AlterPresse resevwa dokiman sa a 27 me 2004
Depi lane 1987, nan Rankont Feminis nan peyi Kostarika, fanm yo te dekrete 28 me se Jounen Entènasyonal Aksyon pou Sante Fanm yo.
Ane 2004 la, 28 me a vin pran peyi d Ayiti nan yon konjonkti difisil anpil. Sou yon bò peyi a fin kraze, sou yon lòt bò gwo inondasyon, dlo desann pote pou nou absè sou klou. Medam yo ki pa t ka fè fas ak pwoblèm sante yo vin twouve yo nan yon kalfou pi danjere ankò jounen jodi a.
Sistèm sante nan peyi d Ayiti pa bay bezwen espesyal fanm yo okenn enpòtans. Se yon vyolasyon dwa zimen
• plis pase 80% fanm ansent akouche lakay yo avèk osinon san fanm saj ;
• sou chak 100,000 fanm ansent 457 mouri lè y ap akouche, se youn nan to ki pi wo nan lemond ;
• Kansè nan tete, nan kòl matris ap fin pote fanm yo ale. Medam yo paka fè prevansyon paske yon mamografi, yon pap tès koute twòp lajan.
• Fanm yo pa gen kontwòl sou pouvwa fè pitit yo, kontraseptif two chè oswa pa disponib epi yo pa gen mwayen pou yo negosye seksyalite ak patnè yo.
Sante fanm yo menase anpil akòz diskriminasyon kont fanm ki fè sistèm sante a pa pran ankonsiderasyon bezwen espesyal fanm yo. Mete sou sa, nan plizyè zòn move tan pote ale tout sa fanm yo te posede ; epi kite yo nan ensalibrite, plis lamizè ak tèt chaje.
Lè nou konsidere move sitirasyon n ap viv jounen jodi a kote Lavalas fin kraze tout enstitisyon Leta yo. Sistèm sante a, ki te deja ap mal mache, vin plis sou lagraba, fanm yo pa ka jwenn sevis yo bezwen nan sant sante ak lopital Leta yo e nan sistèm prive a se pa pale akòz wotè lajan pou yo peye. Fanm yo pran nan mera!
.
Sitiyasyon an konplike anpil, sitou lè nou konstate gen yon silans sou zafè dwa sante fanm yo.
Oganizasyon fanm yo pa p sispann deklare : Sante fanm yo se dwa zimen. Se pou otorite Leta yo pran reskonsabilite yo nan mete sou pye pwogramm ki fèt pou sante fanm yo, nan mete mwayen pou fanm yo viv seksyalite yo komsadwa, san risk trape move maladi, san yo pa blije pote yon gwosès yo pa vle! N ap mande pou dirijan yo mete sèvis pou :
• fanm yo ka gen bon jan enfòmasyon pou yo kapab chwazi metòd planin ki pi bon pou yo epi si sa nesesè fè avòtman ;
• fanm yo ka jwenn swen jinekolojik epi akouche san danje toupatou nan peyi a;
• fè depistaj kansè kòl matris ak nan tete.
Nou òganisasyon fanm yo ki panche sou pwoblèm sa yo deside pou nou rete vijilan. N ap lite pou fanm yo ka viv nan byennèt ki nesesè pou viv komsadwa. Nou chwazi pran mwayen pou n konstitiye yon kowalisyon pou defann dwa sante fanm yo ann Ayiti.
Pòtoprens, 27 me 2004
Kòdinasyon Nasyonal k ap Plede Kòz Fanm (KONAP)
Sendika Pèsonèl Enfimye (SPI)
Comité d’Appui à la Santé des Femmes