Atik ki soti nan Mèt Kò Veye Kò, bilten Platfòm Ayisyen k ap Defann Dwa Moun (POHDH), nimewo 2, jiyè 2004
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 4 out 2004
Semèn ki sòt pase yo, kèk medya (radyo sitou) te chita sou sitiyasyon ouvriye k ap travay nan izin CODEVI yo nan zòn franch Wanament lan. Menm si sa pa t dire, ti tan yo te bay pou trete kesyon sa a te kont pou lonje dwèt sou pwoblèm yo. Pou Platfòm nan k ap chèche sansiblize lopinyon piblik la sou dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo se deja yon bon bagay paske sitiyasyon ouvriye yo, pwoblèm sosyal yo pa janm jwenn plas yo merite nan aktyalite a. Piblikasyon rapò Platfòm nan, ki fèt menm lè ak kèk lòt entèvansyon, jwe yon gwo wòl nan sa a. Pawòl ki di nan rapò a fè anpil moun nan kèk sektè, anpatikilye kèk ekonomis, sòti nan silans yo. Pandan n ap tann yo repare tout zak vyolasyon nou denonse yo, deba sa a ki louvri a se deja yon satisfaksyon pou Platfòm lan.
Nan tout pozisyon ki sòti nan laprès yo, nou jwenn twa (3) mo-kle : « travay », « kwasans » ak « dwa moun ». Menm si yo pa di l aklè, gen moun ki panse « travay » ak « kwasans » pa mele ak dwa moun. Yo menm kwè zafè « dwa moun » sa a kapab bloke kwasans (ekonomik) lan epi anpeche chomè yo jwenn travay (oubyen anpeche bizismann kreye travay).
Pou atire bizismann etranje nan peyi a, prèske tout moun dakò pou yo di fòk peyi d Ayiti ofri plis avantaj (mwayen pou fè plis benefis) pase sa lòt peyi yo ofri. Men gen kèk moun, lè y ap pale sou avantaj sa yo – yo rele avantaj konparatif – yo wè sèlman posiblite pou bizismann yo peye ouvriye yo mwens kòb. Sou pretèks avantaj konparatif, moun sa yo panse fòk ouvriye yo pa fè pyès revandikasyon. Pou patwon ak moun sa yo ki panse menm jan an, depi ouvriye yo ap mennen aksyon pou defann dwa yo se zak briganday y ap fè.
Tout sa mennen nou poze tèt nou anpil keksyon : èske « kwasans ekonomik » ak « travay » pa mache vrèman ak « respè dwa moun » ? Ki sa nou dwe mete devan ? Dwa moun ? Kwasans ? Eske defans dwa moun kapab kanpe anfas lwa ekonomik bout di yo ?
Pou reponn kesyon sa yo, nan sans pou montre diyite moun vin anvan tout bagay, nou pa kapab sèlman deklare dwa moun nan pawòl oubyen nan kèk fòmil filozofik. Dwa moun dwe yon reyalite nan tout estrikti sosyete a (depi nan baz ekonomik la rive nan tèt politik la). Lwa yo se mwayen ki kapab pèmèt enpoze dwa moun yo nan tout estrikti sosyete a. Egzanp : Se atik 123 kòd travay la sou konje peye ki bay dwa pou ouvriye yo repoze yo yon fòm konkrè. Men, menm lè dwa moun yo pran fòm lalwa, yo kapab vyole yo epi moun k ap vyole dwa moun yo ap toujou jwenn pawòl pou jistifye zak vyolasyon y ap poze yo.
Nan ka ki konsènen nou la a, patwon yo, aprè yo fin vyole dwa ouvriye CODEVI yo, vini ak yon seri pawòl kòmkwa revandikasyon salè ak tout sa ki mache ak li tankou dwa pou ouvriye yo òganize yo an sendika (ki sanble tèt pou tèt avèk dwa pou tout sitwayen òganize yo an asosyasyon) vin twouble kwasans ekonomik lan (devlòpman endistri yo) ak travay.
Lè yo mete nan yon menm pake kwasans ak travay (anplwa), lè yo dekrete revandikasyon pou yon pi bon salè se fren pou kwasans, patwon yo vle fè nou bliye twa (3) dimansyon travay genyen nan sosyete modèn nan :
· Travay se kontribisyon nan devlòpman pwodiksyon an ak kapital la (lajan ak tout byen materyèl patwon envesti), se travay ki kapab pèmèt gen plis izin oubyen lòt mwayen pou pwodui ;
· Travay antre nan rapò machann yo piske ouvriye yo vann fòs travay yo (konesans yo ak kouraj fizik yo) bay patwon yo pou yon salè ;
· Travay se mwayen entegrasyon sosyal, li dwe bay ouvriye a posiblite pou l mennen yon lavi nòmal, reponn ak tou bezwen l epi antre nan tout aktivite sosyete a.
Si patwon yo panse dwa moun nan voye jete de (2) premye dimansyon yo, twazyèm dimansyon an rann preyokipasyon pou dwa moun nan lejitim.
