Español English French Kwéyol

Pwojè espesyal pou Jeremi ! Epoukipa plan pou devlope depatman Grandans

Revandikasyon òganizasyon peyizan nan Grandans nan okazyon vizit gouvénman an fè 22 mas nan vil Jeremi

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 21 mas 2014

Jeremi tankou tout lòt pi gwo vil peyi d’Ayiti, te konnen kèk bèl epòk kote zafè te bon ; lajan tap sikile nan vil ak nan mòn tou. Nan tan sa a, te gen anpil anpil pwodiksyon nan milye riral la.

Pwodiksyon viv te layite kòl nèt al kole apre Lendependans paske sosyete peyizan yo te jwenn yon bon klima ki te bay bon tè epi pèmèt tout mòn yo vèt ak pye bwa. Jaden kafe nan mòn tap bay kès Leta lajan pandan plis pase 150 an, lè a tou, negosyan kap ekspòte danre tap fè anpil lajan. Gwo benefis ki sòti nan danre te pèmèt fè wout, pon, lekòl, konstwi pò, mete elektrisite nan vil Jeremi.

Zòn Gran Vensan, Moron, Bomon, Chambelan, Pestel, Mafran, Dam-Mari, Ansdeno, Rozo, Makaya … pote Jeremi sou zepòl yo.

Kilti kakao ki te yon lòt danre ki te vann nan peyi etranje te kòmanse gen bèl pwodiksyon a pati lane 1854. Pwodiksyon an pral ouvè kòl nèt nan lane 1890. Sa ki te mete anpil lajan nan pòch negosyan ki tap ekspòte danre sa a. Nan lane 1932, kay Brezo yon ekspòtatè kakao nan Grandans, zòn Dam-Mari, te jwenn meday lò nan Ekspozisyon Entènasyonal ki te fèt nan vil Pari nan peyi Lafrans. Nan kòmansman ventyèm syèk la, pi fò pwodiksyon kakao peyi a te ekspòte, te pase nan pò Jeremi. Kafe nan zòn Grandans te pase nan pò Jeremi pou l ale nan peyi etranje. Nan lane 1950, Jeremi te voye lòtbò dlo, anviwon 5000T kafe.

Nan dènye bout ane trant (30) yo, epi pandan ane karant (40) yo, (1948), 20% ekspòtasyon fig bannann te pase nan pò Jeremi ; sa ki te bay apeprè yon milyon 850 000 rejim. Nou wè jan te genyen aktivite ekonomik nan vil la. Nan tan sa a yo, lajan tap sikile anpil nan Lavil Jeremi, kòb la te rive tou nan mòn yo. Men te gen lajan, gras ak kokenn pwodiksyon jaden peyizan yo.

Lè sa a tou, zòn nou te site yo, se yo menm ki tap vann bon mache : lam veritab, labapen, kokoye, mango, citron zoranj, chadèk, zaboka, pwa rouj, pwa nwa, mayi ak diri peyizan yo tap kiltive ak rekolte tou patou nan depatman an ; menm jan tou, pechè yo voye vann lavil la, pwason fre, lanbi ak piskèt lè sezon an ; epi, moun ki fè gadinay yo pèmèt lavil la jwenn viann kochon, vyann bèf, lèt elatriye.

Kidonk, se pa lavil la ki fè kilti kafe, kakao,bannann…Moun lavil la pa fè kilti danre ni kilti viv, Rochas, Bòd, Jibile, ni sou Granri anba lavil ; epoutan, gwo espekilatè ak gwo negosyan fè anpil lajan nan achte ak revann danre sa a yo.

Malgre sa, okenn pati nan gwo benefis ki fèt sou danre yo, pat retounen nan zòn riral yo. Pa genyen anpil (sak fèt yo ra) envestisman konsekan ki fèt pou amelyore kilti yo, nan mete kanpe fèm agrikòl modèl, sant rechèch,ak lòt sèvis, yon fason pou chanje kondisyon lavi peyizan yo.

Okontrè, plis tan ap pase, plis Leta ak gran nèg ap tòde ponyèt peyizan pwodiktè yo.Peyizan an vin pa jwenn okenn benefis nan travay li. Anpil peyizan vin lage de bra balanse ap manje mizè. Aloske depatman Grandans kapab kreye anpil anpil richès pou tout pitit li yo.

