Español English French Kwéyol

Pòsalfa

Ayiti : Yon pwogram edikasyon tout sitwayen ayisyen fèt pou jwenn

Adeline Magloire Chancy *

Otè a fè AlterPresse jwenn tèks la

Si n ap pale pòsalfa, eske sa vle di nou deja fin regle koze alfa a ?

Non, men nou deja konnen alfa san pòsalfa gen anpil danje pou moun bliye tou sa li te aprann nan premye etap aprann li ak ekri a, byen souvan se lave men siye atè.

Sa fè lontan, pi fò moun k ap reflechi e k ap travay nan montre moun li ak ekri, lè yo konsidere tout kanpay ak pwogram alfabetizasyon ki fèt nan anpil peyi sou latè, yo vin konprann nou pa kapab konmanse alfabetizasyon san nou pa prepare pòsalfabetizasyon. An 1990, ane Entènasyonal Alfabetizasyon, UNESCO te pibliye yon dokiman ki pote tit : Avant l’alphabétisation : la post alphabetisation . Sa vle di : Anvan alfabetizasyon fòk nou deja pare pou pòsalfabetizasyon.

Pou mwen, Alfa ak pòsalfa, se yon sèl mouvman. Nou pa kapab pale Alfa, san nou pa konsidere pòsalfa menm lè a. Si aprann li ak ekri, se tankou louvri yon pòt 2 batan sou gran chimen konesans, fòk moun k ap fè aprantisaj kòd ekri a wè tousuit kote wout sa a ap mennen li.

Kisa ki enterese yon moun, jèn adilt oubyen granmoun, ki pa te pase lekòl pou li vin aprann li ak ekri ? Kisa l ap tann ? Kisa li espere jwenn ?

Li espere gen plis chans pou li jwenn travay. Si li nan travay deja, li ta renmen amelyore jan l ap fè travay la, pou li jwenn plis kòb, dekwa pou li reponn ak bezwen pèsonèl pa li, oubyen pa fanmi li.

Nan lavi sosyal, li ta renmen vin pi alèz pou regle, pou kont li, san li pa mande pèsonn tanpri souple, yon seri koze ki mande li ak ekri, tankou tout papye Leta yo, kat idantite, Eta sivil, papye labank, papye vwayaj…

Lè se jèn moun k ap aprann, yo espere jwenn zouti pou vanse pi lwen nan etid yo, epi pou yo kapab aprann yon metye pi byen.

Tout jan, fòk yo kapab wè tousuit kijan konn li ak ekri kapab amelyore lavi yo.

Pòsalfabetizasyon anvan alfabetizasyon

Se rezon sa a ki fè, li ijan pou otorite Leta ki gen pou pran desizyon e tout moun ak enstitisyon ki gen eksperyans travay nan pwogram alfa/pòsalfa rive mete yo dakò sou yon seri kesyon ki pou oryante aksyon yo.

Lè n ap pale koze ALFA oubyen PÒSALFA, ki sa n ap pale an reyalite ? N ap pale EDIKASYON tou senpman, e pawòl edikasyon an konsène tout popilasyon an.

Julius Nyerere, prezidan Tanzanie, peyi Afrik, te konn di, nan ane 70 yo , lè kanpay alfabetizasyon t ap fèt nan peyi li : Timoun yo se lavni, granmoun yo, nou bezwen yo tousuit pou bati peyi a.

Pou montre kijan edikasyon se zafè tout popilasyon an, n ap pran yon egzanp lakay nou. Kisa popilasyon an te konnen sou koze tranblemanntè anvan 12 janvye 2010 ? Kisa mwen te konnen ? Ki sa ou te konnen ? ki sa timoun lakay nou, timoun lekòl yo te konnen ? Anyen…

Yon lòt egzanp : kisa popilasyon an te konnen sou koze kolera anvan epidemi an gaye nan tout peyi a ? ki sa mwen te konnen ? Kisa nou te konnen, timoun piti tankou adilt, sou prevansyon ak swen nan zafè kolera ?

Men 2 pwoblèm, yon pwòblèm anviwonnman ak yon pwoblèm sante piblik, nou pa bezwen anpil explikasyon pou nou konprann, malgre katastwòf sa yo merite sekou ak mezi ijans lè yo parèt, sèl remèd pou yo fè mwens dega nan popilasyon an se edikasyon moun, edikasyon tout moun. Eske se pa nan avantaj tout popilasyon an pou tout Ayisyen, k ap viv jodi a nan yon peyi frajil, aprann konnen ki sa yon tranblemanntè ye, ki sa maladi, ki gen jèm nan dlo tankou kolera, ye, epi ki jan pou moun konpòte yo ? Si ou aprann lave men ou kòmsa dwa, epi vwazen an pa fè li, se danje pou ou. Si ou bati kay ou kòmsadwa, epi vwazen pa fè li, kay vwazen gen dwa tonbe sou pa w la. Eske se pa nan avantaj tout popilasyon an pou ni timoun ni granmoun tout kote nan peyi a kapab li esplikasyon ak direktiv ki ekri sou koze sa yo ? Yo ka tande l, se vre nan radyo, nan pòtvwa, men pou esplikasyon ak direktiv yo rete nan fason syantifik moun dwe konnen yo, fòk enstitisyon responsab yo ekri yo nan lang popilasyon an e fòk popilasyon an ka li sa ki ekri a byen. Se konsa moun ki aprann kòd ekri a kapab tounen li menm yon edikatè nan milye kote l ap viv la. Youn ka ede lòt, tout kominote a ka pwogrese ansanm.

