Nòt pou Laprès Mouvman Demokratik Popilè
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 2 oktòb 2004
Pou noumenm nan Mouvman Demokratik Popilè (MODEP), evennman ki pase nan lannuit 18 septanm 2004 la nan vil Gonaiyv, ak nan Nòdwès peyi a, se pa yon aza. Plizyè moun ak òganizasyon te prevwa yon katastwòf te ka rive nan nenpòt ki moman nan nenpòt ki zòn nan peyi a. Evennman Fon Vèret yo se te yon premye anons. Si sa rive la, se pa paske pèp ayisyen oubyen moun Gonaiyv ak moun Fon Vèrèt se malfektè tankou jan yon bann pawòl vle fè kwè, sinon se pa yo menm ki t ap viktim.
Degradasyon an, se konsekans debwazman san rete teritwa nasyonal la, ki limenm gen rasin li plonje byen fon nan istwa peyi a, li gen pou wè ak sistèm kapitalis la ki bay yon tip rapò lezòm avèk lanati, li gen eksplikasyon nan rapò sosyal gwo vale piti a ki kontinye nan peyi a apre lendepandans, nan iresponsablite dirijan ayisyen yo pa rapò ak enterè mas popilè yo.
An reyalite debwazman peyi a kòmanse depi sou kolonizasyon an pou l vin anvlimen nan peye dèt lendepandans lan: gouvènman yo bay yon bann boujwa otorizayon pou koupe pye bwa kanpèch, gayak, kajou, sèd elatriye pou vann nan peyi etranje. Kidonk, premye peyi ki jwe yon gwo wòl nan debwazman peyi a se Lafrans, san nou pa vle di prezidan Bwaye ak Jefra te inosan nan kesyon an.
Sistèm kapitalis la limenm ki chita sou yon fòm eksplwatasyon travayè, ap detui lanati pandan l ap kraze fòs kouray yo. Pami gouvènman peyi ki swadizan ap ede nou yo nan Gonayiv nan moman katastwòf sa a genyen ki pa janm asepte siyen Pwotokòl Kyoto pou frennen rechofman planèt la sou efè oksid kabòn izin yo lage nan atmosfè a. Tou sa pou evite gwo konpayi miltinasyonal depanse nan lajan yo fin reyalize sou do travayè pou pwoteje anviwonman an. Se menm Konpayi sa yo ki deja ale ak yon bò nan forè amazonyèn ki se poumon planèt la nan koupe bwa san kontwòl. Kapitalis yo pa gen okenn sousi pou renouvle resous y ap itilize si sa koute yo lajan.
Yon lòt bò, anpil nan bwa ki koupe nan peyi a ateri nan ’’dry cleaning’’, boulanje, gildiv yo ak kèk izin paske aktivite sa yo rapòte kòb. Ti kapitalis tankou gwo kapitalis ap depafini peyi a. Kidonk debwazman peyi a fèt nan avantaj klas dominant yo.
Se nan menm sans sa a gouvènman Bonifas - Latòti a responsab nan sa k pase nan Gonaiyv la, paske li te ka fè netwaye rivyè ozalantou vil la pou evite yo debòde. Gouvènman an pa ka di se resous li manke pou sa, lè sektè prive ki kontwole komès peyi a anpoche 4 milya goud pou pi piti chak ane nan kad politik liberalizasyon enpòtasyon yo kote leta retire yon bann dwadwà n sou pwodui enpòte yo.
Gen gwo enterè dèyè katastwòf nan peyi a, gen moun ki sèvi ak dezas yo pou bati richès yo sou malè pèp ayisyen, gen nèg ki regrèt poutèt siklòn Ivan pat pase pa bò isit. Nan menm sans la, gen moun ki planifye dezas yo. Pa egzanp, gen yon pwojè dekrè sou itilizasyon karyè sab yo, men presyon kèk minis mete dekrè sa a nan tiwa. Akoz enterè sa yo, finalman se yon moso nan dekrè a k ap aplike, se karyè sab laboul sèlman ki konsène, poukisa ? Eske sa vle di yon fwa yon pati nan kapital la pwoteje, katastwòf gen dwa pase lòt kote nan peyi a menm jan ak gonaiyv ?
Konsa, MODEP mande mobilizasyon ak leve kanpe tout popilasyon an pou fè presyon sou gouvènman an pou pitit pèp la sispann konte kadav akoz rapasite kèk endividi nan sosyete a.
.
Pòtoprens 2 oktòb 2004
Pou Kòdinasyon MODEP:
Yves Barthélemy
Samuel Regulus
Frantz Moise