Español English French Kwéyol

30 septanm 1991 - 30 septanm 2004

Ki kote lit mas popilè yo ye ?

Pozisyon divès òganizasyon nan lokazyon trèzyèm anivèsè koudeta 30 septanm 1991 la

AlterPresse resevwa dokiman sa a 30 septanm 2004

Jou k ap jedi 30 septanm 2004 la ap fè trèz (13) ane depi Lame d Ayiti te fè yon koudeta sanginè epi masakre pèp la ki t ap defann dwa pou l fè pwòp chwa l nan zafè politik peyi a. Si koudeta a te chavire gouvènman konstitisyonèl Aristide la, pi gwo objetif li se te kase ren mouvman popilè a epi pèmet klas dominant yo ak enperyalis yo vanse nan pwojè anti popilè yo vle tabli nan peyi a. Kidonk zak sa a pa t vize gouvènman Aristide la sèlman. Dayè gouvènman Aristide te gen tan bay klas dominant yo anpil garanti li pap vanse nan satisfè revandikasyon mas yo, e se pou sa enperyalis yo menm ankò ta pral mennen l tounen an 1994.

Dat sa dwe pòte nou reflechi sou ki sa ki fè mobilizasyon mas yo ta pral abouti sou yon mòd pouvwa reyaksyonè tankou gouvènman Aristide la, ki mete sou kote revandikasyon mas yo nan enterè pèsonèl dirijan yo. Revandikasyon pou Lajistis, pou demokrasi, kont lamizè, kont koripsyon nan Leta.

Dat sa dwe fè nou reflechi e pa bliye pi gwo masak Lame d Ayiti avèk bourad klas dominant yo ak enperyalis yo fè sou mas popilè yo depi 1986. Lame sa ki te fè koudeta a se menm Lame ki te kraze ansanm avèk marines meriken yo rezistans peyizan kako yo ki t ap batay kont lokipasyon an 1915. Se menm Lame sa a ki te soutni tout diktati ki te tabli nan peyi a aprè depa militè meriken yo, depi Lescot pase pa Magloire rive sou Duvalier.

Pi gwo « fait d’armes » lame sa reyalize se nan represyon sou popilasyon an. Militè ayisyen yo pran zepolèt sou Chann Mas ak nan represyon sou pèp la. Sonje Bèlè an jwen 1957, 26 avril 1986 devan Fò Dimanch, sonje masak riyèl Vayan 29 novanm 1987. Lè Trujilio te masakre an 1937 yon kolonn ayisyen an Dominikani, Lame sa pa t tire yon peta pou pwoteje pèp ayisyen nan.

Pami tout zak kriminèl Lame d Ayiti te fè avèk chimè pa li yo ki te gen non atache, FRAPH nan peryòd koudeta a, nou pa ka bliye kantite kadejak yo fè, kantite fanm ak ti fi ki t ap sibi move zak yo t ap poze, kantite timoun ki fèt nan move kondisyon sa yo...

Itilizasyon kadejak kòm zam politik sou fanm vle di espesyalman fanm pa gen dwa fè politik. Sa demontre tou kijan fanm sibi represyon pi plis toujou kòm sitwayèn paske yo se fanm. Nan pratik koudeta lame Dayiti t ap ekzèse pandan tout 200 zan an (olye li te defann teritwa peyi a kont okipasyon etranjè) se pandan twa (3) lane diktati militè a, jandam te kraze zo fanm ayisyèn pi plis.

Jounen jodi a, sitwayèn yo ak sitwayen yo di non ! Yo pap pran bouwo yo pou ewo. Bouwo sa yo k ap defile nan manifestasyon k ap reklame lajan pou yon travay yo pat janm fè plis merite prizon.

Jounen jodya, trèz (13) ane aprè koudeta a, nou pa p rantre nan lojik lame egal eliminasyon chimè paske se lame ki vini avèk sistèm chimè a. Yo te genyen atache, ki vin tounen brasa wouj aprè ki vin FRAPH epi chimè. Dayè Aristide te gen tan sèvi ak anpil nan yo.

Nou pap dakò nonplis Lame egal sekirite. Se Lame ki kòmanse avèk ensekirite kòm yon zam politik. Sonje klima latèrè Konsèy Nasyonal Gouvènman (KNG) te tabli nan peyi a pou te anpeche eleksyon 1987 yo fèt. Yo te bloke eleksyon sa yo nan san. Se militè yo ki te òganize zak sa yo avèk atoufè yo (ki ta pral kontinye poze move zak pou pwòp tèt yo, avèk zam yo te ba yo). Mas popilè yo te blije mete kanpe brigad vijilans pou kwape machin ensekirite Lame d Ayiti ki t ap touye fanm kou gason, timoun, jenn tankou granmoun.

Jounen jodi a, klas dominant yo ap mande pou Lame tounen paske Lame sa fè prèv li nan defann enterè yo. Deba sou kesyon si lame a dwe tounen ou pa, se yon deba segondè. Se yon deba ki antre nan kad reòganizasyon fòs represif klas dominant yo nan konjonkti ki pi reyaksyonè peyi a ap viv depi 1986. Lame ou pa klas dominant yo ap toujou vle mete kanpe yon fòs ki ka gen nenpòt ki non pou pete fyèl mas popilè yo

Nan moman kote yo vle vanse nan yon seri pwojè ki kont enterè mas popilè yo, Klas dominant yo vle genyen lame a kòm fòs politiko-militè pou anpeche monte revandikasyon mas popilè yo. Yo pa vle twouve yo nan yon sitiyasyon pou se lame dominiken ki pou vin ede yo nan fè represyon sou mas yo an patikilye ouvriye yo. Sonje sa ki fenk sot pase nan zòn franch Wanament lan avèk Lame dominiken an ki te kraze zo ouvriye CODEVI yo.

Lame a se pwodui yon Leta reyaksyonè ki kont enterè mas popilè yo. Kanpe anfas retou Lame a se rantre nan batay kont mòd Leta ki pwodui yon seri enstitisyon tankou Lapolis ki olye yo pwoteje popilasyon an tonbe nan fè krim.

Fòs popilè yo dwe kontinye òganize yo. Yo dwe patisipe nan kreyasyon òganizasyon konsekan ki se pi bon zouti nan batay pou satisfè revandikasyon yo ak pou rekonstwi peyi a.

Pòtoprens, jou ki mèkredi 29 septanm 2004 la

Lis òganizasyon ki siyen nòt sa a:

Tèt Kole Ti peyizan Ayisyen

Enstiti Kiltirèl Kal Levèk (ICKL)

SAJ Veye yo

Regwoupman à’ganizasyon Popilè Granmoun

Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA)

Kay Fanm

Chandèl

Aksyon Katolik Ouvriye (ACO)

Platfòm à’ganizasyon Ayisyen Dwa Moun (POHDH)