Deklarasyon solidarite fanm ayisyèn (SOFA)
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 21 fevriye 2014
22 fevriye 1986 – 22 fevriye 2014
28 lane batay SOFA nan mennen yon lit ideyolojik ki chita sou prensip egalite Fanm ak Gason kòm sitwayèn/sitwayen nan tout nivo;
28 lane batay SOFA pou defann, pwoteje epi fè respekte dwa fanm onivo ekonomik, politik ak sosyal;
28 lane kote n ap poze gwo pwoblèm k ap brase bil sosyete a tankou dominasyon, esklizyon, esplwatasyon, enpinite, koripsyon, lasante, ledikasyon, grangou ak lavichè, chomaj elatriye;
28 lane konstriksyon yon òganizasyon fanm ki sèvi espas pou fanm yo egzèse pratik demokratik patisipatif, lidèchip, aprann ansanm nan dyalòg ak respè youn pou lòt.
Jodi a, 28 lane apre fondasyon nou, si nou ta vle fè bilan nou nan SOFA, li klè onivo òganizasyonèl gen gwo pa ki franchi paske nou soti ak mil manm sou 2 depatman pou pase a 10 mil manm nan 7 depatman (Grandans - Latibonit – Lwès- Nò – Nòdwès - Plato Santral – Sidès). Anpil nan manm SOFA pran fòmasyon, yo fè anpil esperyans epi yo vin devlope yon lidèchip nan seksyon kominal, komin, depatman kote y ap milite.
Ansanm nou rive pran wout pou kreye plas, pou fanm yo patisipe nan pran desizyon ki enpòtan pou peyi a, epi rive pote kesyon fanm nan, nan pi wo nivo Leta a.
Nou pote tou kesyon Sante fanm ak Vyolans kap fèt sou fanm nan Ajanda Nasyonal la.
Men anmentan tou, nou dwe rekonèt chak jou demokrasi n ap goumen pou li depi 86 la, ap pran souflèt nan men yon pouvwa k ap mennen yon politik devlopman krizokal pou plen pòch yo, sou pretèks peyi a louvri pou biznis. Kwasans y ap klewonnen an, se pou yo ak zanmi yo. Li pa desann nan mas pèp la k ap trimen, ki pa kab menm benefisye yon ti ogmantasyon salè minimòm.
Y ap voye monte yon pawòl chanjman tèt anba pou ranfòse pratik otoritè. Menm si Pouvwa Mateli a pran pòz enterese nan dyalòg, tout ajisman l montre li vle pase pou pouvwa siprèm. L ap chèche kontwole tout aparèy leta ak tout enstitisyon endepandan. Pouvwa jidisyè mare nan pye tab li, menm jan ak yon bon pati nan Palman an, Konsèy Elektoral, Lakou Siperyè Dèkont e latriye.
Nan menm demach kontwòl otoritè a, pouvwa Mateli a pase lwen eleksyon pandan li boure tout espas pouvwa lokal yo ak ajan egzekitif enterimè. Konsa, konstitisyon yo te koumanse demanbre nan amandman chanpwèl ki wete lespri patisipasyon popilè a, rejim sa a mete l sou kote nèt. Anplis, l ap naje nan enpinite ki ban nou kalte krim ki fèt nan dat 8 fevriye a, sou militan defansè dwa moun, Daniel Dorcinvil ak madanm li Girldy Larêche. Pouvwa Mateli a ranmase eritaj diktatè Jan Klod Divalye l ap chèche remete sou pyedestal.
Anreyalite mak fabrik pouvwa sa a, se yon pouvwa dechèpiyè, banbochè, otoritè, awogan restavèk ki pa menm kab leve tèt devan Repiblik Dominikèn k ap pase figi peyi a nan betiz.
28 lane apre ouvèti demokratik 86 la, 28 lane apre SOFA fin fonde menm jan avèk yon valè lòt òganizasyon demokratik, jounen jodi a, nou gen gwo defi devan nou. Defi pou n kontinye fè kòz fanm nan vanse epi pou van otoritaris k ap soufle a, pa bwote rèv demokratik nou. Rèv pou tabli yon sosyete jis, egalitè.
Jan nou te koumanse di li 22 fevriye 1986, nou rete kwè ak tout fòs nou :
LIT FANM NAN SE LIT TOUT MAS PÈP LA!
Marie Frantz JOACHIM
Kòdonatris Jeneral SOFA