Español English French Kwéyol

Komite pou tabli akademi kreyòl ayisyen an : « Mize nan wout pote bon nouvèl »

Nòt pou laprès apre pwomilgasyon ak piblikasyon lwa sou akademi kreyòl la nan jounal monitè

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 2 me 2014

Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an gen anpil satisfaksyon pou l anonse piblik la Lwa sou òganizasyon ak fonksyònman Akademi Kreyòl Ayisyen an parèt nan jounal ofisyèl peyi a « Le Moniteur » nimewo 65 nan dat 7 avril 2014 la.

Pawòl la di « mize nan wout pote bon nouvèl ». Se vre nou mize nan wout paske mwa avril sa a fè 12 mwa depi lwa a te vote nan chanm Depite a apre Sena a te deja vote l depi nan mwa desanm 2012.

27 ane apre Konstitisyon 1987 la te kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an nan atik 213 la, enstitisyon Leta sa a resi wè jou gras ak demach yon seri enstitisyon nan sosyete a, kit se enstitisyon nan Leta a tankou Inivèsite Leta d Ayiti atravè Rektora a ak Fakilte Lengwistik, kit se enstitisyon nan sosyete sivil la tankou Jounal Bon Nouvèl, KNVA, SAKS….

Jounen jodi a, avèk piblikasyon lwa a, Akademi Kreyòl Ayisyen an vin yon reyalite e nou kapab di, se kounye a travay la pral kòmanse tout bon. E se pou sa Komite pou tabli Akademi kreyòl ayisyen an ap mande 2 pouvwa Leta ki konsène yo, Egzekitif la ak Palman an pou yo kontinye pran responsablite yo nan mete lajan nan bidjè rektifikatif 2013-2014 la pou Akademi an kab jwenn mwayen pou l monte, pou l fonksyone epi ranpli misyon Konstitisyon peyi a ba li.

Nan sans sa a n ap raple dispozisyon ki nan atik 8, ak 10 lwa sou Akademi Kreyòl ayisyen an ki di :

Atik 8- Leta ayisyen mete tout mwayen finansye ak tout resous nesesè pou Akademi Kreyòl Ayisyen an fonksyone kòmsadwa.

Atik 10- Akademi Kreyòl Ayisyen an ap jere finans ak resous li yo selon prensip kontablite piblik.

Li enpòtan tou pou n raple kèk atik nan lwa a ki konsène objektif ak misyon akademi an:

Atik 5- Akademi Kreyol Ayisyen an gen pou bay direksyon sou fason yo sèvi ak lang kreyòl la nan peyi d Ayiti, kit nan pale, kit nan ekri, nan enstitisyon leta kou prive.

Atik 6-Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou li:

a) Pran tout dispozisyon pou tout enstitisyon leta kou prive fonksyone nan lang kreyòl la selon prensip, regleman ak devlopman lang nan;

b) Pran tout dispozisyon pou ankouraje enstitisyon ak moun k ap pwodui nan lang kreyòl la suiv prensip ak regleman lang nan;

ch) Pran tout dispozisyon pou ede popilasyon ayisyen an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la.

d) Pran tout dispozisyon pou ede epi ankouraje tout biwo leta – kit se pouvwa egzekitif, kit se pouvwa legislatif, kit se pouvwa jidisyè – respekte Konstitisyon an nan zafè lang.

Komite pou tabli Akademi kreyòl ayisyen an fè yon premye bout manda l. Rès la se monte Akademi an tout bon sou baz lwa a epi prepare yon plan travay pou pase mayèt la bay Akademi an.

Komite pou table Akademi kreyòl ayisyen an felisite tout enstitisyon, tout pèsonalite k ap potekole depi anviwon 5 an pou te abouti nan rezilta sa a. Komite a ap remèsye laprès ak tout lòt enstitisyon ak pèsonalite ki te bay sipò yo yon fason oswa yon lòt pou n te jwenn rezilta sa a.

Pou komite a:

Adeline Magloire CHANCY
Ansyen minis Kondisyon Fanm,
Ansyen Sekretè D Eta Alfabetizasyon
Sosyete sivil

Pauris JEAN BAPTISTE
Pastè, Reprezantan Sektè Pwotestan

Rogeda Dorcé DORCIL
Dwayen Fakilte Lengwistik Aplike Sosyal

Sony ESTEUS
Direktè Sosyete Animasyon Kominikasyon

Fritz DESHOMMES
Vis Rektè Rechèch Inivèsite Leta Ayiti