Español English French Kwéyol

Gérard Latrotue ap vire won an Ewòp semèn pwochèn

Paris, 7 me. 04 [AlterPresse] --- Se madi 11 me premye minis la ta dwe antre an Frans, daprè sa yon diplomat fè nou konnen nan anbasad Ayiti nan vil Pari. An fèt, reskonsab la pa presize ban nou ki lè egzakteman yo ta dwe tann premye minis la an Ewòp. Men se sèten ke se pa wikenn sa, paske Gérard Latortue ta dwe rapouswiv vizit li toujou nan
kontinan Ameriken an.

Konsènan ajennda premye minis la, diplomat ayisyen an fè nou konnen yo poko gen
okenn enfòmasyon sou ki kote premye minis la prale ni ak kilès li ap chita
pale. Repons sa ta dwe sòti Pòtoprens men jouk jodi a Anbasad Ayiti an Frans
poko o kouran de anyen. Pèsòn sitou pa konnen si premye minis la, pandan pasaj
li an Frans, ap rankontre kominote ayisyèn ki te enplike byen fon nan batay pou
mande Jean-Bertrand Aristide pati kite pouvwa a. Ayisyen yo an Frans, sitou
moun ki pran egzil pandan diktati Aristide la, ta renmen premye minis la reponn
kèk kesyon sou fason li deside jere peyi a pandan tranzisyon an.

Isit la, genyen anpil enkyetid sou fason ekip Boniface-Latortue a ap mennen bak
peyi a. Anpil moun gen kè sote sou lantè gouvènman an, ki, menm jan yo di li
Pòtoprens, ap mache tankou tòti. Jiskaprezan, gouvènman poko manyen okenn gwo
dosye tankou mete kòd nan kou kriminèl, netwaye administrasyon piblik la,
konbat ensekirite e latriye. Anpil moun estime lapè ki swadizan genyen nan peyi
a koulye a se aparans e danje a ka tounen pirèd si okenn mezi pa pran pou
remanbre leta.

An Frans, Ayisyen yo ta renmen tou, lè yo fin tande premye minis la, di sa yo
panse sou sa ki ta dwe fèt yon mannyè pou dyaspora a patisipe nan devlopman
peyi a fwa sa. Yo ta renmen tou prezante gwo pwoblèm yo genyen ak sèvis
diplomatik ayisyen an nan lakou Lafrans, sitou konsila a ki plis ap fonksyone
ak yon klik raketè nan plas bon sèvitè leta. Jiskaprezan poko gen okenn gwo
pase men ki fèt nan diplomasi Ayisyèn nan an Frans. Se sèlman ansyen anbasadè
Saurel Celestin ak konsil Emile Beldor ki pèdi djòb yo. Men tout rès sèvitè
lavalas yo rete nan fonksyon yo.

Yo estime gen anviwon 50 000 Ayisyen ki ap viv an Frans. Pèsòn pa gen okenn
sètitid sou chif sa paske gen yon bon lo Ayisyen san papye e pèson pa rive
konnen ki kantite yo ye.

Gérard Latortue, n ap raple, ap fè vire won sa, nan kad kontak li ap tabli ak
gwo peyi yo pou wè ki jan yo ap ka ride Ayiti jwenn bourad lajan pou l demare
aplè siklòn lavalas la. An klè se pa gwo peyi yo sèlman men enstitisyon yo tou
paske premye minis la, lè li sòti Lafrans, ap rann li Beljik, pou l al koze ak
otorite yo nan Inyon Ewopeyèn. [wa 07/05/2004 11:25]