Kominike Solidarite Fanm Ayisyen
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 22 janvye 2014
Solidarite Fanm Ayisyèn.- SOFA suiv ak anpil enterè mekanis divès sektè sosyete sivil la tabli pou chwazi yon sitwayen /sitwayèn pou voye yo nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a.
Nou obsève anpil ladan yo, menm jan ak SOFA, te antann yo sou kritè yo defini ansanm pou kab pèmèt yo fè chwa sa a nan tout transparans epi dapre prensip demokratik yo.
Malerezman nan rankont ki te fèt jedi 15 janvye 2015 nan lokal SOFA, nan moman deklarasyon kandidati yo, patizàn yon kandidat pou pòs konseyèz nan KEP la pat ofri posiblite pou fè egzèsis demokratik sa a. Se nan bri, menas, entimidasyon, presyon yo te kwè.
Konsa, pat gen okenn mwayen pou nou gade ansanm nan tèt frèt si kandidat yo reponn ak kritè yo epi kreye kondisyon pou tout kandidat gen menm chans.
Pou tout rezon sa yo, SOFA retire kò l nan pwosesis la. Nan sans sa a, SOFA pa gen anyen pou l wè ak chwa kèk òganizasyon fanm fè pou voye yon fanm nan KEP la.
SOFA ap fè sonje, lè li te asepte kòdone pwosesis la ak yon lòt òganizasyon sè nan yon konjonkti politik esepsyonèl kote pa gen Palman, pouvwa jidisyè pap fonksyone, Premye Minis pa jwenn benediksyon Palman an, se te yon fason pou pote kole nan jefò k ap fèt pou popilasyon an, fanm kou gason, gen konfyans nan enstitisyon k ap òganize eleksyon an.
Nou konnen byen, prezans yon seri pèsonalite kapab mete sitwayen ak sitwayèn yo an konfyans tankou sa kapab fè yo boude pwosesis la oubyen mete an kesyon rezilta ki soti nan eleksyon. Konsa noumenm anndan SOFA nou te kwè se yon gwo responsablite nou genyen pou sektè fanm nan pa tounen rampa pou okenn Pati Politik patikilyèman Pouvwa a, vin pran woulib.
Nou kontinye denonse tout mannèv politisyen tradisyonèl, yon kandidat pou pòs konseyèz nan KEP la k ap mache bwote fanm adwat agoch pou vin vote anfavè l. Sa vle di, fanm sa a ki swadizan reprezante sektè fanm, pran KEP la daso menm jan ak ansyen Prezidan CSPJ ki te fè magouy pou li dènye fwa a lè KEP la t ap fòme a.
Pandan SOFA kontinye deklare fòk Politik fèt yon lòt jan nan peyi, n ap mande sektè ki konsène andedan pwosesis mizanplas KEP la, menm jan ak tout rès sosyete a, pou leve kanpe kont demach malonèt sa a ki pa gen lòt objektif : vin anpwazonnen machin elektoral la pou louvri wout magouy nan enterè pouvwa Tèt Kale a.
Chemen bouton se chemen maleng . Se depi kounye a tout je dwe kale pou bare wout magouyè avan li two ta.
Yon lòt fwa ankò SOFA di : Lit fanm nan , se lit tout mas pèp la !
Pòtoprens, 22 janvye 2015
Pou SOFA
Marie Frantz JOACHIM
Kòdonatris Jeneral