Español English French Kwéyol

Yon politik lengwistik nan mitan deba politik nan peyi d Ayiti

Marie Rodny Laurent Estéus *

Atik sa a vin jwenn AlterPresse 7 avril 2014

Entwodiksyon

Kesyon lang nan peyi d Ayiti toujou rete yon pwen sansib anpil moun pè abòde seryezman. Youn nan rezon ki esplike sa se istwa dominasyon franse a sou kreyòl la depi nan tan lakoloni jis rive jounen jodi a. Istwa dominasyon sa a tèlman kreye diskriminasyon kont moun ki pa pale franse, ki pa ka pwononse detwa mo franse, sa te kreye anpil polemik ak rivalite nan mitan entelektyèl tankou nan mitan divès gwoup sitwayen nan peyi a.

Istwa sa a tèlman peze lou nan balans gouvènans peyi a, chak fwa pou yo pran yon desizyon serye pou ede lang kreyòl la jwe vrè wòl li dwe jwe kòm lang matènèl nan lavi sitwayen ayisyen (fanm kou gason), gen kèk gwo potanta ki toujou la pou eseye bloke inisyativ yo. Tout Ayisyen (otorite tankou senp sitwayen) pale kreyòl, men, depi se pou yo fè lang kreyòl la soti aloral pou li pase alekri, laperèz blayi nan mitan yon seri desidè. Ki sa yo pè ? E pou ki sa ? Antouka, konpòtman sa a gen anpil enplikasyon nan nivo nasyonal ak entènasyonal. Vle pa vle peyi a ap genyen pou li kontinye fè faskare ak pwoblèm itilizasyon 2 lang ofisyèl yo jouk li rive pran yon desizyon politik pou reglemante fonksyònman yo.

Èske peyi d Ayiti genyen yon politik lang ?

Genyen yon otè ki di ‘‘absans yon politik se deja yon politik’’. Sa vle di, menmlè pa ta genyen yon politik fòmèl, yon politik ki ekri sou papye, toujou genyen yon politik k ap aplike anba anba (se sa nou ka rele yon politik defakto).

An reyalite, depi nan lane 1918, Ayiti koumanse pran desizyon sou kesyon lang e desizyon sa yo varye pandan divès epòk nan lavi nasyon an. Konstitisyon 1918 la te deklare kreyòl lang nasyonal. Konstitisyon 1961 an mete franse lang ofisyèl pandan li konfime plas kreyòl la kòm lang nasyonal. Men, konstitisyon 1987 la se konstitisyon ki pi avanse nan bay oryantasyon pou yon politik lang. Li ranfòse pozisyon lang kreyòl la lè atik 5 la rekonèt kreyòl kòm lang ki simante tout Ayisyen ansanm epi li mete l nan pozisyon lang ofisyèl peyi a. Li bay franse jwe wòl lang ofisyèl tou. Nan atik 40, li mande pou dwa tout Ayisyen jwenn enfòmasyon respekte. Se konsa, atik 24-3 egzije pou tout manda pou rele moun lajistis ekri nan toude lang ofisyèl peyi a epi fòk moun nan konnen pou ki yo vin arete li. Pou kore lang kreyòl la toujou, li mande pou kreye yon akademi ayisyen nan atik 213 la. Tout referans legal sa yo montre klè : menm lè pa genyen yon dokiman politik lengwistik, peyi d Ayiti gen yon vizyon ki egziste anndan konstitisyon an e ki ta dwe ede tabli yon politik lengwistik fòmèl. Tout referans legal sa yo reprezante gwo oryantasyon pou rive tabli yon politik lang nan peyi a selon bezwen popilasyon ayisyen an.

Politik lang ak amenajman lang

An jeneral, ‘‘yon politik se yon ansanm prensip jeneral ki defini liy yon òganizasyon prive oubyen piblik adopte pou yon sektè e k ap gide entèvansyon li ak refleksyon li nan jan l ap jere aktivite li yo.’’

Nan domèn lang, plizyè espesyalis pa fin antann yo sou definisyon politik lengwistik ak amenajman lengwistik. Pou sèten nan yo, toude se menm, pou kèk lòt, genyen diferans. Sa ki esplike sa se paske youn pa mache san lòt. Depi yon peyi ap elabore politik lang li, sa mande pou li tou demontre kouman politik la pral ateri.

