Español English French Kwéyol

Tèt Kole ti Peyizan ap make 27 lane depi "lenmi pèp la" te masakre peyizan Janrabèl

“Nou menm peyizan nou nan sitiyasyon lejitim defans sou tè Desalin nan !”

Deklarasyon òganizasyon Tèt kole ti peyizan

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 17 jiyè 2014

23 jiyè 1987 - 23 jiyè 2014, sa fè 27 lane depi lenmi pèp la te masakre peyizan Janrabèl poutèt yo t ap goumen pou move kondisyon lavi peyizan ak mas popilè yo chanje nan peyi a. Jodi a, 27 lane apre, peyizan ayisyen ak mas pèp ayisyen an tonbe nan yon katchouboumbe ki pa gen parèy. Se yon veritab lagè kriminèl mafyozo gouvènman Martelly - Lamothe la ak ti gwoup moun k ap domine ekonomi peyi a ap mennen kont peyizan ak mas pèp ayisyen an, pou jan yo lage peyi a bay etranje pou piye tout min ak tout bon venn tè peyi a posede. Piyaj sou resous natirèl peyi a ak sou tè peyizan yo se rezilta gwo konplo fòs dominasyon kapitalis entènasyonal ak nasyonal marande antre yo nan bon jan tètansanm kont enterè peyi a ak enterè pèp ayisyen an. Nan mitan lagè kriminèl mafyozo sa a, gwo konpayi miltinasyonal yo, gwo peyi malfini yo, gwo reskonsab Leta ayisyen, fanmi ak ti zanmi ki pi pre yo ak gwo boujwa gwo vant nan peyi a, ap separe antre yo gwo mago lò ak dyaman lagè a rapòte yo, pandan y ap betize peyizan ak mas pèp ayisyen an yo lage nan grangou ak lamizè nwa pou yo kapab imilye yo pi byen, atravè divès aksyon pwopagann tankou ti manman cheri, koze pèp, katye pa m, elatriye.

Nan memwa 139 ti peyizan ki te tonbe 23 jiyè 1987, nan memwa liy batay peyizan sa yo te trase kite pou nou, Direksyon Nasyonal TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN deklare tout min lò, min kwiv, lajan, mab ak tout lòt kalite min ak richès peyi a genyen anba tè, anba lanmè ak kenpòt lòt kote sou teritwa nasyonal la, se gwo rezèv peyi a genyen pou asire devlopman ak byennèt pèp ayisyen an. Malè pou sila yo ki konprann yo ka jwe jwèt sendenden ak yo ! Likide, piye richès peyi a, men sonje pèp ayisyen an pa bay papye ! Ni li pa bay posesyon sou pyès bitasyon !

Pou nou nan TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN, tout fòm konfyolo Leta ayisyen ak konpayi miltinasyonal oswa nasyonal ap fè pou likide resous natirèl peyi a kont enterè pèp la, se declare epi ouvè lagè kont pèp ayisyen an ! E pèp ayisyen an rezève l dwa pou pran tout mezi li jije itil ak nesesè pou defann tèt li kont atak kriminèl mafyozo sa a ki mete lavi ak egzistans li andanje, menm jan tou li ipoteke lavi ak egzistans jenerasyon k ap vini yo !

Nan TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN nou konstate gouvènman Martelly – Lamothe la deklare epi ouvè yon lagè espesyal kont peyizan nan peyi a. Tè se lavi nou, nou menm peyizan ayisyen. Atake tè nou, se ban nou gwo kout ponya nan kè. Chase nou, fè dappiyank sou tè nou, jan gouvènman Martelly – Lamothe la ap fè, ap ankouraje fè oubyen vle fè sou tè peyizan nan tout peyi a, espesyalman nan depatman Nòdès, nan Ilavach, nan Latòti, nan Sen Rafayèl, elt… se deklare epi ouvè lagè kont tout peyizan, se koupe ti souf tout peyizan nan peyi a.

