Español English French Kwéyol

Kesyon " Restavèk " la poze nan Nasyonzini

Pari. 20 jen 04 [AlterPresse] --- 11 jen pase a, nan lokazyon jounen entènasyonal kont travay timoun, se douvan Nasyon Zini, nan Jenèv, Jean-Robert Cadet pale an favè « restavèk » yo an Ayiti.

Si aprè li fin pibliye liv li a, ki denonse sitiyasyon plizyè mil timoun nan peyi a, li kontinye mache pale pou « restavèk » yo se paske « kòz la gran ».

Menm si jodi a li se pwofesè literati nan inivèsite Lèzetazini, Jean-Robert Cadet Dayè sonje limenm tou te restavèk pandan lontan. Nan yon entèvyou li bay AlterPresse nan lokal Amnesty International nan vil Paris, pwofesè a rakonte tout sa li te konn sibi lè li te restavèk. Mak kou yo rete sou li.

« Restavèk yo pran kal maten, midi, aswè e pou nenpòt ki bagay », dapre Jean-Robert Cadet. Misye sonje ki jan yo te konn bat li paske li pipi nan kabann. « Konbyen timoun piti ki pa pipi nan kabann an Ayiti ? » Se pa twòp repons kesyon an ki enterese Jean-Robert Cadet. Li vle jis moutre yo trete restavèk yo kou esklav.

Ki sitirasyon restavèk yo ?

Ayisyen yo pa renmen konparezon sa. An Frans, yon ti gwoup konpatriyòt te manifeste ane pase akòz chenn televizyon France 2 te pibliye yon repòtaj sou kesyon an kote jounalis la te di « an Ayiti, timoun restavèk yo ap viv nan sitiyasyon esklavay ».

Jean-Robert Cadet poze kesyon : « poukisa timoun ki pa ale lekòl ap mennen yon lòt seri timoun lekòl ? Poukisa yon kategori timoun ap dòmi pi ta leve pi bonè nan yon kay ? Poukisa yo pa touche alòske yo ap travay di ? Poukisa yon seri timoun, ki an prensip reskonsab tout travay nan yon kay, pa janm manje sou tab ak mèt kay la ? Sèten fwa, yo pa sèvi yo menm manje ak tout moun nan kay la. Poukisa ? Ki sa ki fè yon seri timoun tèlman pa mèt tèt yo, yo pa menm gen dwa kontwole sa Bondye ba yo a ? »

Daprè Jean-Robert Cadet, « Ti moun yo ap travay di san touche. Yo pa ale lekòl. Yo pa gen okenn afeksyon. Okenn edikasyon. Yo domi atè. Si se yon ti fi, yo fè kadejak sou li. Dayè tifi yo rele ’la pou sa’. E si li ansent, mèt li kapab mete li deyò. Si yo tolere li, pitit li ap vini yon nouvèl jenerasyon restavèk. »

Otorite ayisyen yo vag sou kesyon an

Lè li gade atitid otorite ayisyen yo, Jean-Robert Cadet konsidere kesyon restavèk la pa nan lis priyorite yo. Ni nan diskou, ni nan zak. Li di, ou pa santi volonte pou fini ak sistèm sa nan peyi a. Depi plis pase 6 zan, Jean-Robert Cadet rankontre tout kalte dirijan lavalas ki pase sou pouvwa a. 11 jen, li rankontre minis zafè sosyal gouvènman tranzisyon an, Pierre Claude Calixto, nan lokal Nasyon Zini Jenèv.

Jean-Robert Cadet jwenn envitasyon nan men gouvènman an pou li vini pale sou sitiyasyon an an Ayiti. Men li di li prefere tann yon gouvènman estab.
Jean-Robert Cadet montre li gen dout sou volonte reskonsab ayisyen pou manyen pwoblèm sa a. Li di, « chak maten lè chèf yo nan peyi a pran lari, yo pa ka di yo wè timoun ki ap mennen timoun lekòl. »

Pwofesè a fè remake kouman « Ayisyen yo menm rive pati ak timoun pou fè yo al fè restavèk nan peyi etranje ». Gen yon afè konsa ki devan la jistis nan peyi Lèzetazini. Se pou tèt sa Jean-Robert Cadet deklare li deside fè plis bri ak kesyon an epi chache soutyen entènasyonal.

Sere boulon Ayiti

Lane pase, Jean-Robert Cadet te mande prezidan peyi etranje yo « bòykote bisantnè endepandans Ayiti paske gen timoun ki esklav nan peyi a ». Ane sa, li mande òganizasyon entènasyonal yo poze kondisyon lè yo ap bay Ayiti bourad lajan. « Si yo ap bay Ayiti yon kantite èd fòk li konnekte ak eliminasyon zafè restavèk nan peyi a. »

Nan diskou li fè nan Nasyon Zini 11 jen an, an prezans minis zafè sosyal gouvènman Boniface/Latortue a, Jean-Robert Cadet mande pou yo egzije Ayiti elimine zafè restavèk la chak fwa yo ap bay peyi a 5 kòb penich. « Si yo bezwen demokrasi an Ayiti fòk yo pase la. Demokrasi pa kòlte ak restavèk. »

Daprè Jean-Robert Cadet, premye jès gouvènman an ka fè se travay pou voye tout timoun lekòl. Sa pa yon mistè paske konstitisyon peyi a egzije sa. Lajan ? Jean-Robert Cadet di Ayiti resevwa plis bourad lajan pase tout peyi ki nan zòn Karayib la. « Ayiti se peyi ki gen plis ONG (à’ganizasyon ki pa nan Gouvènman an). Tande ak konbyen kòb Aristide pati. Gade gwosè mak machin ki ap woule nan peyi a. Gade yon seri bèl kay moun ap bati pou rete. »

Cadet di, gen ase lajan nan peyi a ki pou pèmèt yo bati lekòl pou timoun sispann trennen nan lari. Grenn sa ki manke se volonte.

Jean-Robert Cadet fè sonje li leve tankou esklav. Chak swa se anba tab li te konn dòmi. Menm im nasyonal peyi a li pa konnen. Ayiti pa janm bali yon batistè (ak de nesans). Sa fè li pa fin twòp konn laj li. Li pa janm jwenn okenn pwoteksyon. Malgre tou li fyè dèske li se Ayisyen. Jodi a li bay tèt li misyon pou move lavi sa fini pou timoun restavèk yo an Ayiti. [wa apr 20/06/2004 19:00]