Español English French Kwéyol

Regwoupman ’ganizasyon Popilè Granmoun : "Nou pa dakò, nou pap janm dakò" ak okipasyon Ayiti

Deklarasyon Regwoupman à’ganizasyon Popilè Granmoun yo
(Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, MIPAK, Chandèl, SAJ/Veye yo,)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 6 me 2004

Regwoupman Oganizasyon Popilè Granmoun yo estomake, choke, revòlte douvan zak bawon militè ameriken fè nan lokal Tèt Kole Ti peyizan Ayisyen ki se yon manm Regwoupman an ak nan lokal Antèn Ouvriye ki nan ri montalè pòtoprens. Jou ki te vandredi 23 avril 2004 la, plizyè militè ameriken ki te gen nan tèt yo kolonèl Lapenn epi yon entèprèt ayisyen ki rele Klifòd Bawon, debake an gwo ponyèt nan lokal Tèt Kole ak Antèn ouvriye, bò 2zè 30 nan apremidi, san okenn manda pèkizisyon epi san jij depè.

Militè ameriken yo vire tèt anba tout materyèl ak dokiman ki te nan lokal sa yo, yo kraze bifèt, yo kraze pòt, yo li dokiman ki nan lokal òganizasyon sa yo epi yo pote ale 6970 dola ayisyen, lajan Tèt Kole. Pou militè meriken yo poze zak malonèt sa a, yo te pran pòz yo vin chache fo paspò. Se pa premye fwa militè ki nan twazyèm okipasyon sa a poze mòd zak sa yo nan peyi a. Pou memwa ak pou listwa, n ap raple:

1) Fòs okipasyon ki nan peyi a, depi yo fèk antre, chwazi fè Inivèsite Taba a ak Fakilte dwa Gonayiv la tounen kazèn militè

2) Nan Twou dinò, militè franse yo menm pran nan machandiz timachann yo epi yo mande machann sa yo pou y al touche nan men Desalin.

3) Nan dat 20 avril 2004, militè etranje yo debake nan yon klinik ki anfas lopital jeneral, se sa yo bliye yo pa fè sou pretèks y ap chache zam.

4) Nan divès zòn nan peyi a tankou: Gonayiv, Pòtoprens, Dèlma elatriye, okipan yo deja touye plizyè inonsan.

Vandredi 23 avril la se te tou pa Tèt Kole ak Antèn Ouvriye. Demen, se pral kilès? Asosye, mete bab ou alatranp. Entèvansyon gwo ponyèt sa a blije Regwoupman an ap poze tèt li kesyon sa yo: poukisa se nan lokal Tèt Kole ak Antèn Ouvriye militè yo al chache fo paspò? Poukisa militè yo te blije li yon seri dokiman yo jwenn nan espas la anvan yo pati? Poukisa Klifòd Bawon, entèprèt la te chwazi bare figil ak yon moso twal nan moman operasyon sa a?

Toujou pou listwa, n ap fè piblik la konnen samdi premye me nan apremidi, apre emisyon ranmase, 3 militè nan fòs okipasyon an, kolonèl Lapenn, kolonèl Emannnuel Dinne, sèjan Augustin ak sekretè jeneral AJH la GUY Dèlva te vizite lokal Antèn Ouvriye ak Tèt Kole, yo tout rekonèt se pat nan lokal òganizasyon sa yo (Tèt Kole ak Antèn ouvriye) militè yo te jwenn fo paspò yo di yo gen nan men yo. Malgre konsta sa a, militè ameriken yo, refize pote presizyon nan konfizyon ki gen sou kesyon sa a epi yo poko janm deside remèt Tèt Kole lajan yo vòlè pou li a. Malgre tout depèch Guy Dèlva ap fè sou yon seri evèlman k ap pase nan peyi a, limenm tou, li pa janm pote okenn presizyon pou wete konfizyon ki gen nan kesyon sa a.

Pou noumenm nan Regwoupman Oganizasyon Popilè Granmoun yo, zak militè ameriken yo fè nan lokal Antèn Ouvriye ak Tèt Kole a, sanble tèt koupe ak zak chimè lavalas yo te konn fè nan peyi a sou diktati Jan Bètran aristid la. Entèvansyon gwo ponyèt sa a se yon atak kont òganizasyon pwogresis yo. Militè meriken yo vle asosye òganizasyon sa yo ak moun yo di k ap fè fo paspò yon mannyè pou etenn souf mouvman popilè a.

Malgre tout move zak militè ki nan fòs okipasyon miltinasyonal la ap fè nan peyi a, malgre Réjinald Dumas, reprezantan sekretè jeneral Nasyon Zini an te deklare okipan yo la pou 20 lane pou pi piti, plizyè politisyen ayisyen, pastè ak otorite nan Leta a ( premye minis lan ) vle fè moun kwè peyi a pa nan okipasyon. Regwoupman Oganizasyon Popilè Granmoun yo ta renmen mande premye minis Latortue, si sa nou wè la a pa okipasyon, di pèp la kòman l rele? Eske se move zak militè etranje yo ap fè nan peyi a ou rele koperasyon an?

Pou fini, regwoupman an pwofite okazyon sa a pou l mande:

1) Pou otorite ayisyen yo ak jeneral Kòlmann bay pèp la esplikasyon klè sou zak okipan yo poze nan lokal Tèt Kole ak Antèn Ouvriye a epi nan divès zòn nan peyi a

2) Pou fòs miltinasyonal la remèt lajan Tèt Kole a ( 6970 dola ayisyen ) epi repare dega yo fè nan lokal òganizasyon sa yo

3) Pou fòs okipasyon miltinasyonal la wete kòl prese prese nan lokal Inivèsite taba a ak nan lokal fakilte dwa Gonayiv la

4) Pou tout sitwayen ayisyen fanm kou gason, militan ak òganizasyon konsekan yo prepare yo pou leve kanpe kont 3e okipasyon sa a k ap fèt nan moman peyi dayiti ap viv 200 lane depi li pran "endepandans" li.

Ann sèvi ak enèji, entelijans Benwa Batravil ak Chalmay peral la pou nou goumen kont okipasyon sa a menm jan nou te konbat diktati Aristid la. Nou te lite kont Aristid men nou pat mande okipasyon. Fòk nou tout di non.

ABA OKIPASYON!

ABA DIRIJAN RESTAVàˆK!

ABA CHIMàˆ ETRANJE KOU CHIMàˆ LOKAL!

VIV YON PEYI GRANMOUN!

Pou regwoupman an:

Guy Numa

Luitès Fleuristen