Español English French Kwéyol

SAKS ak Gwoup Medialternatif fè solidarite ak Radyo Kiskeya epi jounalis Liliane Pierre-Paul

Nòt pwotestasyon ak solidarite SAKS ak Gwoup Médialternatif

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 17 septanm 2013

Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) ak Gwoup Medialternatif, denonse asiyasyon Jij Lamarre Bélizaire ak sipò Dwayen Raymond Jean-Michel voye bay Radyo Kiskeya ak jounalis Lilianne Pierre-Paul poutèt yon enfòmasyon piblik jounalis la difize.

Pou SAKS ak Gwoup Medialternatif, demach Jij Belizaire a se yon lòt atak kont dwa jounalis yo genyen pou chèche enfòmasyon epi bay popilasyon an enfòmasyon dapre Konstitisyon peyi d Ayiti ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun.

Demach jij Belizaire a pilonnen tou devwa pwofesyonèl jounalis ak medya genyen pou pwoteje sous enfòmasyon yo.

SAKS ak Gwoup Medialternatif kòm 2 enstitisyon patnè radio Kiskeya e k ap fè pwomosyon dwa kominikasyon ak libète lapawòl, nou gen gwo enkyetid e n ap poze tèt nou kesyon devan deklarasyon ak konpòtman otorite yo ki sanble sèmante pou yo pa respekte dwa laprès ditou.

SAKS ak Gwoup Medialternatif pote tout solidarite yo bay Radio Kiskeya ak konsè Lilianne Pierre-Paul.

Baboukèt la pap tounen !

Pòtoprens, 17 septanm 2013

Pou Medialternatif : Gotson Pierre

Pou SAKS : Sony Estéus