Nan lagè kriminèl mafyozo gouvènman Martelly – Lamothe la ap mennen kont nou menm peyizan nan peyi a, li deja lwen nan atak li yo, li depase lontan senp estad file manchèt la. Se tout manm peyizan gouvènman kòmanse ap koupe, rache epi voye jete nan labatwa, chak fwa li fè va sou bon venn tè nou yo, chak fwa li mete beton sou yo pou fè zòn franch ak zòn agwo endistri pou bay konpayi gwo blan nwa ak blan je vèt. Se tout bout trip nou gouvènman Martelly – Lamothe la ap depatcha chak fwa li chase nou ak gwo kout zam lapolis sou ti bout tè nou gran paran nou ak zansèt nou yo te batay mouri kite pou nou epi pran yo pou bay konpayi etranje oswa nasyonal pou al fè zòn pou touris vin banbile.

Nou menm peyizan nou nan sitiyasyon lejitim defans sou tè Desalin nan ! Nou pa ka kontinye kanpe ap gade nan je yon gouvènman, yon Leta ki gen plan pou detwi nou, pou remete nou nan lesklavaj rejim zagoloray kolon kapitalis yo ! Lejitim defans se yon dwa sakre ! Pèsonn pa dwe konprann yo kapab anpeche n egzèse dwa sa a nan peyi Makandal, Boukman ak Desalin nan ! Sou bout tè sa a zansèt nou yo te bay san yo pou li a e ki rele nou chèmètrès, pèsonn pa bezwen konprann yo kapab vin kaponnen nou jodi a ak fo prensip demokrasi pèpè pachiman ! Desalin te deklare nan Konstitisyon peyi a nan lane 1805, nou pa dwe janm admèt pou okenn blan, okenn etranje vin pile tè sa a atit pwopriyetè ! Jodi a Juda ak Konze yo ap prepare yo pou fè magouy pou chanje Konstitisyon peyi a pou yo ka legalize tout machandiz yo deja prèske fin delivre bay etranje. Nou di malè pou Juda ak Konze yo !

Peyizan nan tout rakwen peyi Dayiti, nan okazyon 27e anivèsè masak peyizan Janrabèl yo, nan memwa 139 fanm vanyan ak gason kanson sa yo, TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN di nou ayibobo, prepare nou toupatou, pran tout dispozisyon pratik ki nesesè pou defann tèt nou kont tout atak kriminèl mafyozo, bèf chenn etranje yo ap kontinye vin fè sou lavi nou, sou byen nou, sou tè nou, sou tout teritwa nasyonal la ! Tout bèt jennen mòde ! Pa janm bliye, lejitim defans se dwa sakre nou !

A tout òganizasyon konsekan ki nan sektè demokratik popilè a, TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN di, an nou sere ran nou pi plis ! Ann rapouswiv pi djanm ak inisyativ nou pran pou kanpe nan peyi a ak nan dyaspora a yon MOUVMAN PATRIYOTIK DEMOKRATIK POPILE (MPDP). Ann pran reskonsablite nou jis nou rive ofri mas popilè yo, nan yon tan ki pa twò long, veritab altènativ politik popilè yo bezwen an. Yon altènativ politik ki ka mennen n nan konstriksyon veritab pouvwa popilè a kòm sèl mwayen ki ka fè n soti nan katchouboumbe Leta tchoul ak oligachi restavèk la ak bourad enperyalis yo deja lage pèp ayisyen an

ABA MINUSTHA ! ABA OKIPASYON !

ABA PIYAY K AP FET SOU RESOUS NATIREL PEYI A !

ABA DEGEPISMAN AK VA K AP FET SOU TE PEYI A POU BAY ETRANJE !

ABA TOUT GOUVENMAN TCHOUL ANTINASYONAL AK ANTIPOPILE !

VIV ENDEPANDANS PEYI A AK SOUVERENTE ALIMANTE PEP AYISYEN AN !

VIV KONSTRIKSYON ALTENATIV SOSYOEKONOMIK, POLITIK AK KILTIREL PEP LA!

VIV KONSTRIKSYON AK TABLISMAN POUVWA DEMOKRATIK POPILE A !

Pou DIREKSYON NASYONAL TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN,

Rosnel JEAN-BAPTISTE

Véna JEAN

Origène LOUIS