Ti chèz ba

Refòm nan Inivèsite Leta d Ayiti


jeudi 22 mai 2014

Fritz Deshommes

Pwofesè Fritz Deshommes, Vis Rektè Rechèch nan Inivèsite Leta a, fèk ekri yon liv sou « Brase lide sou refòm nan Inivèsite Leta d Ayiti. Li te dwe soti, nan okazyon Fèt Drapo ak Inivèsite a, 18 me.

AlterPresse pibliye entwodiksyon liv sa a

ENTRODIKSYON

Lè y ap pale sou Inivèsite Leta d Ayiti, sitou nan dènye moman sa yo, yo gen plis tandans sonje etidyan k ap manifeste, pwofesè k ap fè grèv, pwoblèm alatèt yo jwenn lè y ap eseye fè respekte kèk prensip. Men, anpil enfòmasyon pa sikile vre sou brase lide k ap fèt anndan enstitisyon an sou yon seri kesyon ki konsène l dirèkteman.

Moun pa konnen, kantite tan, enèji, lank ak saliv ki depanse nan travay sou manman lwa Inivèsite a, nan reflechi sou pi bon mwayen pou yo dirije l, nan brase lide sou plan karyè ak griy salè pwofesè yo.

Pa egzanp, anpil moun pa konnen sa ki nan pwojè lwa Komisyon Refòm nan prepare sou inivèsite a. Se vre, depi nan mitan lane 2013 la, Konsèy Inivèsite a (CUEH/KILA) ap travay di sou dokiman sa a. Plizyè rankont òdinè ak ekstwòdinè, anpil diskisyon, pou ajoute, retire, ranje, …. deja fèt sou Pwojè Lwa a.

Men jis jounen jodi a, kokenn refleksyon sa yo, malgre tout richès yo genyen, rete sèlman nan mitan Konsèy la. Yo poko rive nan nivo tout kominote Inivèsitè a. BRASE LIDE SOU REFÒM NAN INIVÈSITE LETA D AYITI 14

Dispozisyon Tranzitwa yo, ki di jan pou administrasyon santral Inivèsite a fonksyone annatandan enstitisyon an genyen manman lwa li, bay kèk oryantasyon (Atik 27 al pou 31) sou gwo lide ki ta dwe nan manman lwa sa a, epi sou jan pou yo adopte l :

• Fòk se yon Komisyon espesyal - ki rele Komisyon Refòm - ki pou travay sou pwojè lwa a. Fòk nan mitan Komisyon an, genyen reprezantan Inivèsite a, reprezantan Leta, ak reprezantan sosyete sivil la ;

• Fòk se lide Refòm ki pou gide travay la, yon fason pou nou konstwi yon lòt kalite Inivèsite. Fòk nannan pwojè a fè wè aklè se yon Refòm toutbon k ap fèt ;

• Fòk pwojè a ranmase opinyon tout sektè ki gen enterè nan yon Refòm toutbon vre, e ladan yo nou pap bliye sektè ki pa fè pati Inivèsite a.

Nou konnen Komisyon Refòm nan, ki te monte nan mwa avril 2008 la, te voye je gade pwoblèm fondamantal enstitisyon an, jan l ap mache, tout kalte relasyon l devlope ak sosyete a epi ak Leta. Komisyon an te travay tou sou preparasyon ki dwe fèt pou refè chapant inivèsite a, anvan li te ekri pwojè lwa a. Poutan li pa t gen tan fè atik 29 dispozisyon tranzitwa a ateri. Atik la di :

« Komisyon Refòm nan ap ranmase rekòmandasyon tout sektè zafè Refòm Inivèsite a enterese, sitou Kominote Inivèsitè a. »

Ti liv sa a vle atire atansyon moun sou atik 29 la, ankouraje tout estrikti ki enterese nan lavi Inivèsite a bay dizon yo, nan jan enstitisyon an ap fonksyone jodi a epi jan li dwe fonksyone pi devan. Epitou li vle chache reveye enterè kit bò kote Inivèsitè yo, kit bò kote lòt moun nan sosyete a, akòz enpòtans kesyon sa yo.

