Español English French Kwéyol

Haïti-Minustah : L’histoire d’un visiteur indésirable

P-au-P, 11 juin 2014 [AlterPresse] --- Alors qu’une campagne continentale pour le départ de la Mission des Nations Unies pour la stabilisation en Haïti (Minustah) progresse, l’écrivain haïtien Louis Philippe Dalembert rappelle à l’attention de toutes et de tous « Minista », un poème en Créole écrit le 15 décembre 2013, inscrit dans la même veine.

« Minista » est un poème en 12 strophes, qui évoque un visiteur indésirable et envahissant (lire ci-dessous).

Au fil du poème, le visiteur, à qui on précise qu’il n’estt pas le bienvenu, prend ses aises, malgré tout, allant jusqu’à s’emparer de la nourriture.

Devant la colère de son hôte, le visiteur se moque. Il annonce qu’il apporte le choléra, la répression, l’humiliation, qu’il est un invité.

Avec « Minista », Louis Philippe Dalembert évoque la manière dont Haïti négocie sa souveraineté, un pays dont « les couilles sont chez le prêteur sur gages, depuis des lustres » [1] (en Créole : Sa fè lontan grenn ou nan plán).

En octobre 2014, comme tous les ans, le Conseil de sécurité de l’Organisation des Nations Unies (Onu) se penchera, à nouveau, sur la prolongation ou non du mandat de la Minustah.

En Amérique Latine et en Haïti, des voix ne cessent point de se lever pour un départ immédiat de la mission onusienne. [kft rc apr 11/06/2014 13:20]

..........

Minista

Louis-Philippe Dalembert

nèg la antre nan lakou lakay ou
li refize sòti
solèy leve loray gwonde
li refize sòti
ou di msye lè a rive
pa kite jou bare w
olye l fè wout baryè
li monte sou galri

nèg la kanpe sou galri lakay ou
li refize sòti
lapli tonbe solèy kouche
li refize sòti
ou di l monchè ou pa tande
zandolit ak krikèt ap chante
olye l pran wout lari
li fè chimen salon
li rale yon dodin
epi l tanmen bwè bweson

nèg la chita nan salon lakay ou
li refize sòti
lalin pwente zetwal limen
li refize sòti
ou di msye tande non djab
ou pa wè jou a bout
souke pousyè bounda w
olye l pran chimen pòt
li kage chèz (li) an dodomeya
kwaze de pye l sou tab
epi l mande manje

ou pa menm fin drese chodyè
li bap li kanpe
li pa ba w tan separe
pran pa w ban m pa m
sa a pou ou sa a pou mwen
li di l pa vin isit pou l betize
li vin isit pou l dekoupe
li chita l dekoupe kòpyèz
epi l ba w yon zo poul
pou gaz pa anpare w

nèg la antre nan bout kay ou
li refize sòti
ou di tande non monchè
alèsila menm koukou ap dòmi
li refize sòti
olye l pran chimen pòt
li kannale lachanm
layite sou kabann
layite sou madanm
pran granmoun kou timoun
tifi kou tigason

nèg la antre lakay ou
li refize sòti
ou di msye w koumanse bouke
li refize sòti
li di w zoboukechen
pran yon atèmiyò
w a lage kadav kò w
w a fè yon kabicha
epi sispann babye
pou dòmi l pa bat bwa

nèg la antre anndan lakay ou
li refize sòti
ou di men sa se twòp atò
li refize sòti
alafen w blije mande
sa l pot pou vann
li di l pot kolera
li pot kokomak
li pot imilyasyon ak pèpè depaman
li di se ou ki te rele l

li di anvan chen manje zo
li mezire machwè l
si ou pa t nan hing hang
pa t nan chen manje chen
alè konsa kap ou t ap bay chika
li di makak pa jwe ak tig
si w pa t sakaje pay nich ou
kap ou ta bay solèy lodyans
grangou se mizè
vant plen se traka

nèg la monte sou bitasyon w
li refize sòti
zonbi yo t ap dòmi
li refize sòti
djòl zonbi yo mare
li ba yo baboukèt
ou di msye si l pa sòti
gade non
w a va kraze l
w a va brize l

msye gade w li pete kwa kwa kwa
ak ki sa w vle kraze
ak ki sa w vle brize a
sa fè lontan grenn ou nan plán
poudayè si w te gen grenn
ou pa ta janm voye chache l
li di w monchè
vekse nan fouk ou

blan an monte sou bitasyon w
li refize pati
solèy leve solèy kouche
li refize pati
lalin ale lalin vini
lalin ale l pa janm tounen
epi yon jou konsa
tout zetwal disparèt
balèn nan men tout moun
ap chache koulè solèy
ap chache lodè solèy

epi yon jou konsa
ou gade w wè
ou pa mèt kay ankò

Louis-Philippe Dalembert
Pòtoprens, 15/12/2013


[1Traduction littérale