Kominike divès òganizasyon nan plizyè zòn an Ayiti
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 15 jiyè 2013
Noumenm òganizasyon ki soti nan katkwen peyi a ki t ap reflechi sou sitiyasyon peyi a, nou mete nòt sa a deyò pou nou fikse pozisyon nou sou zak MINISTA yo epi pou n mande depa fòs okipasyon an ak reparasyon pou viktim yo.
Depi jen 2004, yon fòs okipasyon debake nan peyi a pou vin mete chita epi sekirize plan enperyalis la ap mitonnen pou peyi a.
Depi lane 1980 yo, enperyalis meriken ak divès lòt peyi enperyalis ap mitonnen yon seri plan pou kokobe peyi a epi kenbe l anba grif yo. Nan lane 1980 yo, yo te pote, nan valiz yo, plan meriken pou basen karayib la ki te pote non CBI (Inisyativ Pou Basen Karayib la).
Pandan lane 1980 yo, sou direksyon FMI ak Bank Mondyal, yo foure nan gagann nou, plan neyoliberal la, ki pèmet yo touye kochon kreyòl nou yo, kraze pwodiksyon nasyonal la, epi privatize antrepriz piblik yo oubyen mete yo an degraba. Nan kad plan sa a ki pran divès fòm tankou: CCI, DSNCRP, CIRH elatriye, yo rive konstui yon sitiyasyon mizè anraje pou fòse travayè ak travayèz yo al travay nan faktori pou yon salè mizè. Youn nan eleman esansyèl nan plan enperyalis la, se pwofite mendèv bon mache a epi pèmèt militinasyonal yo ranmase tout richès ki anba tè ak anba lanmè. Se nan kad sa a, pouvwa anplas la deja siyen anviwon 50 kontra pou eksplorasyon ak ekplwatasyon kuiv ak lò ki anba tè peyi a, san konte kontra ki siyen sou kesyon petwòl. Nan moman kote ekip bandi legal yo ap pare pou yo vann peyi a an gwo tankou an detay, sou pretèks peyi a louvri pou bisnis, piyaj la ap pran plizyè fòm tankou :
Piyaj resous natirèl yo tankou eksplwatasyon min kuiv, lò ak petwòl
Pran tè peyizan yo pou fè zòn franch, jan sa deja fèt nan plenn Maribawou ak nan Karakòl.
Nan souse san travayè/travayèz pou yon salè mizè
Nan fè refòm fonsyè tisourit pou sekirize envestisman miltinasyonal yo
Diferan pouvwa ki pase nan tèt peyi a depi lane 1980 pou rive jodi a, ansanm ak boujwazi a, toujou kolabore ak enperyalis la pou ateri plan lanmò sa a. Nan demach pou mete peyi a anba kontwòl yo, peyi enperyalis yo, boujwazi restavèk la ak politisyen restavèk yo rive mete peyi a ajenou sou plan ekonomik, politik ak sosyal. Non Sèlman yo rive konstui yon mizè anraje, yo rive kontwole lavi politik peyi a nan tout detay li. Menm rezilta eleksyon se enperyalis la, atravè enstitisyon restavèk li yo, ki bay yo anfavè kandida ki plis pare pou siyen pou yo eksplwate richès peyi a devan dèyè.
Depi 2004, se MINISTA ki gen responsablite pou sekirize pwojè sa a. Men, yo fè anpil moun kwè se pou mete lapè MINISTA vini. Alòske peyi a pa nan lagè ni ak tèt li, ni ak lòt peyi. MINISTA pa kontante l nan fè travay sa a sèlman. Akote misyon anba chal MINISTA ap egzekite sou kouvèti misyon pou lapè, fòs okipasyon an melanje nan tout kalite move zak, jan sa konn fèt nan tout peyi okipe. Pami dividal zak MINISTA poze yo n ap site :
Enplikasyon fòs okipasyon an nan aktivite lajan dwòg tankou sa te fèt nan Podpè kote sòlda Samson Mangle te enplike nan eskandal lajan dwòg Pòdpè a.
MINISTA vyole espas plizyè fakilte nan inivesite leta a. Nan Fakilte Etnoloji, yo rantre nan Fakilte a, yo arete epi maltrete etidyan Frantz Mathieu Junior.
