Nòt pou laprès Gwoup jèn fanm inivèsitè ak lòt fanm pwofwsyonèl ki fèk patisipe
nan « Fòmasyon Feminis Kont vyolans sou Fanm »
AlterPresse resevwa dokiman sa a 1e septanm 2004
Nou menm jèn fanm inivèsitè ak lòt fanm pwofesyonèl ki te patisipe nan « fomasyon entèvansyon feminis kont vyolans sou fanm » SOFA te oganize pandan 2 denye semèn ki sòt pase yo, Nou te profite espas sa pou nou reflechi sou diferan fòm vyolans fanm ayisyen ap sibi. Nan refleksyon sa nou konstate sossyete ayisyen nan rale yon gwo bak malgre gwo batay k’ap fèt depi nan lane 86 kont itilizasyon kò fanm kòm machandiz na piblisite.
Nan televizyon, nan gwo pankat nan lari, se kò fanm ki expoze nan plas machandiz yo vle prezante piblik la. Pami piblisite sa yo n ap atire atansyon tout moun sou gwo pankat brasri nasyonal ap fè reklà m pou bye prestij la. Pankat prestij sa yo plase nan diferan. Ri estrateji nan pòtoprens ak moun Jakmèl pou denigre kò fanm epi ankouje plis vyolans sou fanm Nan kanpay denigreman fanm sa, Atis yo menm se pa pale nan kalite chante y ap mete deyò.
Sa ki pi estomake nou se lè nou wè pa gen anyen ki fèt bò kote lameri yo, ni bòkote ministè lakilti sou mesajpiblisite sa yo ap voye bay popilasyon an, yom mesaj ki la pou devalorise fanm pi plis chak jou nan sosyete a epi ranfòse nivo machis sosyete nou an. Reklà m sa yo fè nou poze tèt nou anpil kesyon sou kisa otorite nan peyi sa kapab offri popilasyon an kòm modèl ?
Se pou sa nou egzije :
o Pou otorite ki konsène yo pran responsabilite yo pou yo fè retire tout pankat byè prestij yo ki nan diferan ri nan pòtoprens ak nan Jakmèl
o Epi pran mezi nesesè pou koutwole kalite piblisite yo.
Nou ankouraje tout popilasyon an rete je louvri pou nou kapab rive konstwi yon sosyete egal ego, san doskriminasyon, san vyolans sou fanm, kote jistis sosyal tounen bousòl k’ap gide nou chak jou.
CC. : Primati, Ministè edikasyon Nasyonal, Ministè Lakilti, Ministè Fanm OPC, Lameri delmas, Petyonvil, Pòtoprens, Jakmèl.
Moun ki siyen pou gwoup la :
Iphrana Adolphe
Marie Dyna Felix
Gwoup jèn fanm Inivèsite Ak lòt fanm Pwofwsyonel ki te Patisipe
Nan « Fòmasyon Feminis Kont vyolans sou Fanm »
LARRIEUX Marie Eveline
BENOIT Félix Maryline Olga
SENAT Rachel
MONTLOUIS Nadia
LACROIX Irlande
PIERRE Petit Marie Nadège
DESROSIERS Michaelle
DORSAINVILLE Guirlène
CHAPERON Muriel
BERNARD Marie Alcide
ABRAHAM Guécheline
CESAR Caroline
AVRIL marie Onise
DIEUDONNE Anne Marie
DUPLAN Marianne
JEROME Rose Emanite
CHARLES Bélège
LOUISSAINT Rachelle
CHARLES Keteleine
JEROME Marie Guerda
FELIX Marie Dyna
ADOLPHE Iphrana
Jean Pierre Margareth
Petit-Frere Judith
Jérome Marie Lirone