèt Bèna Senvil (Bernard Saint-Vil) kòm dwayen sivil tribinal potoprens lan, nan plas Mèt Remon Jan Michèl.
Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a tou deside louvri yon ankèt sou Lama Belizè, gouvènman an te foure, kòm jij, nan sistèm lajistis an Ayiti a, san li pa respekte prensip yo, dapre òganizasyon k ap defann dwa moun yo.
Sou pretès li pa jwen prèv, Lama Belizè deside, vandredi 17 avril 2015, retire nan prizon Woudli Eteya ak Renèl Nèlfò.
De (2) mesye sa yo pami 15 moun, lajistis dwe jije pou zak kidnapin, malfèktè, trafik dwòg, asasinay, posede zam san lese pase lalawa, sèvi ak lajan ki fèt nan move zafè, ak krim òganize.
Woudli Eteya ak Renèl Nèlfò, 2 nan responsab gang Galil, ta rive ranmase apeprè 2 milyon dola ameriken, nan men 13 viktim kidnapin, ant 11 janvye 2011 pou rive 18 janvye 2014. [jep rc apr 30/04/2015 0:00]