Español English French Kwéyol

Ayiti : Premye son klòch represyon 2015 la sonnen, dapre Inisyativ MPDP

Deklarasyon Inisyativ Pou Mete Kanpe
Mouvman Patriyotik Demokratik Popilè
(Inisyativ MPDP)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 25 janvye 2015

Samdi maten 24 janvye 2015 lan, se avèk anpil chòk, anpil endiyasyon, Inisyativ MPDP aprann arestasyon ilegal, abritè, san manda Agwonòm Gérald Mathurin, manm KROS, youn nan òganizasyon manm Inisyativ MPDP. Inisyativ la denonse jan yo arete yon sitwayen sou baz akizasyon fantezis yon moun, anvan tout ankèt.

Jij Elie Armand prezante l lakay agwonòm Gérald Mathurin ak sòlda MINUSTAH, fonksyonè Seksyon Dwa Moun fòs okipasyon an epi lapolis Jakmèl. Inisyativ MPDP pa konprann kouman sòlda MINUSTAH ka gen konpetans pou fè operasyon polis. Pa gen okenn sitwayen ki konn dwa yo ki ta ka aksepte fè temwayaj devan yon jij ki ankadre ak fòs MINUSTAH ki ilegal nan peyi a.

Jij toudenkou Elie Armand fèk rive nan pozisyon sa a ak rekòmandasyon Joseph Lambert. Non Jij sa a pa parèt sou okenn lis ofisyèl CSPJ. Jij la ta sipoze ap fonksyone nan jiridiksyon Lamontay, li pa gen ankenn krent pou debake Jakmèl al arete Agwonòm lan dèyè do lalwa, nan yon lòt jiridiksyon. Eske jij Elie Armand gen yon jiridiksyon san limit ? Eske Jij Elie Armand vle di popilasyon an, li gen tout garanti paske se Joseph Lambert, youn nan poto mitan pouvwa defakto Martelly/Paul la ki nonmen l ? Eske jij la vle di pouvwa l san limit?

Dapre tout enfòmasyon Sekretarya Inisyativ MPDP resevwa li klè se yon montaj politik ki fèt pou jete nan prizon yon sitwayen onèt e respektab ki pase yon gwo pati nan lavi l ap defann kòz peyizànri an, espesyalman kòz peyizan pòv nan Sidès yo. Akizasyon yo mete sou do agwonòm Gérald Mathurin an san fondman. Yo raple nou latriye move kou ak mannigèt ansyen senatè Joseph Lambert abitye bay pou vòlè pouvwa nan depatman Sidès la.

Sa fè kèk tan, tout popilasyon an konnen Joseph Lambert te toujou vle mete tout kalite akizasyon sou do Agwonòm Gérald Mathurin. Se toujou mobilizasyon popilasyon an ki chak fwa fè li fè bak sou plan malouk li yo. Jodi a, èske Joseph Lambert santi ak nouvo gouvènman defakto a, pouvwa l ogmante ki fè li relouvri paj pèsekisyon politik li yo kont Agwonòm Gérald Mathurin? Eske gouvènman K-Plim nan ofri Lambert tout kouvèti ak garanti pou koupe rache jan li vle nan peyi a, arete moun, fè pèsekisyon politik sou moun li vle?

Inisyativ MPDP di Joseph Lambert ak tout akolit li yo se byen konte mal kalkile, popilasyon ayisyèn nan pap kite kou sa yo pase ankò. Kouraj, detèminasyon, presyon ak mobilizasyon KROS, òganizasyon Defans Dwa Moun yo, laprès ak tout òganizayon patriyotik yo te rive fè yo libere Agwonòm Gérald Mathurin menm jou a nan aswè. Men lapolis Jakmèl mande l pou l ale nan yon swadizan entèwogatwa lendi maten, alòske yo pa genyen okenn dosye sou li, ni pa gen plent ki pote kont li!

Arestasyon ilegal sa a se yon gwo siyal ki montre fòs fè nwa yo pare pou fè tout kalite manti, manipilasyon, montaj epi prepare tout kalite move kou pou eseye bloke fòs demokratik ak popilè yo pou anpeche peyi a reyalize eleksyon lib, onèt, transparan ak patisipativ nan lane 2015 lan.

Inisyativ MPDP lanse yon apèl vijilans toupatou nan peyi a ! Veye anwò veye anba ! Defakto yo ap prepare tout vye konplo makab pou demobilize popilasyon an, kite l kwoupi nan lamizè, fè l panike. Fòk tout òganizasyon patriyotik, demokratik ak popilè yo pare yo pou yo kanpe anfas konplo sa yo.

Inisyativ MPDP a rete kwè se nan goumen fòs patriyotik, demokratik ak popilè yo ap devlope plis kapasite pou kontinye defann dwa ak enterè popilasyon an. Inisyativ la rete kwè lajistis ap fini pa pote laviktwa. Men pou sa fòk fòs òganize pwogresis ak popilè yo pa lache, fòk nou rete mobilize, ranfòse òganizasyon nou yo, pou nou pare pou kwape tout move je, tout pouvwa abitrè, tout pisans etranje ki vle enpoze peyi a dikta yo.

100 tan okipasyon sou divès fòm se twòp atò!

Viktwa, se pou pèp k ap goumen!

Pòtoprens, 25 janvye 2015

Pou otantifikasyon :

Ernst MATHURIN /GRML.................................................................................

Eveline LARRIEUX / SOFA ..............................................................................

Ollery SAINT LOUIS / Ayiti Djanm....................................................................

Guy NUMA / MODEP.......................................................................................

Pierre André GEFFRARD / KRPBB.....................................................................