Ti liv sa a, ranmase yon seri tèks nou ekri nan mitan brase lide anndan Konsèy la. Tèks sa yo, nou te voye yo bay Konsèy la chak fwa yo te pare, yon fason pou yo te bay brase lide yo jarèt.

Ladan yo nou pale sou anpil pwen ki konsène lwa òganik la, sitou sou zafè direksyon inivèsite a, menmsi tout pa ekri nan menm sikonstans, menmsi chak poze yon pwoblèm diferan.

Pa egzanp, premye chapit la soti nan yon konferans nou te bay nan peyi Ajantin, pou yon gwoup etidyan k ap fè doktora nan Fakilte Edikasyon, nan Inivèsite “Entre Rios”, nan vil Parana. Tit li se : “Demokrasi ak Refòm nan Inivèsite : Eksperyans peyi d Ayiti”.

Dezyèm Chapit la antre pi fon nan Pwojè Lwa Òganik la. Li se yon reyaksyon apre yon reyinyon Konsèy Inivèsite a te fè sou Lwa a. Li bay kèk dizon sou kijan pou yo ta fòme estrikti ki nan tèt Inivèsite a ak sou kijan pou diskisyon yo ta pi tonbe daplon. Li rele : « Lwa Òganik Inivèsite a : Yon zouti pou yon bonjan Refòm ».

Pandan diskisyon sou manman lwa inivèsite a ap pran chè, yon gwoup pwofesè lanse yon modòd grèv pou yo mande ogmantasyon salè. Revandikasyon sa a ban nou okazyon eksplike kilès ki ka fè kisa anndan chapant ki nan tèt inivèsite a ; sa vle di : ant Konsèy la (CUEH/KILA), Konsèy Egzekitif la (CE/KE) ak Direksyon Fakilte yo, ki responsablite yo chak nan kesyon resous, bidjè, salè pwofesè, elatriye. Nou tou pwofite di sa k mache ak sa k mal mache nan sistèm nan ak tout rezon ki fè fòk gen anpil chanjman nan jan yo chwazi alatèt inivèsite yo nan tout nivo ak nan kalite relasyon pou yonn ta genyen ak lòt. Se tou sa nou wè nan chapit twa (3) a : « Avètisman grèv pwofesè yo : Anpil leson pou Lwa Òganik la ».

Chapit kat (4), senk (5), sis (6) ak sèt (7) rantre nan divès gwo kesyon ki makonnen yonn ak lòt. Ki kondisyon pou yon moun vin pwofesè nan UEH la ? Pou ou vin dirijan ? Ki jan ak sou ki baz pou yo peye pwofesè yo ak tout moun k ap travay nan inivèsite a ? Ki sa ki dwe fèt pou UEH la rive kenbe pwofesè konpetan li yo epi pou li ba yo bonjan kondisyon pou yo travay kòmsadwa ? Men tou li enpòtan pou nou sonje, menm si nou se yon enstitisyon endepandan, nou pa ka fè tout sa ki nan lide nou.

Epi gen yon kesyon anpil moun pa vle pale tank li parèt delika : ki jan pou nou konsidere yon pwofesè ki gen doktora ? Ki jan pou nou bay grad sa a tout valè li, pou n ankouraje plis pwofesè rive jwenn li pandan n ap kenbe tèt frèt devan moun k ap mande pou tout sa k ap fèt nan inivèsite a se pwofesè ki gen grad doktora ki pou fè l : pwofesè tan plen, chèf depatman, visdwayen, dwayen, visrektè, rektè, manm komisyon pou anboche pwofesè, elatriye ? San konte pwojè lwa Gouvènman an sou Ansèyman Siperyè gen menm lojik la. Nou montre kijan pwopozisyon sa a poze anpil pwoblèm pou l ta ateri nan enterè inivèsite a ak peyi a. Nou pran egzanp tou sou ki jan lòt peyi, tankou peyi Amerik Latin yo, rezoud kesyon sa a.

