Español English French Kwéyol

POHDH lonje dwèt sou zak Fòs Entènasyonal la

Kominike POHDH

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 27 avril 2004

Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo
(POHDH), denonse zak britalite militè ki fè pati fòs
okipasyon an te fè nan Klinik Hervé ki chita bò
Lopital Jeneral, nan lokal « Tèt kole ti peyizan
ayisyen » ak « Antèn Ouvriye », de (2) òganizasyon ki
tabli nan ri Montalè.

Platfòm nan deside lonje dwèt li sou fason militè sa
yo ap vyole dwa moun nan peyi a alòske otorite yo pa
fè anyen pou anpeche sa kontinye.

Daprè enfòmasyon nou genyen, jou ki te 22 avril 2004
la, militè sa yo debake nan Klinik Hervé, yo fè tout
moun nan klinik la met men yo sou tèt yo epi mete
klinik la tèt anba. Yo pa t pwoteje menm malad yo.

Jou ki te 23 avril 2004 la, yo debake fwa sa a nan
biwo « Tèt kole » ak nan « Antèn ouvriye ». Yo fouye
tout lòt biwo ki nan menm kay la, men sitou « Tèt
kole » ak « Antèn ouvriye ». Yo kraze ak britalite
materyèl yo jwenn nan lokal òganizasyon sa yo epi pote
ale yon sòm ki prèske egal ak 7,000.00 dola ayisyen
(35,000.00 goud).

Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo
kwè militè fòs entènasyonal yo pa ka ranplase Polis
Nasyonal la nan travay pou rive mete plis sekirite nan
peyi a. Fòmasyon militè yo resevwa, kilti pa yo, men
tou, santiman rasis anpil nan yo, anpeche yo mennen
tout aksyon ki vle fini nètalkole ak ensekirite a.
konpòtman yo bay plis moun lapèrèz.

Si Militè etranje yo se vrèman yon fòs koperasyon, jan
gouvènman an vle fè kwè a, yo ta dwe sitou bay lapolis
sekirite pandan l ap mennen yon seri operasyon. Militè
sa yo pa kapab pran inisyativ pou mennen operasyon
polisye nasyonal yo ta dwe mennen. Yo pa kapab fouye
lakay pyès moun. Nou pwofite okazyon an pou nou di :
okenn jij ki respekte tèt li pa dwe bay militè
otorizasyon pou fouye kay moun.

Popilasyon an te leve kanpe kont pouvwa Lavalas la
paske pouvwa sa a t ap vyole dwa nou kòm moun. Nou pa
ka asepte militè etranje ap pase anba pye dwa nou
jounen jodi a. Ki sans sa ap genyen si peyi ki di yo
vin ede fè respekte dwa moun yo ap vyole yo ?

Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun ap
mande otorite yo anndan peyi a pou yo fikse pozisyon
yo sou ansanm zak vyolasyon dwa moun militè nan fòs
okipasyon an ap fè sou ayisyen nan peyi a. Nou mande
pou otorite sa yo pran tout mezi pou anpeche zak sa yo
kontinye.

Pou Platfòm nan:

Joseph Maxime RONY, Kòdonatè Jeneral