Deklarasyon plizyè òganizasyon Grandans
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 12 desanm 2012
Degradasyon anviwònman peyi a rann li frajil chak jou pi plis. Pandan ven (20) dènye lane sa yo, pa janm gen yon sezon siklòn ki pa pote kè sote nan peyi a. Depi kòmansman ane 90 yo, chak gwo lapli bay popilasyon nan anpil zòn nan peyi a gwo kè kase. Dayè se pou kolte ak pwoblèm sa yo ki fè ministè anviwonman te kreye. Malerezman ministè sa pa janm rive jwe wòl li tout bon. Se yon ensttisyon anplis k ap jere bidjè fonksyonman l.
Jounen jodi a, nenpòt ti van, yon lapli ki tonbe pandan de zèd tan tounen yon katastwòf, kote anpil dega fèt, anpil moun mouri, mete sou difikilte ki genyen pou kanpe yon sistèm alèt ak prevansyon pi efikas. Se enkapasite sa ki esplike tout dega siklòn Sandy fè nan pi fò rejyon nan peyi a nan mwa oktòb ki sot pase a.
Premye mouvman otorite yo apre siklòn Sandy fin pase, se mande konkou kominote entènasyonal. Leta pa fè ankenn jefò pou gade kisa peyi a kapab fè anvan. Yo pa gade kouman yo kapab mobilize popilasyon an, pou ansanm ak li, pote repons ki kadre ak pwoblèm yo. Se kòmsi Leta lage responsablite l genyen anfas popilasyon an bay kominote entènasyonal la tou sèl.
Kouman sitiyasyon prezante nan depatman Grandans apre pasaj siklòn Sandy ?
Menm jan ak lòt depatman yo, Leta poko pran dispozisyon pou reyabilite agrikilti ak enfrastrikti epi rebay pwodiktè yo mwayen pou yo rekomanse pwodui nan rejyon an. Yon mwa apre Sandy fin pase, malgre enpòtans depatman sa a nan pwodiksyon agrikòl epi kòm rezèv pou anvironman nou -sa ki fè anpil moun ap bay ochan pou ti rès kouvèti vejetal ki rete a- pi fò sak ta dwe fèt pako kòmanse.Yon lòt fwa ankò, Sandy montre nivo pwoblèm degradasyon kap ravaje tout basen vèsan ki nan Grandans yo.
Anpil otorite nan Leta pa chache konnen kouman sitiyasyon an ye sou teren an. Kesyon nap poze nou, eske yo gen volonte pou fè kichòy vre?
Van ki te vini ak siklòn Sandy a, ravaje pi fò jaden ki nan tèt mòn douz komin yo. Pou nou byen konprann sitiyasyon an, fòk nou di Grandans fèt ak plis pase 70% mòn. Sa deja fè nou wè tou, ki kantite dlo kap desann nan plèn yo, nan rivyè yo. Nan vale Grandans, vale Voldròg ak Rozo, inondasyon detwi yon seri jaden, touye bèt, kraze kay. Nan zòn bò lanmè (Lakòt), materyèl pèch ak ekipman disparèt.
Inondasyon kraze wout prensipal, wout segondè yo ansanm ak wout agrikòl yo, sa ki lakòz peyizan pa kapab pote nan mache pwodwi jaden yo sa yo te rekolte oubyen sa van jete atè men ki te deja rèk. Nap fè sonje ane sa, anvan pasaj siklòn Sandy, kouman te gen anpil manje nan Grandans.
Nan vale yo, inondasyon ak van kraze anpil kay. Konsa tou, zòn bò lanmè, vag yo ak van kraze anpil kay tou.
Rivyè Rozo ak Voldwòg ki pèdi kabann yo akòz jan PiK Makaya debwaze, pote bon kou tè agrikòl ale epi domaje pye pon ki sou yo a. Men se pa premye fwa sitiyasyon sa prezante, paske apre chak gwo lapli kabann rivyè sa yo vin pi laj. Nou pap bliye jan tanpèt Gòdonte pote ale pon Leon an nan mwa novanm 1994. Touswit apre pasaj siklòn Sandy, otorite nan vil Jeremi te entèdi machin, sitou kamyon pase sou pon ki sou rivyè Wozo a. Menm mezi sa ta pral pran tou pou pon ki sou rivyè Voldwòg la, paske selon sa yo te wè, pon sa yo te reprezante gwo danje pou popilasyon an, menm si desizyon fèmen yo pran san bon jan kominikasyon ak popilasyon an ki pou pèmèt li konprann jan pwoblèm yo grav epi kisa solisyon otorite yo ap pote.
