Pozisyon kèk òganizasyon ak regwoupman òganizasyon nan Depatman Grandans sou pwogram pou lite kont grangou yon seri enstitisyon ak antite ap devlope nan depatman sa
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 26 jiyè 2012
Yap aplike yon nouvo pwogram
Depi avril ane sa a, yo mete pankat tout kote nan mitan kèk vil nan depatman Grandans lan, menm nan vil Jeremi tou, ki se vil prensipal depatman sa a. Pankat sa yo, ki mezire anviwon yon mèt kare, yo mete yo devan ti boutik nan plizyè komin ak yon makèt (nan Jeremi), pou fè tout fanmi ki gen kat pou achte manje, konnen, yap jwenn pwodui yo nan boutik ak makèt sa yo. Kat la pèmèt yo achte manje pou yon valè senkant dola meriken.
Pwogram sa a, ki ta dwe batay pou kaba grangou, se yon pwogram plizyè enstitisyon finanse, sitou, USAID, CRS ak CARE, epi, dapre premye enfòmasyon yo, pwogram sa la, pou sis (6) mwa, li la pou l ede douz mil (12 000) fanmi.
Men mesaj ki ekri sou pankat sa yo : « Nan boutik sa ou ka sèvi ak tikè manje w la ». Epi, nan kat kwen pankat la gen non jwèt enstitisyon ak antite ki gen pou wè ak kanpay sa, tankou USAID, CARE, CRS oubyen DIGICEL ak ABA GRANGOU. Kidonk, pankat sa yo fè konnen kote enstitisyon ak antite kap fè pwomosyon pou pwogram nan, chwazi. Sa vle di, moun ki gen tikè sa a, ka achte pwodwi yo bezwen, nan boutik enstitisyon sa yo chwazi yo sèlman.
Sit entènet sa a bay plis enfòmasyon sou pwojè a : haitihumanitarianresponse.info. Sit sa a eksplike an gwo inisyativ batay kont grangou ki rele ABA GRANGOU.
Pwojè sa a chita sou yon analiz CNSA ki demontre egzistans yon ensekirite alimantè enpòtan ki rive manyen kat milyon moun, pandan lap di, kouman pwodiksyon nasyonal viv alimantè a pa menm rive bay mwatye popilasyon an manje. Sou baz analiz sa a ak yon kat ki montre kouman zafè ensekirite alimantè a ye nan peyi a, yo te idantifye kèk zòn ki pi enpòtan pou konbat grangou ak yon pwogram ki ta dwe pote sekou bay ven mil fanmi pandan sis (6) mwa. Kat grangou CNSA prepare a, montre sis (6) nivo nan zafè ensekirite alimantè a, sòti nan rouj vif, pou zòn ki pi mal yo, rive nan bon jan vèt, pou sa ki miyò yo.
Men nou pa konnen sou ki kritè yo deside ki kote nan peyi nou an gen ensekirite alimantè ak ki kote ki pa genyen. Se sak fè anpil abitan Grandans te sezi lè yo wè yo te chwazi depatman sa a pou aplike pwogram batay kont grangou. Sak pi rèd la, yo te chwazi nèf (9) komin sou douz (12) ki genyen nan depatman, malgre yo youn pat fè pati zòn CNSA te klase kòm kote grangou rèd anpil, ki nan nivo 1 ak 2 nan klasman an.
Jan nou konnnen lan, Grandans se yon rezèvwa viv alimantè ak fwi (yanm, bannann, malanga, lam veritab, mango, anana, kann…). Yon lòt pa, Ministè Agrikilti te idantifye zòn Lèziwa/Ansdeno/Damari ak Koray/Pestèl/Kayemit kòm de gwo zòn pou lapèch. Dayè, èd alimantè sa tabli sou plizyè mwa ki koresponn ak peryòd rekòt, kote anpil viv ak fwi ap gaspiye.
Peyizan nan depatman an gen gwo kè sote akòz kalite pwogram sa . Yo paka konprann poukisa pwogram nan fòse moun kap benefisye tikè yo, achte pwodui enpòte kap vann nan boutik ak makèt, alòske, nou tout konnen se nan mache tout pwodui agrikòl peyizan yo ap vann. Anpil agrikiltè montre yo gen gwo tèt chaje devan kalte pwogram sa, ki kapab bay pwodiksyon peyizan yo plis pwoblèm toujou.
