Español English French Kwéyol

Ayiti-Politik : Sektè Fanm nan deklare “se pa enterè siperyè nasyon an ki enterese politisyen yo”

Kominike pou laprès

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 22 mas 2013

Regwoupman ak òganizasyon fanm ki te patisipe nan demach pou prezante dosye yon fanm bay Palman an pou vin jwe wòl konseyèz nan KT-KEP a, konstate ak anpil regrè kouman Palman an rate yon okazyon pou kore jèfò sitwayen ak sitwayèn epi enstitisyon ap fè pou ankouraje patisipasyon òganizasyon sosyete sivil yo, patikilyèman òganizasyon fanm yo. Nou sezi wè kouman Palman an vyole prensip li te tabli yo, lè se Vis Prezidan Sena a ak Prezidan Chanm Depite ki fè chwa pa yo, san konsantman Asanble Senatè ak Depite yo.

Regwoupman ak òganizasyon fanm yo, denonse ak tout fòs yo fason gwo ponyèt Vis Prezidan Sena a ak Prezidan Chanm Depite a chwazi fanm ki pou al nan KTJ-KEP la. Chwa 2 otorite sa yo abitrè. Fanm yo chwazi a pa soti nan okenn konsètasyon nan mitan òganizasyon fanm ki pi reprezantatif nan peyi a, jan Komisyon bikameral la te mande sa, nan lèt 9 mas 2013 la. Pi rèd, fanm sa a pa t menm gen okenn dosye ki depoze nan Palman an.

Regwoupman ak òganizasyon fanm yo konstate, yon fwa ankò, kouman Palman an kontinye ap diskredite tèt li, lè li montre li pa gen ankenn krentif pou mache sou pwòp prensip li tabli, alòske li ta sipoze yon enstitisyon referans.

• Li aksepte mannèv ki fèt pou eskive chwa plis pase 52 òganizasyon fanm ki rekoni pou batay yo depi plis pase 25 lane pou avansman ak respè Dwa fanm; Mannèv ki fèt nan avantaj yon ansyen kòlèg ki jwenn apwi yon sèl grenn gwoup, moun pa janm tande aksyon li pou defann kòz fanm nan.

• Li fè kase fèy kouvri sa ak dappiyanp alatèt biwo 2 Chanm yo fè sou vòt asanble Senatè yo, kote 13 Senatè sou 15 te vote kandidat Sektè fanm nan te chwazi apre konsiltasyon laj. Zak gwo ponyèt sa a fè n konprann aklè, vrè rezon ki fè Prezidan Sena a te mandate, bridsoukou Vis Prezidan an pou negosye epi siyen nan non li.

• Li aksepte pou yo bay òganizasyon sosyete sivil la move kou, pou defann ti enterè pouvwa pèsonèl yo, e menm livre estrikti KTJ-KEP a bay Egzekitif la pou li fè e redefè.

Esperyans sa a montre nou, yon lòt fwa ankò, se pa enterè siperyè nasyon an ki enterese politisyen yo. Enterè pèsonèl yo ak enterè pati yo, fè yo pa janm ka anmezi respekte règ jwèt demokratik la. Li pèmèt nou wè aklè tout sektè ki kont patisipasyon kouch fondamantal sosyete a nan desizyon k ap pran pou peyi a. Nou pran nòt tou sou jan anbasad kouri bay api ak pozisyon ki vle pran distans ak patisipasyon yon sektè ki pa janm manke, depi toutan, lonje dwèt sou kadejak k ap fèt sou dwa sitwayen ak sitwayèn pou patisipe nan dirije peyi yo anchèmèt, chèmètrès.

Sektè fanm nan te enterese rantre nan batay sa a, nan lespri pou defann demokrasi nan peyi a, epi pou sèvi kòm je pou sosyete sivil la. Daprè analiz nou, blokaj nan monte aparèy elektoral la soti nan volonte Ekzekitif la pou li kontwole enstitisyon an. Konsa l ap pi fasil pou kontinye transfòme pwosesis elektoral la nan yon operasyon seleksyon, jan sa toujou fèt nan kad sistèm restavèk yo foure peyi a depi kèk tan.

Regwoupman ak òganizasyon fanm yo ap kontinye kanpe djanm pou veye tout sektè ki sòti pou enpoze bay peyi a dirijan tèt chat nan detounen vòt pèp la. Nan sans sa a, nou mande tout sektè demokratik ak popilè rete vijilan, mobilize, epi denonse tout vye mannèv Egzekitif la ak tout konplis li yo ap fè pou òganize eleksyon bidon. N ap fè sonje, KT-KEP se yon enstitisyon dekonsantre ki sipoze gen biwo nan tout kolektivite yo. Tout òganizasyon dwe louvri je gade sa k ap fèt nan Seksyon kominal yo, Komin yo ak Depatman yo, pou veye epi asire prezans yo nan biwo elektoral yo. Nou dwe mobilize nan jwe wòl mandatè, obsèvatè pou yo sispann ban nou lalin pou fwomaj.
Nou rete kwè esperyans sa a soude òganizasyon fanm yo pi plis, paske sa ba nou okazyon ranfòse konsètasyon ak dyalòg, epi defini estrateji ansanm. N ap kapitalize sou esperyans sa a, pou n kontinye kreye pi bon kondisyon pou rapouswiv lit la, nan sans pou Politik fèt yon lòt jan nan peyi a.

Patisipasyon fanm yo, kantite yo reprezante nan espas desizyon yo
dwe mare ak ki lide, ki enterè k ap defann pou fanm yo ak pou rès peyi a.

Pòtoprens, 21mas 2013

Pou otantifikasyon

Marie Guyrleine Justin Rezo Fanm Radyo Kominotè Ayisyen- REFRAKA

Lisa François Fanm Yo La

Yolette Andrée Jeanty Kay Fanm

Marie Frantz Joachim Solidarite Fanm Ayisyèn – SOFA