Dapre lengwis Jean Robert Chaudenson, yon politik lang se gwo ‘‘desizyon ki pran sou itilizasyon lang, swa onivo nasyonal oubyen entènasyonal’’. Konsa, otè a wè politik lang nan kòm gwo oryantasyon ki chita sou vizyon yon leta genyen pou lang li. Alòs, se gwo objektif yo dwe atenn yo. Pou amenajman lengwistik la, se tout yon seri mezi konkrè pou aplike politik la nan divès domèn politik sa a sible. Lè distenksyon an fèt konsa, diferans ki genyen ant 2 konsèp sa yo parèt klè : politik lengwistik la kaze nan nivo estratejik alòske amenajman an plis chita nan nivo operasyonèl, li pratik. E kòm yon demach operasyonèl, li mande yon tan preparasyon pou kataloge tout aksyon yo anndan yon plan. Yon plan amenajman ka egziste san yon tèks politik, lè sa a, se plan amenajman an ki sèvi kòm politik. Nan peyi d Ayiti pa genyen yon politik fòmèl nan kesyon lang, men leta deja fè yon efò amenajman (pou te amelyore sistèm edikatif la) lè li te adopte òtograf ofisyèl la. Se yon travay teknik ki ede lang nan pa rete sèlman nan oralite men pou li vanse plis nan ekriti. Jounen jodi, desizyon ki rete pou pran, se yon desizyon leta ki jwe anfavè valorizasyon lang kreyòl la. Se ki wòl leta peyi d Ayiti vle bay lang kreyòl la jwe fòmèlman ? Se la tout kesyon amenajman an chita. E lè li poze tèt li kesyon sa a, tousuit li blije di sa l ap fè ak franse a. Se sa ki fè, kit yo vle, kit yo pa vle, otorite nan peyi a gen pou yo antann yo sou yon politik lang fòmèl.

Nan pwovens Ontaryo, leta mete yon politik pou fè amenajman lengwistik nan lekòl. Li chwazi fè sa pou pwoteje dwa lengwistik yon minorite moun ki pale franse e yo te baze sou 4 gwo rezon :

-  pou fasilite reyisit elèv yo nan lekòl ak aprantisaj yo pandan tout lavi yo

-  pou ede yo konstwi idantite yo epi viv ak fyète yo kòm frankofòn

-  pou soutni devlopman lang ak kilti nan kominote a, epi pou devlope kapasite lekòl yo pou yo devlope pwogram ak sèvis ki ka kreye patenarya ant lekòl, lafanmi ak tout rès kominote a.

Lè nou byen gade definisyon Robert Chaudenson yo ak chwa pwovens Ontaryo a, Ayiti kapab tabli yon politik pou amenajman lengwistik ki va pèmèt peyi a devlope yon fòm politik ki sanble ak reyalite li, pou li fini ak ipokrizi nan politik sou zafè lang epi pou li rantre nan yon dinamik patenarya lengwistik kreyòl-franse. Prensip patenarya a ta va yon demach kote peyi a sèvi ak franse nan tout espas ak sikonstans ki egzije sa epi ki pa nwi dwa lengwistik majorite popilasyon an ki pale kreyòl sèlman. Pa egzanp : Li pa nòmal pou palmantè ap diskite lwa peyi a an kreyòl epi pou yo ekri epi vote yo an franse sèlman. Konpòtman sa yo pa respekte dwa majorite popilasyon an pou li konnen ak ki kazak legal lejislatè yo ap abiye li san li pa konnen. Vote lwa yo an kreyòl ap rezoud omwen de (2) pwoblèm : 1) Anpil fwa, yo chanje lwa yo an kachèt lè yo fin vote yo an franse paske franse a ofri posiblite pou fè magouy nan sèvi ak yon seri tèminoloji ki twonpe moun. 2) Lè se yon lwa ki ekri an franse yo chanje, popilasyon an gendwa pa ka mezire longè chanjman ki fèt la.

Yon egzanp nan kesyon edikasyon, patenarya lengwistik kreyòl-franse a ta ka konsidere itilizasyon sèl lang kreyòl la, lang matènèl la pandan twa premye lane etid nan lavi yon timoun, yon mannyè pou ede li konstwi baz refleksyon ak rezònman li anvan li koumanse aprann franse. L ap koumanse aprann yon dezyèm lang, ki se franse a, nan katriyèm ane kòm yon matyè. Etan sa, li toujou kontinye ap aprann lòt matyè yo an kreyòl, l ap kontinye dekouvri fonksyònman lang manman li a ki se kreyòl. Nan kesyon fòmasyon pwofesyonèl, gen yon gwo kouch nan popilasyon an, se ak lang kreyòl la sèlman li ka aprann metye.

Nan zafè diplomasi, lang franse t ap sèvi kòm referans sitou nan peyi frankofòn yo ak nan Nasyonzini. Men, pou rezon estratejik, peyi d Ayiti gen enterè sèvi ak kreyòl la nan tout espas etranje, tout kominote oubyen gwoup travay kote yo pale oswa yo konprann kreyòl. Konsa, politik amenajman lang nan ta dwe baze sou respè dwa lengwistik popilasyon ayisyen an jan plizyè lengwis deja di sa e li ta kapab anonse trajektwa plan amenajman an dapre eksperyans peyi a fè deja nan itilizasyon 2 lang yo epi dapre vrè bezwen li. Nan pwochen piblikasyon sou kesyon an, n a bay plis detay ak presizyon sou sa.