Dayè, imaj sou entènèt kap montre distribisyon sak diri CRS (Catholic Relief Service) tap fè nan Ansdiklè, toupre Jeremi, pou fè pwomosyon pwogram lit pou kaba grangou a, montre kalte chimen yo chwazi. Poukisa yo pat chache yon mannyè ki pi enteresan, pi orijinal, ki ta pèmèt moun yo achte pwodiksyon peyizan an, sa ki ta pèmèt tou, pwodiktè ki nan komin kote pwogram sa chita, fè pi bon lavant, epi ranfòse pwodiksyon agrikòl la ? Ki enterè kap defann vre nan pwogram sa a ?
Yon reklam pou pwogram sa nan radyo, fè konprann, benefisyè yo ka achte tout pwodui agrikòl peyizan yo, tout kote ki aksepte tikè a, poutan, se pa sa kap fèt, paske se sèl nan mache pwodui peyizan yo ap vann.
Pwoblèm Depatman Grandans lan tout bon vre
Dapatman sa a genyen lòt kalite pwoblèm. Se pa viv alimantè li manke. Pwoblèm yo se ala fwa difikilte andedan depatman pou sòti nan yon zòn pou ale nan yon lòt, epi pou sòti nan depatman pou ale nan rès peyi a. Genyen tou, leta ki absan nèt nan depatman, mete sou sa, mòd politik piblik yap aplike jounen jodi a.
Difikilte ki genyen sitou nan zòn mòn yo, anpeche anpil kalite viv alimantè sòti san traka yon kote pou yo rive nan yon lòt. Pa egzanp, li pa fasil pou kèk zòn nan mòn ki pwodui pwa ak mayi pou yo vann pwodui sa yo nan plèn yo. Pafwa, wout agrikòl yo pa la ankò, gen kote menm bèt pa ka pase, sa ki lakòz, pwodiksyon an ap gaspiye, ap pouri paske pa gen mwayen poul rive nan mache. Peyizan sa yo twouve yo nan yon sitiyasyon difisil anpil, paske yo manke rantre lajan ki pou ta pèmèt yo achte lòt pwodui enpòtan yo bezwen.
Absans Leta se youn nan pi gwo pwoblèm kap chipote pil ak pakèt peyizan, epitou popilasyon Grandans lan an jeneral. Wout agrikòl ak avantaj pou moun fè biznis ki gen pou wè ak komès sòti nan yon zòn ale nan yon lòt, pa enterese otorite peyi a ditou. Yon pwodui tankou lam veritab ki gaye anpil nan tout depatman, pa ka rive nan zòn mòn yo. Alòske, gen yon pakèt bagay yo ta kapab fè ak fwi sa a tankou : biswit, pat alimantè, manje pou bèt, fabrikasyon chips... Menm bagay sa ka fèt pou tout fwi kap gaspiye yo, kote yo kapab transfòme pou fè : ji, konfiti, jele, fwi seche… pou bezwen depatman, peyi a ak pou ekspòtasyon. Sa yo se de twa aktivite ki ta ka bay bon jan rezilta, epi ki ta merite jwenn finansman ; konsa, anpil moun nan popilasyon an kap chache travay nan vil yo, ta jwenn travay, an menm tan, sa ta ede relanse pwodiksyon agrikòl la.
Politik agrikòl leta ayisyen ap aplike yo depi nan lane 1986 pa pèmèt li pwoteje kòm sa dwa, pwodui lokal yo. Peyi sa a ki chita sou agrikiliti, elvaj ak lapèch, vinn ap fè fas ak yon konkirans brital, kote enpòtasyon diri, mayi, pwa, bannann, pwason…vinn ap ranplase piti piti pwodiksyon peyizan. Se konsa, anpil agrikiltè ki pèdi tout sa yo te genyen, tonbe nan mizè nwa.
Menm si gen anpil bagay ki lakòz pwodiksyon agrikòl la bese, tankou : jan tè a separe ak manke garanti, manke bank kredi agrikòl, manke ankadreman teknik, pa gen ase sistèm irigagasyon ; men, politik louvri vant mache ayisyen an pandan trant (30) dènye lane sa yo, rann sitiyasyon an ensipòtab pou peyizan yo ak pi fò popilasyon an.
Taks sou diri a, ki sòti 35 pousan, nan lane 1987, ki desann 3 pousan nan lane 1995, lakòz pwodiksyon diri peyi a kraze, kote anpil plantè pèdi tout sa yo te genyen. Menm bagay la te rive twaka pwodui moun manje tou lè jou nan peyi a, pandan anpil reklam tap fèt pou pouse popilasyon an adopte pwodui enpòte yo.
