Español English French Kwéyol

Ayiti-Eleksyon : Eske Kep a ap bay madan Mateli Kanè ?

Pòtoprens, 28 avril 2015 [AlterPresse] --- Popilasyon an ap rete tann desizyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep a) pral pran sou ka divès moun, ki pa ta sipoze jwenn lese pase pou al patisipe nan eleksyon pou senatè ak depite, yo prevwa pou dimanch 9 dawou 2015 la.

Se ka Sofya Senremi Mateli (Sophia Saint-Rémy Martelly) ak Woudòlf Boulos (Rodolphe Boulos).

Madan Mateli, yo sispèk ki gen nasyonalite ameriken, enskri tèt li pou ta vin senatè depatman lwès.

Se sou banyè yon pati tou nèf, moun pa t janm tande pale de li, yo rele Boukliye, madan Mateli prezante tèt li, alòske pati Michel Mateli a rele Pati ayisyen tèt kale (Phtk).

Anplis, manmzèl poko rann kont sou 234 milyon dola ameriken li te gen nan men l kòm prezidant komisyon kont malnitrisyon ak grangou. Nan dat 24 janvye 2012, Michel Mateli te lonmen madanm ni Sofya Senremi kòm alatèt komisyon kont malnitrisyon ak grangou.

Kesyon nasyonalie ameriken ak dechay, manmzèl pa genyen an, se sa pou pi piti sis (6) moun, ki pa dakò ak enskripsyon l pou vini senatè, repwoche l.

Bri k ap kouri nan lari a fè konnen nan koumansman ane 2015 lan, sèvis imigrasyon ta remèt ba li yon paspò ayisyen.

Senatè Estivenn Ivèson Benwa (Steven Irvenson Benoît) deklare madan Mateli se Nouyòk li fèt.

Nan ankèt li te fè sou Michel Mateli, sena a te dekouvri anpil bagay kwochi. Michel Mateli te prezante paspò ayisyen ki dire 10 zan, alòske jis jounen jodia (28 avril 2015) sèvis imigrasyon pa janm delivre bay pyès moun an Ayiti paspò k ap dire 10 lane.

Anpil moun sispèk gen bagay dwòl, ki ta pase nan sèvis imigrasyon sou kesyon paspò Michel Mateli a.

Epi, yon anbasadè ameriken vin di Mateli pa ameriken.

Ki yès k ap kase fèy kouvri sa ?

Sena a ak chanm depite a pa rapousuiv dosye nasyonalite Michel Mateli a, ki parèt pa t gen anyen pou wè ak Ayiti depi plizyè lane.

Epi, brid sou kou, Oganizasyon leta ameriken vin mete yon bandi legal nan tèt peyi a.

Tout moun ap rete tann. Gen bouch ki pale, k ap mande nan ki bi ekip sa a enterese pou kenbe mayèt payi a.

Yon lòt bò, senatè Jan Batis Byenneme (Jean-Baptiste Bien-Aîmé), ki soti nan depatman Nòdès, mande Konsèy elektoral povizwa a pran men l sou ka Woudòlf Boulos (Rudolph Boulos) ki te blije kite sena a, sa gen kèk ane, apre yon ankèt te dekouvri li fèt Ozetazini. Boulos enskri kòm kandida pou vin senatè nan depatman Nòdès.

Se nan dat 18 mas 2008 sena a te met Woudòl Boulos atè kòm senatè, pou kesyon nasyonalite. Apre desizyon sa a, Boulos te kite peyi d Ayiti. Se nan dat samdi 11 septanm 2010 li retounen an Ayiti.

Gen 111 ka, pami yo Sofya Senremi Mateli ak Woudòlf Boulos, konsèy elektoral povizwa a sipoze bay kanè, oubyen di yo gen lese pase pou al patisipe nan eleksyon dimanch 9 dawou 2015 yo. [rc apr 28/04/2015 0:00]