Gen yon bann politik Leta peyi a mete sou pye, kont enterè peyizan yo ak peyi a, ki pral mennen sitiyasyon mizè brital sa a. Se konsa, nan lane 1941 sou rejim Lescot, yon konpayi ki rele SHADA (Sosyete Ayisyano Amerikèn pou Devlopman Agrikòl) kraze jaden peyizan yo sou plizyè milye kawo tè nan Grandans, pou yo te plante pye kawotchou, anplis, konpayi sa a te koupe yon pil ak yon pakèt pye fwi ak pye bwa ki te sèvi pou peyizan fè kay yo ak kannòt yo.
Pi ta, pwodiksyon ak komès fig bannann ki te bay depatman an ak peyizan yo yon bèl bourad, pral kraze, akòz jan sèten patizan prezidan Estime pral vare sou komès sa a, pou yo fè anpil lajan rapid. Se te nan lane 1948-1950.

Sou rejim Divalye, nan lane 60 al pou 70, taks pouvwa a te mete pou ekspòtasyon chak sak kafe kafe te si tèlman wo, anpil peyizan te dekouraje paske danre a pat rapòte yo anyen ankò.

Nan lane 1981-1982, Jan-Klod Divalye pral otorize yo masakre yon milyon edemi kochon kreyòl ; se youn nan pi gwo kou, Leta ak gwo peyi etranje, bay agrikilti peyizan yo. Lè sa a, se pa pil ak pa pakèt peyizan Grandans pral kite milye riral la pou yo vin gonfle lavil oubyen pran kanntè.

Sa nou esplike la a, se pou fè konprann kouman zafè Jeremi kapab bon lè gen lavi miyò nan tout ti bouk yo ak bonjan aktivite ekonomik ki chita sou pwodiksyon nan zòn riral yo. Jan Anthony Lespès [1] te kon dil, Plis milye riral la ap depafini, se plis Lavil la ap sou lagraba. Se pou tèt sa, lè yon moun enterese pou lavil Jeremi vin reprann yon bèl figi epi mete sou pye anpil aktivite ekonomik, fòk li klè, se tout Depatman an ki pou reprann anpil aktivite nan pwodiksyon tout kalite ; se Grandans menm ki pou devlope.

Yon lòt bò, sitiyasyon difisil nou sòt wè a, pral vin pi rèd toujou, apati lane 1986 ak politik louvri vant peyi a, kote plan lanmò sa a depafini nèt ak ekonomi depatman an. Sitiyasyon pi fò moun nan Grandans vin pi grav, men pa peyizan yo, brital nèt alkole. Se atò malere ap vide lavil, se atò yap pran kanntè. Sitiyasyon tèlman rèd, anpil peyizan sètoblije tonbe nan koupe pye bwa pou fè chabon pou vann lavil. Tout mòn Grandans menase jodi a.

Jan nou wè sa, sitiyasyon Depatman an difisil anpil. Se pou sa, nap mande, gouvènman an, ak Leta Ayisyen, pou yo pa vini ak yon ti poud pou kouvri maleng lan. Se tap lave men siye atè.

Gouvènman an ak Leta peyi a, gen obligasyon atake veritav pwoblèm depatman Grandans yo, se lè sa a tou, pwoblèm lavil Jeremi ap rezoud piti piti. Paske pwoblèm Jeremi ak pwoblèm tout depatman an marye ansanm.

Veritab pwoblèm Grandans ak Jeremi

Priyorite leta a dwe ale nan sans refè baz ekonomik depatman an, kidonk baz pwodiksyon l. Se pousa, gen nesesite yon plan rejyonal pou pèmèt relans pwodiksyon nan tout domèn nan Depatman Grandans.

Plan sa a dwe prevwa san pèdi tan yon seri politik piblik pou :

• Bay pwodiksyon peyizan yo valè ;

• Frennen pwodiksyon chabon anraje sa kap fini ak grandans. Nan zafè chabon an se sitou sou peyizan yo lonje dwèt an premye. Men fòk nou chache konnen kiyès kap fè benefis 200 pou rive 250 goud sou chak sak chabon.

• Rive bay tè peyizan yo ap travay sekirite ; fè limyè sou sitiyasyon yon bann peyizan san tè ki abite ant Dichiti (komin pestèl ) ak Kanperin.

• Mete sou pye yon pwogram konstriksyon wout agrikòl ki ka gade lapli nan je, lè nou konnen kantite pèt peyizan yo fè akòz pwoblèm sa a ; epi pèmèt pwodui agrikòl yo rive sou mache.