Eske nou dakò pou kenbe lide se nan avantaj tout sektè nan popilasyon an, lè pòsyon moun ki pa konn li pa konn ekri a, vin maton nan kesyon an ? Eske nou dakò edikasyon pou tout moun ap pote yon chanjman enpòtan pou peyi a, e se yon kesyon ijan nou dwe prese travay pou fè l vanse ?

Si nou dakò, edikasyon sou 2 pwoblèm sa yo : tranblemanntè, ki mennen nou nan koze anviwonnman ak konstriksyon kay kòmsadwa ak pwoblèm kolera, ki mennen nou nan koze sante piblik, ijyèn ak dlo potab, se kesyon ki dwe parèt nan lis koze enpòtan nan pwogram edikasyon pou tout moun lan. Lè sa a, n ap dakò pou yon seri lòt kesyon parèt nan pwogram nan tou, tankou tout kesyon Eta sivil la yo, kesyon lalwa nan peyi a, kesyon dwa ak devwa sitwayen yo, kesyon ekonomi peyi a, istwa ak jeografi, sante ak edikasyon ak lòt ankò selon enterè, aktivite ekonomik ak bezwen moun k ap aprann yo.

Se konsa nou vin wè nesesite pou defini yon pwogram edikasyon fondamantal tout sitwayen ayisyen fèt pou jwenn. Se sa yon pwogram pòsalfa dwe ye.

Pou yon pwogram pòsalfa jwenn siksè, gen plizyè faktè pou nou konsidere. Pwodiksyon materyèl edikatif la se youn, kesyon anviwònman ekri ak itilizasyon lang kreyòl la kòm lang ofisyèl se yon lòt, pepare pwogram lan, mete l kanpe epi evalye li, se yon twazyèm.

Gen kèk materyèl nan lang kreyòl ki deja pare pou pòsalfa. Nou ka jwenn kèk nan yo ni nan enstitisyon Leta, ni nan sektè prive, ni nan òganizasyon ak asosyasyon ki pwòch popilasyon an. Rasanble yo, revize yo, konplete yo. Toutfwa, nou gen pou nou pwodui anpil nouvo materyèl, pi modèn, pi syantifik, epi itilize tout nouvo teknik kominikasyon, jan nou ka jwenn avantaj nan metòd kibèn wi mwen kapab la, jan nou ka benefisye konpetans espesyalis ayisyen nou yo, ni isit ni nan dyaspora pou tabli yon veritab pwogram edikasyon adistans.

Se vre anviwonnman kreyòl ekri a vin pi rich. Men sa ki manke vre, se sa yo rele dokiman otantik yo ki reprezante pi bon materyèl pou aprantisaj nan edikasyon adilt yo. Paregzanp, nou poko genyen Ak nesans nan lang kreyòl, lang ofisyèl peyi a, ki pou jwenn plas li nan Achiv Nasyonal. Men sa, se sèl yon politik piblik nasyonal sou kesyon lang ki pou garanti li. Se youn nan rezon ki fè nou dwe goumen pou Leta rive adopte yon politik nasyonal sou kesyon lang ki garanti itilizasyon lang kreyòl la kòm lang ofisyèl nan administrasyon piblik, nan tout sèvis Leta yo, nan lekòl. Yon politik nasyonal sou koze lang se jistis pou popilasyon an, se respekte dwa lengistik li, se pèmèt Leta ak sitwayen kominike et se sèl garanti pou alfa/pòsalfa vin yon reyalite nan peyi a, se sèl garanti pou nou rive tabli edikasyon pou tout moun, edikasyon pou tout tan, edikasyon k ap mennen chanjman.

Sa ki manke tou, se òganize yon pwogram edikasyon fondamantal nasyonal pou tout moun, pa sèlman nan lekòl timoun yo, mwen vle di edikasyon pou tout moun, tout sitwayen, tout sitwayèn. Se òganize pwogram sa a sou 2 zan 3 zan avèk yon sètifika Leta rekonèt, ki bay moun garanti yo gen plis chans pou jwenn travay, oubyen yo ka vanse pi lwen nan etid yo.

Mwen kwè, nou vin dakò sou yon premye lide : lè nou pale koze alfa/posalfa, sa nou gen nan tèt nou se edikasyon pou tout moun.

Nou vin dakò edikasyon pou tout moun, se nan avantaj tout sektè nan popilasyon an, se nan avantaj peyi a.

Kounye a, nou pral konsidere ki jan pou nou rive ladann. Ki enstitisyon ki reskonsab ? Ki moun, ki sektè ki pou mete men ?

