Español English French Kwéyol

Fèt manman : SOFA mande prezidan Martelly pibliye lwa sou patènite responsab ak filyasyon an

Kominike Solidarite Fanm Ayisyen

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 23 mai 2014

Nan okazyon fèt manman ane sa a, Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA, yon lot fwa anko, mande Prezidan Mateli pibliye lwa sou Patènite Responsab ak Filyasyon k ap kanni nan tiwa Palè Nasyonal depi avril 2012.

SOFA rale kreyon l make kouman yon lwa konsa ki tèlman enpòtan pou fanm yo ak sosyete a, pat enterese okenn aktè dyalòg El Rancho. Se menmjan ak lwa sou travay domestik la ki nan tiwa depi 2008 nan yon konteks kote yo ap pale sou koze salè. Aloskke nou konnen pifo moun k ap travay kay moun se fanm . Fanm sa yo ki manman, gen responsablite tèt yo ak pitit yo tou.

Nou sezi wè 2 lwa sa yo pa t enskri nan egzijans yo te fè pou Egzekitif la pibliye lwa palman an vote depi kèk lane.

Nan sa ki konsene Lwa sou Patènite Responsab ak Filyasyon an, nan SOFA n ap mande eske aktè dyalòg yo ta vle fè konprann, yo tout dakò epi yo solidè youn ak lòt pou gason kontinye ap lage pitit sou bra fanm san yo pa okipe yo?

N ap pwofite fè tout moun sonje lwa sa rantre dirèk dirèk nan sa konstitisyon 87 la di nan atik 260 li, ki fè leta obligasyon pou garanti pwoteksyon tout fanmi kit sa k konstitiye nan maryaj, kit sa k konstitiye nan plasaj ou lòt fòm inyon.

Nan atik 261 an menm, konstitisyon an di tout timoun gen dwa pou jwenn lanmou, afeksyon, konpreyansyon, swen moral ak materyèl manman ak papa li.

Nan sans sa a, ni atik 1er lwa sou patènite ak filyasyon an, ni atik 11 menm lwa sa a ki vin modifye atik 606 kòd sivil, tabli yon prensip fondmantal : Prensip egalite ant tout timoun. Sa vle di lwa sa a vin koupe fache ak plizyè kategori timoun. Se yon lwa ki vin reponn ak egzijans kontistisyon 87 la. Lwa sa a vin reyafime wòl manmanm ak papa pa « interchangeable » sa vle di youn pa kab ranplase lòt.
Se nan lespri sa a, nou rete kwè aplikasyon yon lwa konsa ta kab pèmèt tout timoun jwenn bon jan afeksyon, lanmou ak ankadreman paran yo.

Yon lwa konsa ta dwe pèmèt fanm yo gen mwens chay fanmi ak timoun sou do yo, pou yo kab jwenn tan pou envesti espas pouvwa, patisipe nan espas kote desizyon ap pran. Sa vle di, pou kota 30% an respekte.

Se pou sa tout gouvènman, aktè politik k ap klewonnen demokrasi, Etat dedwa, dwe pran tout dispozisyon pou tabli yon lwa konsa nan peyi a.

Nan sans sa a, n ap mande yon lòt fwa ankò nan okazyon fèt manman ane sa a, pou lwa sou Patènite Responsab ak Filyasyon an pibliye.

SOFA wete mouka l byen ba pou salye tout manman nan okazyon jounen sa, kote nap selebre tan n ap reflechi epi goumen pou chanje kondisyon matènite nan peyi a.

LIT FANM NAN SE LIT TOUT MAS PEP LA !

Marie Frantz JOACHIM
Kòdonatris Jeneral