Propos tenus lors d’une cérémonie réalisée à l’initiative des organisations féministes Kay Fanm et Sofa pour honorer la mémoire des victimes du séisme du 12 janvier 2010, dont plusieurs militantes féministes
Documents en Français et Créole transmis à AlterPresse
(Extraits)
Le 12 janvier 2010 a vu disparaître plus de 200 000 personnes, en particulier à Port-au-Prince, Léogane, Jacmel, Petit-Goâve et Grand-Goâve.
Nous sommes les parentes, les amies, les collaboratrices, les voisines des milliers de femmes emportées.
Nous sommes les sœurs de combat d’Anne-Marie Coriolan, Magalie Marcelin et Myriam Merlet.
Nous sommes des féministes qui voulons saluer la mémoire de nos compatriotes, en particulier celle des femmes qui ont contribué à construire le mouvement féministe haïtien.
Tant et aussi longtemps que des femmes porteront les idéaux du féminisme en Haïti, tant et aussi longtemps que des femmes s’élèveront pour combattre les discriminations et les inégalités, le mouvement sera toujours vivant. Et, il l’est bien.
Nos pertes sont nombreuses et la douleur est terrible. C’est justement pour cela que nous qui avons survécus au séisme, nous nous devons d’échanger, de partager nos idées. Nous devons parler pour supporter la douleur. Nous devons nous parler pour trouver la force de continuer à nous tenir debout, afin de pouvoir travailler pour qu’Haïti elle-même se redresse bien droite, comme un palmier royal.
Commémorer le 12 janvier, c’est une manière d’attester de notre indéfectible engagement dans la promotion et la défense des droits des femmes, l’accompagnement des groupes de femmes, la solidarité avec les organisations citoyennes et le mouvement populaire, en vue de construire une Haïti souveraine, socialement juste, solidaire et respectueuse des droits humains de toutes et de tous.
Lèt pou feminis ki tonbe nan tranblemandtè 12 janvye 2010
Pòtoprens, 12 janvye 2014
Anne Marie, Magalie, Miryam,
(Estrè)
Anne Marie, nou pa bliye kouman konviksyon w nan edikasyon ak fòmasyon ede lit fanm nan peyi d’Ayiti. Nou sonje kouman ou t ap miltipliye kontak toupatou patikilyèman nan Amerik Latin nan pou idantifye feminis, pou vin òganize seminè fòmasyon sou tematik vyolans sou fanm ak sante fanm, jouk nou rive apwopriye nou yo , pou yo vin tounen chwal batay nou.
Si anndan peyi a, gen anpil pa ki fèt pou leve tout tabou sou vyolans sou fanm, pou viktim yo pale, pou yo kab jwenn estrikti pou akonpaye yo, se gras a ou. Mèsi Anne Marie. Anprent sa make nou anndan SOFA ak yon lank ki pa ka efase.
Se sa ki pral esplike nan dènye gwo aksyon nou fè, Palman Senbolik Fanm yo, estrateji sa a, te gide nou e te ede nou anpil. Palman Senbolik Fanm yo te sèvi yon gwo espas pou nou aprann ansanm non sèlman nan mitan nou nan moman n ap prepare evènman sa a nan SOFA, men tou ak lòt òganizasyon sè, patikilyèman Kay Fanm.
Magalie, noumenm militant feminis SOFA ak Kay Fanm t ap poze tèt nou kesyon, sou wòl ou t ap pi enterese jwe nan similasyon nou te fè ak Palman senbolik la. Nan moman preparasyon yo, nou te gen imaj ou kote ou t ap òganize Tribinal Senbolik kont vyolans sou Fanm. Nan moman fatig nou, angouman ou te deplwaye nan Tribinal Senbolik la nan mwa novanm 1997, te ban nou anpil fòs pou nou kontinye akonpaye fanm nan tout sikonskripsyon yo, yon fason pou pawòl fanm nan divès kwen peyi a te kapab pale.
Nou sèten, ou t ap pi alèz nan wòl Palmantèz pou pote pawòl fanm yo, pou ankouraje yo rantre nan batay politik la, jan w te fè nan moman kote nou t ap fè yon sitin devan Primati a pou mande pou tout doktè kapab delivre setifika medikal. Ou te di medam yo : « Pou ki sa n ap gade nou konsa a. Si se pat batay feminis yo, jodi a, nou pa t ap rete yon plim sou bra nou, chalè dife t ap fin boule tout ».