Premye dwa moun genyen se dwa pou li viv. Paske moun se yon animal sosyal li dwe gen posiblite pou l repwodui tèt li, devlope tèt li nan sosyete a, devlope tout kapasite l : fizik tankou entelektyèl. Travay dwe pèmèt moun sòti anba dominasyon grangou, gen kay pou l rete, jwenn bon jan fòmasyon entèlektyèl, satisfè bezwen l, jwenn laswenyay, pran plezi l, elatriye.
Konsidere travay nan de (2) premye dimansyon yo ki wè sèlman aspè ekonomik la (oubyen machann lan) se pran salarye a oubyen ouvriye a tankou bèt. Si nou ta konsidere kwasans kòm sèl objektif travay, nou ta kapab tou pran lesklavaj pou yon bagay nòmal. Konsa, lè nou ta pran chif pwodiksyon sik pandan epòk Ayiti te anba dominasyon Lafrans, nou ta mèt di Sen Domeng se pi bon kote pou moun ta viv sou latè. Si pou n ta pran travay sèlman nan lojik kwasans ak ògmantasyon kapital, yo ta mèt voye tout timoun al travay nan min chabon tankou sa te konn fèt lè rèn Victoria te sou pouvwa an Angletè (l837-1901) ; sa ta parèt nòmal pou patwon yo ka jwenn yon fòs travay bon mache, preske gratis. Epi, nan ka sa a, poukisa pou yo pa ta ka fèmen lekòl primè (pase anba pye konstitisyon an ki mande nan atik 32.3 pou tout timoun ale lekòl) epi voye tout timoun travay nan zòn franch pou fè Ayiti vin pi konpetitif ?
Tout bagay sa yo se pou di kesyon travay ak salè a se pa sèlman yon zafè kalkil ekonomik epi se pa sèl patwon yo ki ka bay dizon yo sou sa. Ouvriye a tou gen mo pa l pou l di. Jan yo vle fè pase aktivite sendika yo pou dezòd rafrechi memwa nou sou jijman ki te fèt, an janvye 2003, kont de (2) sendikalis chinwa ; yo te akize yo kòm moun ki te nan tèt yon mobilizasyon ki te rasanble 30,000 salarye konsa nan mwa mas 2002 a, nan pwovens Liaoning. Ouvriye sa yo t ap egzije pou yo peye yo salè ak dedomajman. Eske boujwazi lakay nou yo kanpe sou menm pozisyon ak biwokrat Peken yo ? Nou konprann pou kisa zizye patwon ayisyen yo bat lè yo wè jan Lachin ap vin konpetitiv. Se paske pa gen dwa demokratik yo nan Repiblik Popilè sa a ki anpeche gen aktivite sendika lib (savledi ki pa sou lobedyans Pati Kominis Chinwa a). Pozisyon boujwazi a fè nou mande tèt nou si valè demokratik ki te fè boujwazi a mande pou Jean Bertrand Aristid ale a pa okenn plas antrepriz yo ?
Salè a dwe pèmèt distribisyon kwasans la ki se anvan tout bagay rezilta travay la. Si sa fèt se jistis, e se jistis sosyal, kondisyon nesesè pou yon Leta ki chita sou lalwa ak sou dwa moun. Si sa pa fèt, kontra sosyal la pèdi tout sa ki fè l yon kontra sosyal tout bon ; yo koupe poto-mitan ki kenbe l. Yon lòt bò, nou kapab di : yon kontra sosyal ki pa pran an konsiderasyon dimansyon entegrasyon sosyal la se yon kontra k ap mache sou yon sèl pye.
An Ayiti, kote n ap batay depi plis pase ven (20) tan pou rantre vrèman nan « demokrasi », kesyon sa a merite anpil atansyon paske nou pa janm genyen, menm sou yon fòm redwi, yon Leta sosyal oubyen yon Leta ki bay tout moun asistans sitou a sila yo ki pi bezwen l (Leta pwovidans). Dèyè deba sou kesyon travay la (anplwa a), pri travay la, genyen yon lòt deba sou ki sosyete nou vle bati an Ayiti. Kontra travay la pa ta ka ranplase kontra ant sitwayen yo ki se baz menm yon sosyete demokratik. Se ta reflechi tankou sèvèl wòwòt, si nou ta kwè 2 kontra sa yo (kontra travay ak kontra ant sitwayen yo) marye youn ak lòt. Men, lè nou gade byen, moun k ap travay nan antrepriz yo kòm ouvriye se sitwayen yo ye tou. Savledi, tankou tout lòt endividi nan sosyete a, yo dwe jwi tout dwa yon sosyete demokratik ka ba yo kòm sitwayen. Youn nan dwa sa yo se posiblite pou yo egzije bon kondisyon travay ki respekte diyite moun. Lè yo deside pou fè lajan tounen sèl bousòl yon sosyete, yo deside klèman pou anpeche sosyete sa a vin yon sosyete demokratik. Nan yon sosyete demokratik, antrepriz yo pa ka yon espas kote patwon yo ap egzèse diktati. Sosyete demokratik la se yon sosyete kote yo bay tout moun posiblite pou yo jwi tout libète yo nan tout dimansyon yo.