Edner Fils Décime
Jounalis, etidyan finisan nan depatman Kominikasyon sosyal nan fakilte Syanzimèn Inivèsite Leta Ayiti
Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 11 janvye 2015
Nan lokazyon 5 lanne depi yo te fè kò sasinay sou pwofèsè, chèchè, doktè nan sèvis sosyal (inivèsite Pernambouco nan peyi Brezil) nan inivèsite leta Ayiti a Jn Anil Louis-Juste – kèk èd tan anvan gwo tranblannlatè a t ap al frape peyi dAyiti 12 janvye 2010 la – nou chwazi pibliye atik sa a nan sans pou bay potorik gason sa a yon gwo kokenchenn omaj.
Atik sa a ap kwaze konsèp « servo-capitalisme (kapitalis restavèk, kapitalis tchoul) » desalinyen liberatè, entèlektyèl popilyè ayisyen Louis-Juste pwodui ak « Capitalisme épipériphérique » ki se konsèp tounèf Franck Seguy pwopoze nan tèz doktora li pou pou kalifye sitirasyon peyi dAyiti nan aplikasyon politik ansanm enstisyon kapital transnasyonal la (Entènasyonal kominotè a ).
Kisa Janil rele « Kapitalis restavèk la » ?
Menmsi se depi l sot fè metriz li Brezil nan lanne 1999, konsèp la t ap bouyi, men se nan lanne 2003 lò li pibliye liv « De la crise de l’Education à l’éducation de la crise en Haïti », Janil ap mete konsèp « kapitalis restavèk (servo capitalisme) » la deyò.
Nan liv sa a li devlope konsèp la plizyè kote. Gen de lè li di « Capital servile » gen lòt kote li di « Servo-capitalisme » kareman.
Nan paj 155 liv la li reponn konsa :
« Se fòm kapitalis dominan an pran nan relasyon ekonomik ayisyèn yo. Bò isit, Kapital la depann yon bò sou pwodiksyon danre yo ki pa fèt nan yon lojik kapitalis epi yon lòt bò li mare nan pye tab distribisyon pwodui ki fèt lòt bò dlo pou repwodui tèt li epi asire ejemoni li an Ayiti. »
Sa vle di boujwazi bò isit la se yon boujwazi restavèk. Kidonk nou anfas yon kapital tchoul. Yon kapital ki pa gen kapasite pou l panse epi mete an plas pwòp baz pou l ranmase, akimile, fè tiyon epi layite kò l.
Janil mete aklè pou di Boujwazi konpradò a, koutye kapital transnasyonal la pa gen okenn pwojè otonòm pou l egziste. Fòk li peze souse ti peyizan yo – nan relayson demwatye a- pou l ka distribye danre yo epi fòk li tounen koutye nan achete pwodui ki fèt lòt bò dlo, manje, rad, zouti, an gwo pèpè pou vin revann nan peyi a.
Se nan menm lojik kapitalis restavèk sa ki fè nan sistèm edikatif peyi dAyiti a yo pa konekte l ak pwòp reyalite peyi a. Keksyon sosyal latè a p ap poze nan medyasyon edikativ la, pa egzanp. Mete sou kote ki karakterize sistèm nan pa inosan nan plan pou prepare peyi a pou kapital etranje a layite kò l epi byen chita Ayiti nan kad fòmasyon « bra san sèvè l » yo. Annik fè yon kout je sou Refòm Bernard la ak nan Plan nasyonal edikasyon ak fòmasyon an ou va konprann sa.
Poze tèt nou keksyon byen eske nou wè gen yon rezistans boujwazi restavèk la kont politik-slogan « Ayti louvri pou biznis la ». Paske se pa plas pou antrepriz kapitalis nasyonal yo non gouvèlman ki la kounye a ap fèt.