Fòs okipasyon an fè kadejak sou anpil jenn fanm ak jenn gason. Pami yo, nou ka site: Jonny Jean nan Pòsali ak Roudy Jean nan Gonayiv.
MINISTA pann nan pwop baz li, yon jenn gason Gerald Gilles nan vil Okap
Pigwo kou MINISTA bay popilasyon an, se epidemi kolera a ki deja touye plis pase 8 mil moun epi voye anviwon 700 mil lòt al kouche sou kabann lopital.
Douvan sitiyasyon malouk sa a, nou menm òganizasyon politik revolisyonè, òganizasyon peyizan, òganizasyon jèn, òganizasyon fanm ak radyo kominotè popilè ki soti nan kat kwen peyi a, nou mande :
1) Pou MINISTA kite peyi a san pèdi tan, se poutèt sa nou apiye kare bare rezolisyon senatè yo pran pou mande MINISTA kite peyi a pou pita nan mwa me 2014 la
2) Pou tout sant tretman kolera yo bay viktim kolera yo setifika medikal anvan yo kite sant yo
3) Pou Nasyonzini repare peyi a epi bay tout viktim kolera ak kadejak yo dedomajman pou zak yo sibi a
4) Pou gouvennman ayisyen an sispann jwe wòl avoka MINISTA, men pou li travay pito pou pèmèt peyi a ak viktim yo jwenn reparasyon.
5) Pou tout oganizasyon ak patriyot konseknan nan peyi a koumanse kanpe komite ak brigad patriyotik nan tout kwen peyi pou deboulonen okipasyon peyi a nan tout dimansyon
Viv yon Ayiti Granmoun!
Viv lit pèp la!
Monwi, 15 jiyè 2013
Oganizasyon ki siyen nòt sa a
Pati Kan Pèp la Nasyonal Marc-Arthur Fils-Aime
MODEP Lwès Guy Numa
Sèk Gramsci Lwès Harry Moise
FDDPA Branch Lwès Nerius Jean Louisiyis
CMD-OD Lwès /Tigwav Milord Mondesir
OPA WOUT Lwès (Gresye) Jean Benson Elissaint
FGPB Lwès/Bèlfontèn Jean Paul L. Edmond
BELAD Lwes/Bèlfontèn Jean Jules Vicson
AKP Lwès Journo Lafalaise
MOLEGHAF Lwès Villier Jean Marc
OJAD Lwès/Tigwav Pierre Louis Didier Emmanuel
OD4SS Nò Herode Jean Francois
MPK Nò/Katye Moren Saintus Délius
POPKA Sid Noel Angenor
Tèt Kole Sid Sid Ramon Gaznat
ODTCS Sid/Kavayon Gesois St Val
PREPLA Latibonit Frémiot Nicolas
OJD1 Latibonit Joseph Roody
RODPV Latibonit Joseph Ecclesiaste
ODP5V Latibonit/Vèrèt Redel Sylveste
MOPDAD Latibonit Versey Claubert
ROPYAMG Latibonit/Gwomòn Saint Hilaire Seldieu
Radyo Vwa Chenn Kawo (RVCK) Latibonit Cherilus Vilga
AIL Latibonit/Senmak Harmony P. Kedanol
Jèn Tèt Kole Tirivyè Latibonit Nickson Pierre-Louis
OJDZ Latibonit/Verèt Dorinvil Claude
FODDEG Latibonit Senor Cérémy
KODEP Latibonit Lubrenard Rosemanie
FDDPA Branch Latibonit Dieuseul Charles
Radyo Zèb Tènite Nòdwès Gédelien Giroder
AAMDF Nòdwès Dénatus vHenry Claude
KRPN Nòdès Osner Bien-Aimé
Radyo Tèt Ansanm Karis Nòdès Revencharles Angeline
AJDG Nodès Wilner Saint-Fleur
ODG Nodès Josapht Makendy
KPSKBM Nodès Registre Angeline
Radyo Soyèt Sidès/Benè Théodore Emile
Tèt Kole Sidès Sidès Lamour Oferne
Radyo Vwa Peyizan Sant Mocelyn Saintilmon
Tèt Kole Ti Peyizan Sant Sant Menelas Jean Osner