Español English French Kwéyol

Guy Alexandre : yon lòt sezon, yon lòt kalite moun, yon lòt peyi

Yon temwayaj Visrektè Fritz Deshommes prezante nan non Inivèsite Leta d Ayiti sou ki kalite moun diplomat ak anseyan Guy Alexandre te ye, nan okazyon Senpozyòm UEH òganize sou santans Lakou Konstitisyonèl Dominiken an (19-21mas 2014)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 20 mas 2014

Pou nou menm nan Inivèsite Leta a, Guy Alexandre se yon edikatè, yon entelektyèl, yon sitwayen angaje.

Guy se toudabò yon edikatè. Guy jwe divès wòl nan sistem edikasyon peyi a. Epi li se yon moun ki te kwè ke edikasyon se yon kokennchenn zouti pou devlopman peyi d Ayiti. Nou konn Guy kòm yon pwofesè, kòm manm sendika pwofesè, kòm fondatè lekòl, kòm yon chèchè sou kesyon edikasyon. Nou jwenn Guy tou kòm yon moun k ap reflechi sou politik edikasyon. Guy se yonn nan ekspè ki te fon nan pi gwo jefò ki fèt nan 50 dènye lane yo pou sistèm edikatif nou an ka pi kole ak reyalite peyi a, ak reyalite pwofesè yo, reyalite elèv yo, reyalite paran yo. Mwen vle pale de Refòm Bèna a.

Menm lè l vin anbasadè oubyen nan lòt pozisyon, Guy toujou rete yon edikatè. Li pa janm sispann montre enterè l pou edikasyon nan tout nivo. Li pa janm sispann pwofesè. Li pa janm sispann kenbe lakrè. Nan UEH la, nou fyè pou n di Guy te pwofesè lakay nou, nan Lekòl Nòmal Siperyè toudabò, nan Fakilte Lengwistik Aplike ak nan pwogram Metriz sou Istwa, Memwa ak Patrimwàn. Epi fòk nou sonje nan ki sikonstans Guy demisyone kòm Anbasadè Ayiti nan SenDomeng : se lè kèk atoufè ki te pre pouvwa a te kase pye Rektè Inivèsite Leta a nan dat 5 desanm 2003. Lè sa a Guy te di sa se twòp atò. Li pa t ezite fè solidarite ak pwofesè parèy li nan UEH nan moman sa a.

Guy se te yon entelektyèl tou. Sa vle di yon moun k ap reflechi, yon moun ki kwè nan lide, nan lide konsekan, nan analiz, nan bon konprann. Yon moun k ap chache laverite, yon moun k ap chache solisyon.

Yon moun k ap reflechi men k ap reflechi ak tèt pa l. Ki pa yon jako repèt. Yon moun k ap reflechi sou sitiyasyon, sou pwoblèm sosyete a, sou pwoblèm kominote a, sou pwoblèm peyi a, sou pwoblèm limanite. Yon moun k ap chache solisyon pou sa chanje.

Sa vle di yon moun ki pa pè di sa l panse. Menm si se pa opinyon tout moun. Men fèl konfyans, li toujou pare pou l eksplike pozisyon l.

Li konnen ou gen dwa pa dakò avè l. Li konn tande, li konn koute. Li kwè nan boukante lide. Li konprann tout richès ki genyen nan pale yonn ak lòt, nan chache sa k bon nan sa lòt la ap di.

Guy se yon entelektyèl tout bon. Pa egzanp, si w bezwen konprann tout bon vre kesyon relasyon peyi d Ayiti ak peyi Sen Domeng, ou pa ka pa chache konnen sa Guy Alexandre panse. Paske li fè anpil rechèch sou koze sa a, li fouye l, li viv li pèsonèlman, li reflechi anpil sou li. Kidonk li konnen l byen. Se pou sa tou li gen pwòp lide l sou kesyon an.