Sa pa deranje boujwa restavèk bò isit paske kapitalis tchoul yo ye a se sou baz sa li fonksyone. Pi gwo defansè enterè Kapital transnasyonal nan peyi dAyti se kapitalis restavèk k ap tann rès la.
Rapò tchoul grandonboujwa genyen ak kapitalis la kreye nan depandans ekonomik, politik ak kiltirèl peyi a parapò ak Enperyalis ewopeyen nan yon premye moman pou vin meriken nan yon lòt moman.
Tout sa pou penmèt nou konprann makfabrik rapò kapitalis la nan peyi dAyiti se depandans, se restavèk. Kit se parapò ak travay peyizan an, kit se parapò ak kapital transnasyonal la.
Kisa konsèp Kapitalis Epiperiferik Franck Seguy pwopoze a vle di ?
Anvan an nou gade kisa Franck Seguy rele Kapitalis epiperiferik la pandan n ap sonje se nan chache konprann ki jan Entènasyonal kominotè a aplike politik repwodiksyon kapital transnasyonal la apati tranblannlatè 12 janvye 2010 la konsèp sa a boujonnen.
Si pa egzanp nan 1915 lò Etazini te bezwen pran kontwòl Ayiti li te fè sa direkteman nan debakman 28 jiyè a, depi 2004, apre koudeta 29 fevriye kont Aristid la, Etazini delege kontwòl sa – nan nivo militè – bay peyi nan periferi a ak Brezil nan tèt yo sou kouvèti Misyon Loni pou estabilizasyon an Ayiti a (Minista). Pami tout peyi sa yo ou jwenn peyi azyatik tankou Bengladesh, Nepal, Sri Lanka, Filipin, Taylann, Endonezi, Jòdani, Kijistan, Yemen, bò kote peyi afriken tankou Benen, BoukinaFaso, Bouroundi, Repiblik SantAfrik, Tchad, Ginen, Ginen-Bisawo, Madagaska, Mali, Nijè, Nijeria, Wanda, Senegal, Syera Leyone, Togo ak peyi amerik di sid tankou Anjantin, Bolivi, Brezil, Chili, Kolonbi, El Salvadò, Pewu, Paragwe ak Irigwe.
Nan nivo ekonomik, se pa Kapitalis santral la ki vin pezesouse fòs kouray travayè ak travayèz ayisyen an, se kapitalis ki soti nan peyi periferik k ap fè sa. Sòf Etazini pa egzanp deja aranje l pou yo jwenn kad jiridik ak lalwa pou yo chita esplwatasyon an ak yon seri Lwa tankou HOPE I, HOPE II, HELP, elatriye. Dapre Franck Seguy, kapitalis periferik k ap egzekite pezesouse a se tchoul Etazini yo ye.
Dènye eleksyon pou pòs prezidan nan peyi a se yon teren kote Franck Seguy montre aklè manifestasyon sitirasyon epiperiferik Ayiti a. Jounalis envestigasyon dominikèn Nuria Peria, te pwouve ni Mirlande H. Manigat ni Michel J. Martelly te jwenn finansman nan menm sous senatè dominiken, pwopriyetè gwo fim konstriksyon k ap egzekite kontra wout an Ayiti. Sa se yon prèv jounen jodi a, Ayiti pa ka fè eleksyon san Repiblik Dominikèn pa bay dizon l.
Nan yon diskisyon nou te genyen ak lotè a sou rezososyal facebook, li konfye nou pawòl sa yo « mwen site nan tèz la, temwayaj yon kizinyèz PIC [Pak Endistriyèl Karakòl] la ki di m menm kafe ayisyen yo pa gen dwa fè bay moun bwè nan PIC Karakol la. Epi depi se jou fet sendomeng, yo bay konje, poutan jou fet nasyonal ayisyen yo, ouvriye k ap travay nan konstriksyon PIC la blije al travay”.