Kèk semèn pita, nou sezi wè, kouman otorite nan Jeremi deside kite machin pase sou pon sa yo. san yo pa di popilasyon an ki kalte travay ki fèt pou garanti sekirite l. Sanble otorite yo pa kwè yo gen responsablite mete popilasyon an an konfyans.
KI KALTE REPONS OTORITE NAN LETA YO DWE POTE ?
Alapapòt nou ka di Grandans poko gen grangou. Gen kèk kote nan vale a, tè yo pwoteje, ki gen manje toujou. Kidonk, si nou byen chache, nap jwenn manje nan kèk zòn piti koulye pou fè solidarite ak lòt kote pwodiksyon agrikòl la devaste. Sa vle di, fòk premye mouvman otorite yo se pa anvayi Grandans ak pwodwi agrikòl ki sòti lòt bò dlo, jan sa kòmanse fèt ak pwogram Aba Grangou a ki sòti pou kraze pwodiksyon agrikòl la. O kontrè, otorite yo dwe pwofite sitiyasyon sa a pou koumanse rezoud tout bon vre, yon seri pwoblèm anviwonman ak enfrastrikti, yon fason pou nou sispann konte kadav chak sezon siklòn.
Sandy ou pa Sandy : Bato ki soti nan Grandans toujou pote anpil manje bon kalite Pòtoprens ! Sa vle di, Grandans gen yon kokenn potansyèl agrikòl dirijan yo dwe sispann meprize. Li lè tou pou palmantè Grandans yo, konprann nesesite pou defann pwodiksyon agrikòl rejyon an.
REKÒMANDASYON
1. Plizyè enstitisyon Leta tankou : Ministè Anviwonman, Ministè Travo Piblik ak Ministè Agrikilti dwe mete sou pye bon jan kòdinasyon pou bay repons ak sitiyasyon depatman.
2. Yo dwe pran bon jan dispozisyon pou netwaye rivyè yo epi mete gwo chanye an plas ak patisipasyon popilasyon an, pou reyabilite basen vèsan yo ;.sa kap kreye tou, anpil travay itil, nan milye riral la epi mete mouvman anndan ekonomi a pandan travay pwoteksyon anviwonman ap vanse.
3. Relanse prese prese pwodiksyon agrikòl la nan bay pwodiktè yo bon jan semans,,zouti ak fòmasyon/akonpayman ki adapte.
4. Bay Travo Piblik mwayen ekipman pou: reyabilite wout prensipal Okay – Jeremi ak yon seri wout agrikòl epi wout entèkominal yo ki kraze. Pa ekzanp : wout Jeremi/Damari, wout Jeremi/Abriko, Jeremi/Castiyon, Jeremi/ Fon Wouj Dayè. Nan zòn sa yo, gen pwodwi peyizan ki pa kapab desann lavil paske wout yo kraze.
5. Tabli ak peyizan nan zòn yo, chantye ki mete aksan sou reyabilitasyon basen vèsan yo, yon mannyè pou peyizan yo kapab patisipe nan altènativ chanje lavi yo nan yon mouvman reparasyon anviwònman an.
6. Pou gouvènman an dekrete Grandans youn nan zòn priyoritè pou sa ki konsène pwoteksyon basen vèsan ak relans agrikòl.
7. Pou gouvènman an bay meri ak kazèk yo mwayen, pou yo gen materyèl ak fon ijans /reyabilitasyon pou fè fas ak nenpòt sitiyasyon. Fòk resous ki disponib pou yon depatman jere anndan depatman an. Desantralizasyon se yon gwo nesesite jounen jodia.
8. Mete kanpe nan Grandans yon Fon reyabilitasyon anviwònman ak agrikilti ki dwe genyen kòm yonn nan priyorite l PIK MAKAYA.
9. Pwoteje epi devlope sa ki rete nan Grandans kòm kouvèti vejetal, yon mannyè pou nou konstwi yon bèl rezèv bwa ki dwe sèvi poumon pou peyi a, menm jan Amazoni se yon poumon pou planèt la.
Men òganizasyon ak regwoupman òganizasyon ki siyen dokiman sa :
ROPADAM (Rezo Pwodiktè ak Pwodiktris Agrikòl Dam Mari, Ansdeo, Mowon)
APASD (Asosiyasyon Pwodiktè Agrikòl ak estokaj Duranton)
KATREK (Kolektif pou Api Teknik ak Ranfòsman Kapasite)
AFTB (Asosiyasyon Fanm Tèt Bòs, 4èm seksyon Dam mari)
FKL (Fanm Kap Lite, 3èm seksyon Dam Mari)
APASD (Asosiyasyon Pwodiktè Agrikòl ak Estokaj Duranton, Jérémie)
KATREK (Kolektif pou Apui Teknik ak Ranfòsman Kapasite)
Pou otantifikasyon : Jérôme Desmangles, manm komite egzekitif KATREK