Akademi lang kreyòl, yon zouti amenajman

Gen anpil travay syantifik ki merite fèt pou mete lang kreyòl la nan nivo yon veritab lang ekri. Akademi lang kreyòl la, kòm yon enstitisyon leta ki pral travay espesyalman sou lang kreyòl la, se youn nan zouti amenajman lang peyi d Ayiti pral genyen, dapre fonksyon ki defini pou li. Lè nou konsidere yon seri wòl lwa a fikse pou akademi lang kreyòl la tankou : bonjan rechèch nan lang kreyòl, deskripsyon règ lang nan, estandadizasyon ak nòmalizasyon, pwomosyon pou pwodiksyon syantifik nan lang kreyòl, preparasyon lwa sou itilizasyon lang kreyòl la ; tout sa se yon seri travay ki mete akademi an dwat sou chemen amenajman lang pou sa ki konsènen lang kreyòl la. Kifè, li se yon veritab zouti anndan yon politik lang fòmèl. Men, amenajman lang nan peyi d Ayiti mande pou fikse wòl ni kreyòl, ni franse nan aktivite sosyal, kiltirèl, ekonomik ak politik peyi a. E se la a kesyon an chita. Si akademi kreyòl la se premye enstitisyon ki pou travay sou aspè nan amenajman an ki konsène kreyòl, ki prensipal enstitisyon k ap anbrase franse ? Èske Akademi kreyòl la ta dwe pran reponsablite pote toude lang yo nan kad yon politik lengwistik ? Repons la se non paske li t ap poze yon pwoblèm koyerans e konstitisyon 1987 la klè sou wòl enstitisyon li rele akademi an. Èske lang franse a bezwen yon enstitisyon espesyal pou pote li nan kad yon politik lengwistik ? Repons la se non tou paske lang franse te toujou enstitisyonalize nan peyi a, men leta kapab ankouraje moun kreye enstiti prive pou ansèyman lang franse. Tout sa ki jistifye bezwen yon akademi ann Ayiti, se tout reta ki genyen nan evolisyon ak itilizasyon lang kreyòl la epi enjistis sanpousan kreyolofòn yo ap sibi a.

Lang ak politik

Lang se yon eleman kiltirèl, sosyal ki travèse tout aktivite sosyal, ekonomik ak politik. An menm tan, li se yon gwo zam politik. E nan sans sa a, li ka sèvi pou entegre moun, li ka sèvi pou mete moun sou kote. Yon egzanp klè, se peyi d Ayiti. Chak gouvènman ki pase, gen yon jan li sèvi ak 2 lang yo. Lè yo sèvi ak lang kreyòl la, yo pale pou tout sitwayen san fè eksepsyon. Lè yo pale franse, yo jis deside pa pale pou mas pèp la. Chak chwa sa yo, se demach ki kondisyone e konsekans yo se enklizyon osnon esklizyon .

Konsa, politik lang ki chita sou enklizyon an danse kole ak kreyòl e politik lang ki sèvi ak franse a chwazi fè esklizyon. Nan mitan 2 chwa sa yo, nou jwenn yon lòt ki chita sou bezwen pratik ak entèrè estratejik peyi a. Chwa sa a mande pou yo byen analize chak sitiyasyon pou yo deside kiyès nan 2 lang ofisyèl yo ki dwe sèvi. Sa se yon chwa politik e se otorite politik ki gen pou regle zafè sa a. Fòk nou rekonèt politik lengwistik toujou fèt anndan peyi a sou baz ideyolojik kont tout sa lasyans rekonèt nan zafè lang.

An jeneral depi lendepandans, politik nan peyi a ap paweze ant esklizyon ak enklizyon nan kesyon lang men balans la toujou pi panche sou bò esklizyon an. Entegrasyon moun yo mete sou kote yo pa ka fèt san lang kreyòl la.Yon save tankou Michel Hector pa sispann pale ni ekri sou kesyon an. Lè n gade jan otorite yo sèvi ak lang ofisyèl yo, nou ka mande ki peyi y ap konstwi vrèman ? Antouka, se pa pwojè peyi konstitisyon 1987 la defini an. Ki fè, li klè lang se yon gwo zam politik ki pale pawòl moun pa oze repete nan bouch yo, ki montre ki bò chak gouvènman panche dapre jan yo sèvi ak 2 lang yo.