(…)
Miryam, noumenm militant feminis SOFA ak Kay Fanm gen garanti, ou t ap enterese jwe wòl Premye Minis nan Palman Senbolik Fanm yo. Ou t ap ansanm ak nou nan tout etap preparasyon Palman Senbolik la, pou mete gwo esperyans ou te fè lè w te òganize kòlòk sou sitwayènte a nan mwa desanm 2005. Anmenmtan ou t ap nan ekip teknik k ap travay sou lwa sou egalite ant fanm ak gason nan kad suivi Palman Senbolik la.
Nou konnen kouman ou t ap reflechi, pwodui anpil lide sou kesyon egalite fanm/gason nan kad plan egalite fanm/gason ou t ap travay nan Ministè Fanm nan. Nou kontinye travay ou a. Zafè pou tifi rete nan sistèm edikatif lè yon ansent pou yo pa viktim diskriminasyon, zafè mekanis pou asire aplikasyon epi suivi lwa sou egalite fanm/gason, déjà enskri nan pwopozisyon n ap travay sou li a.
Nou konnen tou, menm jan nou abitye fè li, lè youn nan nou ap travèse yon moman difisil nan lavi l, nou t ap pote gwo solidarite ak Jesi Manigat nan moman soufrans li. Men helas !
4 lane apre tranblemantè a, otorite yo ap pale de rekonstriksyon tribò babò. Fòk yon moun chèche anpil pou l ta wè ki sa bilan rekonstriksyon an gen ladan l.Nou wè déjà gwo kout kòlè nou tou letwa ta fè devan tout manti otorite sou pouvwa ap bay san yo pa jennen yo.
Ala wontèz, nan 7 mwa, inivèsite Limonad konstwi, Lekòl prive ak kongreganis, gwo batiman labank, gwo makèt rekonstwi, Premye Minis la toujou rete nan nivo anons nan sa ki konsène konstriksyon batiman piblik yo Komkwa Otorite yo pa wont ap mache lwe kay adwat agoch pou loje Ministè yo. Popilasyon an pa gen okenn enfòmasyon sou sa k ap pase ak lekòl piblik ak lise ki te efondre yo.
Ala revolte nou t ap revolte pou kalite pwogram ki pote non sosyal - ti manman cheri, ede pèp ki fèt nan kraze diyite fanm yo, nan ankouraje fanm fè plis pitit, nan ankouraje asistana, alòske fon sa yo te kapab mete pwogram pi estriktirèl epi ki dirab pou kontinye devlope ane apre ane.
Ala revòlte, nou ta revòlte lè nou ta tande, rekonstriksyon peyi a limite nan konstriksyon plizyè gwo otèl san nou pa konnen nan kad ki plan rekonstriksyon otèl sa yo enskri ! Ki sa k ap pase avèk anba lavil la ? Ki plan pou rekonstwi sant komèsyal Pòtoprens la ?
Premye Minis ap bat lestomak li, gouvènman an retire moun anba tant. Se nòmal, paske Prezidan Mateli, lè li te kandida, li te sèvi ak Kan pou li te fè kanpay. Li te di l ap retire moun anba tant. Se vre jodi a, pa gen tant ankò sou Plas piblik yo, men 242 mil moun sa yo ki kote yo ye ? kouman nou rele : Kanaran, koray seslès ? Si nou konprann gouvènman an retire popilasyon anba tant sou Channmas, Plas Bwaye, anba je, li al kache yo andeyò Potoprens pou yo kontinye ap viv nan menm move kondisyon yo.
(…)
Nan non tout Ayisyen fanm kou gason nan divès sektè ki pèdi lavi yo 12 janvye. Nan non tout kanmarad sè nou yo, Myrna Narcisse, Bernadine Bourdeau, Myrlande Dorvilus, Mireille Neptune Anglade, Gina Porcena, Nicole Grégoire, Lucienne Prudent, Valerie Tardieu, Josianne Deshommes, Marie Michele Gaspard, Amina Moise, Yolaine Heurtelou Lherisson ak anpil lòt n ap kontinye kenbe flanbo lit la byen wo pou atenn ideyal yo t ap defann pou gen yon Ayiti kote fanm kou gason kapab jwi dwa sosyo ekonomik yo patikilyèman dwa lojman. Sa vle di pou gen plan ak pwogram ki ofri popilasyon an posiblite pou jwenn bon kay pou yo viv.
Pou SOFA, Marie Frantz JOACHIM
Pou Kay Fanm, Daniele Magloire