Tout lide sa yo te al jwenn tout manm Konsèy (CUEH/KILA) yo. Diskisyon yo ap rapouswiv toujou.

Fòk nou di tou : rete anpil kesyon ki mande refleksyon. Pa egzanp :

• Èske estrikti ki nan pi wo nivo nan Inivèsite a, ki se Konsèy Administrasyon an (nan pwojè lwa a), ta dwe gen ladan l sèlman manm Inivèsite a ? Oubyen, èske nou pa ta dwe louvri l, pou nou mete ladan l tou divès estrikti ki nan Leta a ak sosyete sivil la ?

• Èske nou pa ta dwe reflechi sou pi bon fason pou divès branch nan enstitisyon an, patisipe nan direksyon li ? Èske pèsonèl k ap apiye travay akademik yo pa ta dwe gen yon patisipasyon tou ?

• Ki relasyon ki dwe devlope ak Inivèsite Piblik Rejyonal (UPR/IPR) gouvènman an ap miltipliye yo ? Ki jan pou nou rive genyen yon veritab Sistèm Ansèyman Siperyè Piblik ki ta kapab apiye sou gwo eksperyans UEH genyen ak kokenn potansyèl Inivèsite rejyonal yo ?

• Ki jan pou nou anpeche pwòp pitit Inivèsite a, menm pami sa k pi bon yo, mete chenn nan pye l ? Ki jan pou n anpeche kriz sou kriz n ap sibi koulye a kontinye miltipliye ?

• Ki jan pou nou rive fè Pouvwa Leta yo enterese nan pi gwo Inivèsite peyi a genyen (UEH), ki se Inivèsite Leta a menm, kidonk ki se byen tout popilasyon an ?

• Ki jan pou nou rive fè etidyan ak pwofesè ki nan fakilte yo jodi a, konprann yo tout se manm yon sèl enstitisyon ki rele Inivèsite Leta d Ayiti ; yon enstitisyon yo dwe renmen, yo dwe pwoteje, e ki dwe fè yo santi yo fyè ? Menm jan tou, ansyen etidyan Inivèsite a, moun ki diplome anvan yo, anpil anpil doktè, enjenyè, agwonòm, sosyològ, jesyonè, avoka, Inivèsite a fòmè, ki jan pou yo bay kontribisyon yo pou fè Inivèsite a vanse ?

• Ki sistèm klasifikasyon ki dwe mete sou pye pou pwofesè yo ak anplwaye yo, pou n rive nan nivo akademik ak syantifik ki pi wo a ?

• Ki jan pou dwa tout sektè andedan Inivèsite a respekte (etidyan, pwofesè, manm administrasyon) pandan n ap ankouraje konpòtman ki chita sou devwa ak responsablite pa rapò ak enstitisyon an ?

• Ki dispozisyon ki dwe pran pou nou rive genyen yon veritab kominote akademik djanm ?

• Ki pi bon fason pou Inivèsite a òganize pou tout manm li yo pa janm bliye devwa yo pa rapò ak peyi a ? Pou UEH la ka pran plis inisyativ nan menm sans ak travay l ap fè sou kesyon Akademi Kreyòl la ?

Antouka, se pa kesyon ki manke pou deba yo kontinye nan Fakilte yo ak nan sosyete a.

Nou ka santi ti liv sa a pa ni prèt ni pretann pou l ta rive manyen tout kesyon manman lwa UEH la ranmase. Omwen, l ap sèvi pou laji diskisyon yo. San di petèt, l ap sèvi tou pou yon lòt brase lide pi laj ki gen pou fèt sou 2 pwojè lwa Pouvwa Egzekitif la voye nan Palman an, yonn sou òganizasyon, fonksyònman ak modènizasyon Ansèyman Siperyè ak Rechèch Syantifik, lòt la, sou Ajans Nasyonal pou Ansèyman Siperyè ak Rechèch Syantifik.