Yon politik amenajman lengwistik anndan deba politik ann Ayiti

Tankou nou di sa deja chwa yon òtograf ofisyèl pou lang kreyòl la se te yon premye pa pou rantre nan yon demach amenajman lang kreyòl la. Mizanplas Akademi kreyòl ayisyen an se pral yon pi gwo pa ankò. Poutan, si 2 desizyon sa yo enskri nan yon politik etatik fòmèl, peyi a ap gen chans vanse serye nan kesyon lang paske demach sa a t ap mande pou yon seri enstitisyon leta defini wòl yo dwe jwe nan kesyon sa a.

Politik se zafè leta paske se aparèy leta a ki pou pran desizyon pou peyi a. Men, an reyalite, nou obsève anpil fwa se nan sosyete sivil la yon seri sijè enpòtan koumanse brase anvan leta rann li kont gen yon pwoblèm serye ki poze. Kesyon politik ak amenajman lang nan peyi d Ayiti ap brase lontan nan mitan espesyalis lang yo : pwofesè Robert Berrouët Oriol ak twa (3) lòt lengwis, plis yon piblikasyon GRAHN deja prezante pwopozisyon pa yo sou kesyon an. Gen plizyè konferans ak kòlòk ki reyalize sou sa deja. Gen lòt lengwis ak pwofesyonèl nan lòt domèn ki gen opinyon oswa pozisyon yo sou kesyon an. Kesyon itilizasyon lang yo mande pou yo poze seryezman nan degre ki pi wo nan leta a. Men kouman pou sa rive fèt, si pa genyen moun ki metrize kesyon an nan nivo sa a ?

Atik sa a reprezante yon rèl pou tout lengwis ak lòt entelektyèl konsekan, se kòmansman yon pledwaye pou kesyon lang nan poze seryezman nan deba politik sou avni peyi a, kit yo ta rele li dyalòg nasyonal oswa konferans nasyonal. Fòk yo brase koze lang nan seryezman anndan pati politik yo. Si yon pati politik genyen yon pwogram ki pa touche kesyon lang nan peyi d Ayiti, sa vle di tou li poko byen poze kesyon sitwayènte a. Ki pwojè sosyete yo vize ? Yon sosyete egalego/ki chita sou enklizyon ? Yon sosyete ki bati sou Eta de Dwa ? Yon sosyete ki devlope ? Kèlkeswa ang nou deside touche lè n ap abòde pwoblèm nan, lang nan peyi d Ayiti se yon eleman fondamantal nan fondasyon yon veritab nasyon.

Yon sosyete sivil pwo-aktif ki rekonèt peyi a genyen anpil pou li tire nan tablisman yon politik lang kapab antre nan ajite kesyon an tou. Menm jan òganizasyon fanm yo fè pou kesyon entegrasyon fanm nan pati politik yo, tankou yo kontinye fè li pou aplikasyon kota pou fanm. Se wòl yon seri enstitisyon kiltirèl nan sosyete sivil la tankou kèk fondasyon ki fè eksperyans pa yo nan sèvi ak 2 lang yo nan ofri popilasyon an sèvis. Leta ayisyen genyen anpil pou li tire nan eksperyans enstitisyon sa yo nan kad tablisman yon politik amenajman lang pou peyi a.

Konklizyon

Soti 1804 rive jounen jodi, itilizasyon lang yo varye nan peyi a. Granmesi laprès ak kèk sitwayen angaje, kreyòl la rive fè premye pa nan pran plas li anndan kèk enstitisyon. Men, an reyalite se poko sa. Si peyi a rekonèt lang matènèl kòm yon zouti devlopman, espesyalman nan devlopman moun, si an menm tan an tou, li defini klè jan l ap sèvi ak franse a, gen anpil pwogrè k ap fèt. Deba ki fèt nan radyo, atik ki ekri nan jounal, entèvansyon nan kòlòk, desizyon Minis Joseph C. Bernard pou kreyòl sèvi nan lekòl ak sikilè primati nan dat 31 mas 2008 pou kreyòl sèvi kòm sa dwa nan administrasyon piblik la, tout se yon seri demach ki kore plan konstitisyon 1987 la trase pou peyi a nan zafè lang, men an reyalite pifò otorite nan peyi a pa enterese trete kesyon itilizasyon lang yo, poutan se yon gwo pwoblèm li ye. Sa ki rete pou fèt, se defini wòl pratik ak estratejik chak lang yo epi travay pou enstitisyonalize lang kreyòl la. Se yon egzèsis ki senpman mande anpil kouraj ak konviksyon. Li enpòtan tou pou travay konsyantizasyon an kontinye nan mitan popilasyon an yon mannyè pou elektè yo koumanse egzije kandida yo pran responsablite yo lè yo rive sou pouvwa. Ayiti bezwen yon politik lang pou li fini ak diskisyon initil sou lang epi pou li kreye kondisyon pou peyi a devlope ak youn nan pwòp resous li ki se lang kreyòl la.

…………….

* Pwofesè lang, edikatris, tradiktris