N ap di tou Guy Alexandre se yon sitwayen angaje. Nou ka sonje peryod 86-87, lè pi fò nan nou te di fòk nou chanje Leta a. Nou te konn di : « Tèt ansanm, tèt anplas, n ap chanje sa ». Guy se youn nan moun ki te fon anndan batay sa a. Kòlòk sou peyizan, konferans sou demokrasi, brase lide sou Dwa Moun, deba sou Edikasyon, sou lasante, sou lajistis, se pa de lide k t ap bouyi nan peyi a. Anpil nan lide sa yo pra l chita anndan Konstitisyon 1987 la. Si nou sonje byen, lè Asanble Konstityant lan te fenk mete Konstitisyon an deyò te gen kèk ezitasyon nan mitan nou. Guy ki te yon dirijan MAD (Mouvement d’Action Democratique) se youn nan premye pèsonalite ki te lanse mobilizasyon pou n al vote Konstitisyon an. Se te yon moman enpotan. Se te youn nan okazyon kote nou ta pral reyalize sa Pwofesè Marcel Gilbert te rele yon « Unité Historique de Peuple ».

Menm le Guy te anbasadè, li pa t janm sispann yon sitwayen angaje.

Yonn nan pi bèl egzanp Guy ba nou kòm sitwayen angaje se nan dènye moman sa yo, nan deba sou desizyon tèt chaje Lakou Konstitisyonèl Dominiken te pran pou retire nasyonalite plis pase 200, 000 dominiken ki gen rasin yo nan toyo peyi d Ayiti pou pifò nan yo.

Depi bagay sa a soti, Guy pa menaje tèt li. Ou tande l nan radyo, nan televizyon. Li ekri sou jounal. Li nan deba, nan kòlòk , nan konferans. Pou l pale, pou l eksplike, pou l bay dizon l, pou l pote limyè sou kokenn chenn krim sa a klas dominan dominiken yo pa pè mete sou konsyans yo. Guy tèlman revolte devan zak malonèt sa a, li pa ezite konpare moun sa yo ak nazi nan epòk Itlè. Li rele yo : nazyonalis.

Sou kesyon sa a, Guy fè anpil pou ede sosyete a ak tout gouvènman an konprann sa k ap pase a epi adopte yon pozisyon korèk. Nou jwenn Guy nan tout Karayib la, nan LOEA, nan UNASUR, nan tout kote pawòl sa a dwe pale, ap ede gouvenman an fè valwa enterè peyi D Ayiti. Gen de lè tou, nan gwo òganizasyon entenasyonal sa yo, li rantre nan deba a, li twoke kòn li ak kèk reprezantan dominiken ki te konprann yo te ka fè n pran Nanna pou Sizàn.

Nou konnen : lavèy Guy al kite nou, li te nan Rektora Inivèsite Leta a ak Pwofesè Watson Denis ak tout yon ekip, ap ede n prepare senpozyòm n ap òganize jounen jodya. Paske Guy te yon manm enpòtan Komite Senpozyòm nan

Se pou sa, lè n te tande nouvèl la nou pa t vle kwè. Nou pa t ka kwè. Nou pa t pare pou n aksepte l.

An n rezève yon minit pou nou santi jan Guy avek nou nan moman n ap pale a. An n kanpe pou yon minit.

(Yon minit silans ak refleksyon)

Guy ki ale a raple n yon moman. Li raple n yon epòk. Li raple n yon kalite moun. Li raple n jan n te met tèt ansanm pou n te di men vizyon nou, men pwojè nou, men ki sa n vle fè ak peyi a, peyi nou an. Li raple n sezon lespwa. Li raple n jan n manke genyen batay la. Li raple n jan n ret rout pou n fè toujou.

Li fè n sonje tou nou gen egzanp, nou gen modèl, nou gen referans, chak fwa n ap chache yon entelektyèl konsekan, yon pwofesè tout bon ak yon sitwayen ki konn devwa l pa rapò a bout tè sa a.

Tankou Lynn, Madanm li, te di : Guy ban nou anpil. Guy montre nou anpil. Guy kite anpil pou nou. Ann di l mesi. Ann kite l repoze l. Li merite sa.

Nan non Inivèsite Leta a, mèsi anpil anpil anpil Anbasadè, pwofesè, ekriven, sitwayen, kolèg, zanmi Guy Alexandre.

19 Mas 2014

Fritz Deshommes
Visrektè Rechèch