Pozisyon Federasyon Gwoupman PeyizanBelfontèn (FGPB)
AlterPresse resevwa dokiman sa a 30 septanm 2004
Pwosesis degradasyon anviwonman peyi d Ayiti a pa kòmanse jodi a, li remonte depi premye kòmansman kolonizasyon peyi a. Fondamantalman fenomèn anviwonman sa a ki menase detwi tout peyi a se konsekans chwa ekonomik k ap fèt depi nan tan lakoloni pou rive jounen jodi a. Chwa ekonomik sa yo pa janm vize pwoteje ak renouvle anviwonman peyi a.
Federasyon Gwoupman Peyizan Bèlfontèn (FGPB) ap raple pou listwa, anvan debakman Kristòf Kolon bout tè nou an te gen yon kouvèti vejetal ki te depase 80%. Kouvèti vejetal sa ta pral kòmanse andomaje avèk enpòtasyon yon seri animal ki sòti an Ewòp pandan dominasyon espanyòl yo. Answit, pandan peryòd 1664 pou rive 1803, kolon fransè mennen yon vas operasyon debwazman pou yo te kapab etann plantasyon tabak, endigo, kann ak kafe. Pandan tout peryòd sa a tou, yo voye vann lòtbò dlo plizyè milye tòn bwa presye tankou : kajou, kanpèch ak bwa pen, yon pwosesis ki te kontinye pandan tout 19yèm syèk la.
Pandan fen 19yèm syèk la, pou atire envestisman etranje nan agrikilti, leta ayisyen (Nord Alexis) pral fè yon seri konsesyon forestyè tankou 60 mil ekta pou konstwi chimen anfè ak 640 kilomèt kare pou plantasyon ak yon konpayi yo rele United Haiti Cooperation. N ap raple, Geffrard an 1860 te pran 2 lwa anfavè komèsan lokal yo ak bank etranje yo, li bay yo otorizasyon pou eksplwate min ak forè nan peyi a. Malgre tout gè sa yo kolonizatè yo ak leta ayisyen mennen kont anviwonman an, kouvèti vejetal la te reprezante mwatye sipèfisi total peyi a nan kòmansman 20tyèm syèk la.
Lokipasyon ameriken yo nan lane 1915 pral pote yon gwo kou kont kouvèti vejetal peyi a. Peyizan yo pral chase nan plenn yo ( kildesak, fò libète) yo pral twouve yo nan mòn epi konpayi meriken pral dechouke pye bwa pou plante pit ak lalwa. Ayiti jis an 1950 yon fason anachik t ap voye vann lòtbò dlo bwa pou fè endistri gwo peyi yo mache.
Pou fè fas ak mizè, privasyon epi abandon, peyizan yo chase nan plenn yo pral koupe anpil bwa pou jwenn kote pou plante dekwa pou yo manje epi fè chabon pou vann nan gran vil yo. Akote kolon yo (espanyòl, franse, meriken), diktati Divalye ak militè yo epi, antrepriz kapitalis tankou : boulanjri, dry ak kèk izin ki itilize bwa, jwe yon gwo wòl nan detui anviwonnman an. Sa ki fè kouvèti vejetal peyi d Ayiti pi ba pase 2%.
Kidonk, se tout zak brital sa yo ki fèt sou anviwonnman an ki lakòz katastwòf ekolojik nou gen jounen jodi a. Se zak sa yo ki mete popilasyon ayisyen an nan konte kadav nan : Fonvèrèt, Mapou, Gonayiv, Pòdpè, Chansòl elatriye. Si anyen pa fèt pou reyabilite anviwonnman an, demen se pral Kwadèboukè, Site solèy, Taba, vil Pòtoprens, Okap, Okay elatriyeÂ…ki pral viktim yon fwa ankò.
Devan malè pandye sa ki chita sou tèt popilasyon an FGPB mande pou leta pran mezi sa yo :
1. Dekrete alèt jeneral sou tout peyi a
2. Dekrete peyi d Ayiti an eta dijans sou plan ekolojik
3. Pran yon dekrè entèdi eksplwatasyon anachik tout karyè nan peyi a
4. Kontwole kesyon konstriksyon anachik k ap fèt toupatou nan peyi a
5. Mete an aplikasyon plan daksyon pou anviwonman an
6. Revize kad koperasyon enterimè a, bay anviwonman ak agrikilti priyorite ladan. Voye tout lajan ki te prevwa pou devlopman sektè prive ak zòn franch nan anviwonman.
7. Kontrenn sektè prive a ki fè fòtin yo nan dechepiye resous natirèl peyi a, patisipe nan reyabilite anviwonman an.
8. Kreye yon ministè anviwonnman epi bali mwayen pou li refè figi anviwonnman peyi a
9. Fòme yon komisyon prese prese ak ministè anviwonman ak agrikilti k ap idantifye tout zòn nan peyi a ki dwe fè pati patrimwà n ekolojik
10. Tabli yon bonjan pwogram refòm agrè nan peyi a pou mete tè yo nan men peyizan k ap travay yo. Epi, bay peyizan yo ankadreman pou pèmèt yo pwoteje tè a. Se sèl yon refòm agrè serye k ap pèmèt peyizan yo pwoteje tè a.
Bèlfontèn (Kwadèboukè) 29 sektanm 2004
Pou FGPB :
Marius ST. Pierre (pòt pawòl)
Orvilus ST. Félix (kòdonatè)