Toujou pou chita konsèp kapitalis epiperiferik la Seguy fè remake gen yon kategori ayisyen y ap fòse kite peyi a – Peyi Kanada ofri moun ki gen gwo kalifikasyon Viza. Epi Etazini bò kote pa l ap bare lawout ak yon seri lòt kategori ayisyen. Men nan menm moman sa tou Entènasyonal kominotè a ap rale espatriye vin pran plas ayisyen ki lage kò yo Kanada yo.
Nan menm reyalite sa, Seguy penmèt nou obsève gen kategori ayisyen ki pa gen diplòm ki peye anpil lajan pou pase anba fil al chache lavi miyò nan peyi Brezil.
« konsa yo dechepiye peyi a, paske moun sa yo peye anpil lajan pou sa » dapre esplikasyon Seguy ki kwè « Brezil pa ka femen fwontyè pou pa resevwa ayisyen sila yo, paske gen tout yon endistri Brezil ki ap mande travayè ayisyen chak jou. (Anbasadè ayisyen nan Brezil la di devan mwen tanzantan antrepriz yo ap voye mande li 200 - 300 travayè ayisyen.(…)
Kapitalis epiperiferik, yon apwofondisman kapitalis restavèk la ?
Youn nan sa kifè nannan « kapitalis restavèk la » ak « kapitalis epiperiferik » la se depandans total boujwazi koutye bò isit. Nan tou de ka yo fòm kapitalis la epouze nan relasyon ayisyen yo pa gen okenn otonomi pou gen yon pwojè boujwa nasyonal.
Lè nou konsidere kouman dapiyanp k ap fèt sou ti moso tè peyizan yo ap vale teren nan kontèks eslogan « Ayti louvri pou biznis » la, se pa grandonboujwa ayisyen yo ki toke kòn ak peyizan ki gen moso tè yo, se yon seri gwo antrepriz etranje ki an jeneral soti nan peyi periferik yo. Men fòk nou di nan kèk ka ou ka jwenn yon grandonboujwa ki reprezante antrepriz sa a.
Kisa nou dwe konprann ? Boujwazi restavèk peyi dAyti a pa vin deyò nèt. Li jwenn ti souse tou nan pwojè k ap fèt nan non rekonstriksyon yo. Men li blije asosye l ak lòt antrepriz etranje pou l ka jwenn apèl dòf. Nan plizyè ka, se antrepriz etranje a ki genyen apèl dòf la epi antrepriz ayisyèn nan jwenn yon soulweyay, li egzekite.
Kidonk anplis kapitalis la depann sou travay peyizan an ki pa yon pwodiksyon kapitalis, li depann tou sou plas koutye li pou distribye pwodui ki fèt lòt bò dlo nan kad relasyon kapitalis transnasyonal (Janil dekouvri depandans sa yo li tradi nan « servo-capitalisme » nan) epi yo vin depann tou – sitou ak sitirasyon tranblannlatè 2010 la- sou ti miyèt kapitalis periferik la ka ba yo nan demach « tercerizasyon » periferi a ap fè pou sant la sou Ayiti ki li menm nan periferi a tou (Ayiti vin periferi pou periferi a, kidonk yon epiperiferi) (se 3eme relasyon depandans Franck Seguy mete aklè a nan « kapitalis epiperiferik » la).
Ayiti kidonk, toujou rete nan periferi Etazini ki kontwole tout sa k ap pase isit kit nan nivo politik, kit nan nivo ekonomik, kit nan nivo militè elatriye. Men kontrèman jan li te konn fè sa lontan, koulye a se lòt peyi ki yomenm deja nan periferi Etazini ki vin kontwole diferan nivo sa yo sou tè dAyiti. Nan ka sa a, kapitalism ayisyen an vin twouve li nan periferi yon seri lòt kapitalism ki yomenm deja nan periferi kapitalism meriken an. Men an menm tan, Ayiti toujou gen plas kòm periferi Etazini. Se sitiyasyon doub periferi sa a ki bay konsèp « kapitalis epiperiferik » la tout validite li.