• Mete kanpe fèm agrikòl pilot ak sant kap fè rechèch sou kilti peyizan yo fè plis nan depatman Grandans ; fòk nou fè lagrikilti yon lòt jan.

• Enstitisyon Leta pèmèt pwodiktè yo jwenn kredi nan bon kondisyon tou patou kote yap travay ;

• Leta fè aplike bonjan tarif ladwann sou tout powdui peyizan ayisyen kiltive , yon fason pou nou fini ak baryè lib ki kraze ekonomi peyi a ;

• Ministè agrikilti bay bonjan ankadreman pou agrikiltè yo ak tout lòt pwodiktè yo, nan mete plis BAC (Biwo agrikòl Kominal) ak ajan agrikòl byen fòme ;

• Apiye yon plan kap ede pi bon transpò ak konsèvasyon pwodui jaden yo. Jan yon agronòm fè konnen, sou 100 lam veritab peyizan Grandans keyi, li pèdi 65 ladan yo akòz move kondisyon transpò ak mank mwayen pou transfòme oubyen konsève fwi sa a ;

• Yon sipò tout bon ki genyen sibvansyon pou pwodiktè yo, epi pou Leta achte yon pati nan pwodiksyon an pou kantin lekòl, lopital, sant santé elatriye ; nan sans sa leta dwe fè kontra pwodiksyon ak pwodiktè yo.

• Yon pwogram kap ankouraje enstalasyon rezo piti ak mwayèn antrepriz pou transfòmasyon fwi , legim , sereyal…

2- Leta relouvri lekòl nasyonal pwofesyonèl (arts et métiers) ki te kreye nan lane 1936. Yon fason pou gen pwodiksyon ak reparasyon zouti pwodiktè yo ap itilize nan travay yo ; anplis chak seksyon kominal dwe genyen yonn oubyen 2 lekòl piblik ;

3-Relans aktivite yo fèt tou, pou gadinay ak lapèch. Lapèch se yon branch ki genyen anpil enpòtans nan zòn Lèziwa, Dam-Mari,Ansdeno, Koray ak Pestel. Fòk gen yon pwojè pou devlope sektè sa a ki dwe jwenn : bato pèch ak motè, Kredi pou mennen aktivite yo, lekòl pwofesyonèl pou metye ki gen a revwa ak lanmè, sipò pou konsèvasyon pwason ak lòt pwodui lanmè yo ;

4- Mete estrikti sante, paske pa gen pwodiksyon djanm san moun ki jwi lasante. Nan sans sa a, fòk lopital Sentantwann Jeremi a, ekipe ak materyèl kòm sa dwa pou l rive vin yon lopital Inivèsitè. Ministè sante dwe devlope yon rezo ti lopital, sant sante ak inite pou bay premye swen nan tout bitasyon ;

5-Rezoud pwoblèm asenisman ak lijyèn kap ravaje depatman an. Anndan vil jeremi sèlman, gen plis pase 2000 fanmi ki pa gen latrin. Se katye popilè yo ki plis touche tankou Sentelèn,anbalavil ,Nan site,Platon ak Mankadal. Gen 2 lòt komin kote kesyon asenisman rèd pou yo tou se Dammari ak ansdeno.

5- Kesyon elektrisite a kòmanse rezoud. Pou sa fèt, se nan pwodiksyon pou elektrisite ale an premye, paske se la richès ap kreye. Plis nou kreye richès, se plis nap kapab jwenn kouran pou tout tan pou nou fè lòt aktivite . 18 mas 2014

Men òganizasyon ki siyen dokiman sa :

APASD (Asosiyasyon Pwodiktè Agrikòl ak Estokaj Duranton, Jérémie)

SODEG (Solidarite pou Devlopman Gomye)

KATREK (Kolektif pou Apui Teknik ak Ranfòsman Kapasite)

Pou otantifikasyon :

Jérôme Desmangles, manm komite egzekitif KATREK


[1Anthony Lespès se yon agwonòm ki fèt nan vil Okay 7 fevriye 1907. Se te yon militan revolisyonè ki te kreye ak Etienne Charlier epi Max Hudicourt, Pati Sosyalis Popilè. Li te goumen anpil ; li te kite peyi a nan lane 60 sou diktati Divalye, li retounen apre. Yo aretel nan lane 1975, yo mete l Fò Dimanch. Li mouri nan lane 1978 akòz move tretman lit e sibi nan prizon an.