"Anplis pye bwa k ap koupe san kontwòl pou fè biznis ( boulanjri, dray elatriye), politik ekonomik neyoliberal Nanfi, Delatou, Roni Smat, Jak Edwa Aleksi, Preval ak Aristid t ap aplike nan peyi a e ki kontinye aplike jounen jodi a, blije anpil peyizan koupe pye bwa pou yo ka viv. Konsa, politik neyoliberal la kreye kondisyon pou tout kalte katastwòf fèt nan peyi a."
Kominike Regwoupman Demokratik Popilè (RDP)
AlterPresse resevwa dokiman sa a 28 me 2004
Regwoupman Demokratik Popilè ap viv ak anpil tristès gwo dega inondasyon ki sot pase yo fè nan depatman Sidès ak divès lòt kote nan peyi a.
Sèlman nan depatman Sidès la, anpatikilye nan Bèlans, Mapou, Bodari, Tyòt ak Grangozye, anviwon 1500 kretyen vivan deja mouri, plizyè milye kay kraze ladan yo anpil lekòl, plizyè milye moun sinistre epi plizyè santèn timoun ki te gen chans al lekòl kapab pèdi privilèj sa a.
Regwoupman Demokratik Popilè (RDP) pwofite okazyon sa a pou li voye kondoleyans li ak solidarite li bay fanmi moun ki viktim anba katastwòf sa a ki rive anviwon 3 mwa apre siklòn lavalas peyi a sot viv la.
Regwoupman Demokratik Popilè kwè katastwòf sa a se rezilta konpòtman manfouben otorite nan Leta a ki pa janm bay anviwonnman an yon plas enpòtan nan ’’pwogram’’ yo. RDP kwè, si otorite yo pa pran mezi serye pou pwoteje anviwonnman an, se tout peyi a k ap disparèt anba katastwòf natirèl ki vin anvlimen katastwòf politik, ekonomik ak sosyal ki deja mete peyi a nan yon sitiyasyon difisil.
Anplis pye bwa k ap koupe san kontwòl pou fè biznis ( boulanjri, dray elatriye), politik ekonomik neyoliberal Nanfi, Delatou, Roni Smat, Jak Edwa Aleksi, Preval ak Aristid t ap aplike nan peyi a e ki kontinye aplike jounen jodi a, blije anpil peyizan koupe pye bwa pou yo ka viv. Konsa, politik neyoliberal la kreye kondisyon pou tout kalte katastwòf fèt nan peyi a.
Devan sitiyasyon malouk sa a, devan posiblite ki genyen pou lòt katastwòf (politik, ekonomik ak natirèl) fèt nan peyi a si pa gen mezi ki pran pou anpeche sa, Regwoupman Demokratik Popilè mande:
1) Pou otorite Leta yo ede viktim yo soti nan sitiyasyon difisil yo ye jounen jodi a
2) Pou otorite Leta yo prese prese, pran mezi pwoteksyon pou tout forè ak zòn frajil nan peyi a epi lanse yon kanpay rebwazman nasyonal antan y ap pran mezi pou kontwle kesyon koupe pye bwa a
3) Diferan enstans konsène yo nan Leta a dwe chita yon politik pou rezoud pwoblèm fatra ki limenm tou konn lakòz anpil dega nan peryòd lapli yo
4) Otorite yo dwe kreye travay epi bay peyizan yo tè ak ankadreman pou yo travay tè a yon mannyè pou yo pa oblije koupe pye bwa pou yo viv
5) Meri yo ansanm ak lòt enstans nan Leta a dwe anpeche konstriksyon anachik yo ki lakòz anpil moun mouri nan moman katastwòf natirèl yo
6) Gouvèlman Bonifas/Latòti a dwe fè bak sou politik neyoliberal la k ap kontinye kreye kondisyon pou tout kalte katastwòf fèt nan peyi a .
VIV LIT POPILE A ! VIV YON AYITI GRAN MOUN TET LI !
YON Là’T AYITI POSIB !
Pou RDP :
Carole P.P.JACOB /KONAP
Antonal MORTIME (RERKA)