Español English French Kwéyol

Koulye a genyen 25 peyi nan Inyon Ewopeyèn

Paris, 4 me 04 [AlterPresse] --- Samdi 1e me a, genyen 10 peyi ki rejwenn Inyon Ewopeyèn. Mete sou 15 ki te la deja yo, sa fè 25 peyi ki nan Inyon. 10 nouvo peyi yo se Pologne, Hongrie, République Tchèque, Slovaquie, Slovénie, Lituanie, Lettonie, Estonie, Chypre ak Malte.

10 peyi sa yo pap pote plis moun pase sa bay Inyon an. Lè w mete popilasyon yo tout ansanm, sa pa depase 16% nan kantite moun ki genyen ototal nan 25 peyi yo. Inyon gen koulye a 450 milyon moun ladan l . Yo pap pote tou gwo sipò ekonomik. O kontrè popilasyon nan anpil gwo peyi ki te nan gwoup 15 la gen kè yo sou biskèt pou nouvo peyi sa yo pa vin lage lamizè nan Inyon Ewopeyèn. Yo deja kontwole tout avantaj 10 nouvo peyi yo pral jwenn. Etidyan, chachè, komèsan, atizan e latriye kapab sikile lib e libè nan tout teritwa yo depi 1e me.

An reyalite, popilasyon nan 10 peyi sa yo ta sipoze jwenn dwa travay san pwoblèm epi deside rete nan nenpòt ki peyi ki nan 25 la san twòp traka. Men sèten nan peyi ki te nan gwoup 15 la mande yon ti tan ankò anvan yo kite travayè 10 nouvo peyi yo antre vin bouske lavi lakay yo. Se ka Lafrans ki ap pran yon delè 2 an, e ki ka rive 5 an, anvan li kite travayè yo antre sou teritwa li. Kesyon sa se pi gwo tèt chaje nan lajisman Inyon Ewopeyèn nan. Men poko gen okenn etid ki pwouve popilayon pòv nan 10 nouvo peyi Inyon an pral anvayi peyi rich yo, daprè plizyè òganizasyon ki ap soutni imigre. à’ganizasyon tankou Gisti (Gwoup Enfòmasyon ki ap Kore Imigre) deja koumanse denonse tandans "ti bout-sitwayen ewopeyen" yo envante nan Inyon an.

Kesyon politik la ta kapab tou bay pwoblèm. Nan 10 nouvo peyi Inyon an, genyen 8 ki se ansyen peyi kominis. Pi fò nan 10 nouvo yo se bon patizan Zetazini. Pandan kanpay pou lagè Irak la, ane pase, yo te pito mache dèyè ekip Bush la pase yo te swiv Lafrans ak Almay, 2 gwo peyi nan Inyon an ki pat dakò ak lagè a. Bagay sa pat fè prezidan fransè a, Jacques Chirac, plezi ditou. Anpil moun ta renmen wè Inyon Ewopeyèn tounen yon gwo fòs politik anfas Meriken. Men sanble se pa pou touswit epi se sitou pa avèk lajisman sa.

10 peyi ki vin gwosi Inyon an rantre ak 9 lang anplis. Sa fè Inyon ewopeyèn nan vin gen 20 lang ofisyèl. Li pral bezwen 4.000 tradiktè ak entèprèt pou li fonksyone. Epitou, Komisyon Ewopeyèn nan, ki se nannan Inyon an, pral fonksyone avèk 25 komisè. Sa pral rann reyinyon yo pi difisil. Deba yo pral pi long. Anpil moun wè kesyon sa tankou yon veritab "Big Bang", sa nou ta ka rele yon melimelo, yon brikabrak. [wa apr 04/05/2004 23:30]