Español English French Kwéyol

RDP kon tout fòm okipasyon

Kominike RDP

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 27 avril 2004

Pandan anpil moun nan sosyete a pa vle rekonèt sa, pandan Premye Minis Latòti ap chèche fè popilasyon an kwè fòs militinasyonal la pa yon fòs okipasyon, men se pou ede peyi a, nou menm nan RDP (Regwoupman Demokratik Popilè) n ap konstate chak jou pi plis kit nan diskou, kit nan zak, peyi a anba yon okipasyon ki ta vle manch long.

Militè ki nan fòs miltinasyonal la ki fonn nan peyi a anmiyèt moso, fè sa yo vle, yo okipe kote yo vle, yo touye, yo fouye, yo vyole dwa moun lè lide yo di yo. Pa gen okenn moun pou yo rann kont, pa gen okenn moun tou nan pouvwa Latòti-Bonifas ak Konsèy Saj la k ap mande yo anyen tou. Dènye zak chango yo fè nan Lokal Antèn Ouvriye ak Tèt Kole Ti Peyzan Ayisyen, ki se 2 òganizasyon RDP, montre sa klè. Yo debake, yo sakaje lokal la, mete tout moun fas mi, pran lajan epi vire do yo. Eske pratik sa yo depaman ak pratik chimè Lavalas yo? Nan ki ka ou ka jwenn etranje ap fè ak defè konsa nan yon peyi si se pa lè li anba yon okipasyon? Nou ta renmen manm Konsèy saj la, laprezidans ak gouvèlman an ba nou repons ak kesyon sa yo.

Si sou tèren an, okipasyon deja anplas, teknoktrat lòtbò dlo yo ak lòt teknokrat yo ki nan LONI ap planifye rès plan okipasyon peyi a. Rejinal Dima, ki se konseye espesyal Sekretè Jeneral LONI an, mouche Kofi Anan, mande nan rapò l pou okipasyon peyi a kap fèt sou kouvèti LONI dwe pran pou pi piti 20 lane. Mouche Danilo Turke, ki li menm se rèsponsab Afè politik pou Sekretè Jeneral òganizasoyn sa a, di sa klè. Antouka se yon okipasyon manch long. Kidonk ta sanble se sèl moun kap sèvi okipan yo ak moun ki avèg nan peyi a ki pa wè peyi a anba yon okipasyon, ki chak jou ap vin pi difisil pou mas yo ak pou peyi a. Paske se nou menm, mas popilè yo k ap viktim move zak okipan yo chak jou nan peyi a. Tankou: Jan militè etranje yo maltrete abitan nan Bèlè, nan Delma, nan Ayewopò ak nan Wanament kote militè fransè yo menase arete yon manm Komite Defans Pitobè, yon òganizasyon k ap goumen pou zòn franch pa fèt nan bon tè peyizan zòn nan.

Nou menm nan RDP nap di l byen fò, nou kont tout fòm okipasyon peyi a kit li sou kouvèti LONI, kit li rele fòs miltinasyonal, kit se yon peyi ki kwè li gen grenn nan bouda l tankou Etazini te fè l nan lane 1915. Dezyèm bagay, nou vle presize nan sans sa pou gouvèlman Latòti-Aleksann lan, batay mas yo tap mennen kont rejim boutdi lavalas la, se pat yon batay sèlman kont kòripsyon, krim, blakawout, lavichè, plan lanmò FMI, men se tou paske rejim lavalas la pa tap defann plis pase enterè piyajè ki nan peyi a ak piyajè lòtbòdlo, se paske rejim lavalas la nan anyen pat janm wè enterè peyi a tout bon.

RDP kwè sèl chans gouvèlman sa a genyen, se pran rèsponsablite l pou l mennen bon jan refòm apati revandiaksyon popilasyon an, patikilyèman nan lapolis ak lajistis yon jan pou retabli sekirite nan peyi a, epi pran mezi ekonomik ki ka soulaje mizè mas yo. Men gouvèlman an ap pote yon gwo rèsponsablite lè li deside ap mennen peyi a nan yon okipasyon manch long, ki pa genyen okenn rezon dèt. Si Koperasyon ak lòt peyi, ak enstitisyonn entènasyonal yo, vle di tchoul, vle di okipasyon, mas pèp ayisyen an pa bezwen modèl koperasyon sa.

Regwoupman Demokratik Popilè (RDP) ap di tout òganizasyon popilè tout bon vre, tout òganizasyon Ouvriye, Peyizan, Jèn, Fanm, Etidyan, Sendikalis, Sosyo-Pwofesyonèl, pou yo kenbe tenn fas revandikasyon mas yo kòm bousol yo, paske batay kont lavalas la se te twòkèt la, koulye a se batay tout bon an pou n soti peyi anba grif piyajè lokal ak entènasyonal.

Pòtoprens, 27 avril 2004

Pou Kòdinasyon RDP:

Carole P.P JACOB, Pòt Pawòl

Antonal MORTIME, Kòdonatè