Nan tout kesyon ki konsène òganizasyon pwogram edikasyon pou tout moun sou 2 zan 3 zan, avèk yon sètifika Leta rekonèt nan bout li, mwen sèten nou tout dakò Leta gen yon wòl pou li jwe nan prepare kirikoulòm nan, mete pwogram lan kanpe, epi evalye rezilta yo. Jodi a, Ministè Edikasyon nasyonal manifeste entansyon pou li bay ansèyman lekòl pwofesyonèl yo plis valè. Semenn ki sòt pase a, Televizyon montre distribisyon liv ak lòt materyèl pedagojik ni an kreyòl ni an franse nan Enstiti Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl (INFP). Materyèl sa yo fèt pou sikile nan tout lekòl pwofesyonèl yo, yon fason pou fè ansèyman pwofesyonèl la rive menm nivo nan tout peyi a, nan plizyè disiplin tankou elektrisite, plonbri ak plizyè lòt metye yo pral ajoute. Pa konsekan, nan òganize pwogram nasyonal pòsalfa a, Leta ap gen pou l wè ak pasrèl ki pou pèmèt jèn adilt yo paregzanp, lè yo pran wout pòsalfa, jwenn yon chans pou yo janbe nan pwogram sektè regilye lekòl pwofesyonèl yo.

Men Leta pa gen enterè pou li travay pou kont li e li p ap janm kapab fè travay sa a pou kont li, pou plizyè rezon. Divès enstitisyon, asosyasyon nan sosyete sivil la deja gen yon long eksperyans nan edikasyon granmoun e se konsètasyon sektè piblik ak sektè prive ki pou pèmèt yo kreye yon pwogram nasyonal pòsalfa. Yon lòt rezon, se pa sèl yon ti ponyen moun ki nan ka. An 2012, valè moun ki pa konn li pa konn ekri yon ti jan redui, men se toujou anpil anpil moun ki pa janm al lekòl e nou jwenn yo nan tout peyi a, ni nan zòn riral yo ni nan vil yo, Se anpil anpil jèn moun toupatou ki pap regle anyen, yon fòs jenès ki ap gaspiye. Nan tout etap pou prepare epi mete pwogram edikasyon pou tout moun lan kanpe, Leta ap toujou bezwen lòt sektè yo pou mete men avè l, e se devwa lòt sektè yo pou yo reponn, ni sektè prive, ni sektè asosyatif.

Yon bon egzanp, se fowòm jodi a ki montre nou yon fòm patnarya piblik-prive. Nou jwenn 2 patnè ki mete ansanm pou òganize rankont refleksyon sou pòsalfabetizasyon an : FAES se Leta, CEDAL se yon òganizasyon sosyete sivil la. Yo chak gen enterè yo, yo chak pote kontribisyon espesifik yo. Men konsètasyon an ap pote fwi pou peyi a.

Tout jan, patnarya Eta-Sosyete sivil la endispansab pou fè edikasyon pou tout moun lan pwogrese. Popilasyon an gen enterè pou Leta fòmalize pwogram lan nan kad yon pwogram nasyonal. Leta gen enterè pou sektè òganize nan popilasyon an ede l rejwenn moun nan tout lokalite yo, nan tout mòn, nan tout rakwen peyi a, kèlkeswa sektè aktivite a, epi ankouraje patisipasyon yo. Sa se twazyèm lide nou vin dakò sou li a.

Pou nou fini n ap kenbe kèk lide :

Premye lide : Alfa/Posalfa, sa vle di edikasyon pou tout moun, nan avantaj peyi a

Dezyèm lide : Pòsalfa, sa vle di yon pwogram edikasyon fondamantal tout sitwayen ayisyen fèt pou jwenn

Twazyèm lide : Leta ak sosyete sivil la, toude patnè ki dwe mache ansanm pou nou rive fè edikasyon pou tout moun lan vanse pi devan

Mwen espere twa lide sa yo kapab anrichi refleksyon nou yo epi oryante yo sou kèk askyon konkrè nou ka antreprann tousuit.

Bon travay ! Ankouraje !

.......................

* Diplomée de l’Ecole Normale Supérieure d’Haiti, Adeline Magloire Chancy a une expérience diversifiée dans l’éducation, d’abord dans les écoles secondaires en Haiti et au Québec, puis auprès des adultes, plus particulièrement auprès des femmes. Détentrice d’une maîtrise en andragogie de l’Université de Montréal, ses recherches et sa pratique professionnelle s’orientent vers l’alphabétisation des adultes dans les réseaux communautaires. De retour en Haiti en 1986, elle poursuit dans cette voie, puis est nommée Secrétaire d’État à l’Alphabétisation (1996-1997) et plus tard Ministre à la Condition Féminine et aux Droits des femmes (2004-2006). Ces fonctions d’État lui donnent l’occasion d’enrichir et de confirmer sa vision de l’importance de l’alphabétisation comme partie intégrante du projet éducatif national ainsi que sa conscience d’une responsabilité collective de l’Etat et des citoyens