Pandan leta ayisyen lage peyizan yo de bra balanse, gouvènman meriken an tap sibvansyone pwodiktè diri pal yo, nan fè yo jwenn yon milya dola vèt chak ane. Se konsa, Ayiti te vinn twazyèm enpòtatè diri meriken nan lane 2008. Jounen jodi a, mayi moulen ayisyen an tou pre disparèt, yo pa jwenn li nan pi gwo mache nou yo ankò, paske se mayi enpòte kap taye bandal.
Konsekans yo jounen jodi a
Sak vin rive, tout plantè ak tout pwodiktè ki paka vann pwodui jaden yo ankò, vin gonfle gwoup sila yo ki te pèdi kochon yo pandan gwo masak la, nan lane 1982 sou Jean-Claude Duvalier. Plis, lòt gwoup peyizan, kèk ONG te ankouraje neglije jaden yo, lè yo te peye yo pou yo repare wout kote gwo kamyon sinistre te dwe pase. Kamyon sa yo te gen pou fè distribisyon gratis sereyal ki te pral fè konkirans brital ak pwodui agrikòl ki te sòti nan jaden plantè sa yo.
Jounen jodia, tout moun sa yo, tout kote, de bra pandye, yap gonfle bidonvil nan kapital la ak nan vil pwovens yo. Se yo menm tou ki kandida pou al riske vi yo nan pran kanntè, oubyen pase anba fil al pran imilyasyon kay vwazen. Se pou pil peyizan sa yo, sistèm nan voye nan grangou lavil, yo bezwen jodia, yon tikè manje. Yon tikè ki pwomèt plis chomaj pita ak plis pwoblèm pou pwodiksyon peyizan yo, paske pwogram nan fèt yon jan ki bloke lavant pwodui lokal yo.
Men sa pwodiktè nan Grandans yo egzije
Jan responsab politik ayisyen ak bayè yo toujou pale, yo mete fas a fas ensekirite alimantè ak jan pwodiksyon viv ak sereyal bese nan peyi a. Yo toujou derefize gade kesyon politik ekonomik Leta Ayisyen ap aplike ki pa bon ditou. Dayè, pi fò ladan yo, se enstitisyon entènasyonal tankou FMI ak Bank Mondyal ki fòse leta aplike yo. Responsab politik ayisyen ak bayè yo, derefize dakò tou, kouman li ijan pou politik ekonomik la pran yon lòt direksyon.
Fòk nou pa bliye, depi lane 1986, gen vwa ki sòti divès kote, pou pwoteste kont politik baryè lib la, pèp ayisyen te rele Plan lanmò. Fòk nou pa bliye tou, jan peyizan ayisyen yo peye chè anpil, zafè defann dwa pou yo pwoteje pwodiksyon yo . Nan lane 1991, agwonòm franse ki te rele Marc Dufumier te fè konnen, kriz agrikilti peyizan an pap ka rezoud san yo pa pran « ak tout ijans sa mande, dispozisyon pou pwoteje pwodiksyon peyizan ». Sekirite alimantè dirab popilasyon ayisyèn an, se pa tikè manje pou achte diri ak lòt pwodui enpòte kap bay li, men pito, lòt direksyon nou dwe pran nan sa ki regade ekonomi peyi a.
Nan sans sa a, peyizan Grandans yo, egzije leta ayisyen, sètadi, Ministè Agrikilti, Ministè Ekonomi ak finans, Ministè Komès ak Endistri, yon veritab pwogram rejyonal agrikòl, ki chita sou :
• Bay pwodiksyon peyizan an plis valè ;
• Garanti sou tè yo ;
• Yon plan rekonstriksyon wout agrikòl yo ;
• Sant pou fè rechèch sou kilti peyizan fè plis ;
• Yon bank kredi agrikòl ki gen gichè nan tout komin depatman an ;
• Yon pwoteksyon komèsyal ki voye je gade pwodiksyon agrikòl ki pi enpòtan yo, epitou yon pri ki garanti pou de twa pwodui ;
• Teknisyen ministè agrikilti ki dwe bay yon ankadreman pi efikas ;
• Kondisyon pou gade ak transpòte pwodui yo ki dwe miyò ;
• Yon sipò leta pou komèsyalizasyon, nan chache nouvo mache, nan achte viv, fwi, sereyal pou kantin lekòl yo ak nan fè rezèv ki ta dwe sèvi popilasyon ki nan sitiyasyon difisil.
• Yon pwogram ki ta gen pou objektif enstalasyon yon gwo rezo ti antrepriz transfòmasyon pou anpil pwodui yo kiltive nan depatman.
Li lè li tan pou pwogram yap mete soup pye pou batay kont grangou, sèvi tout bon vre pou mete kanpe yon sekirite alimantè ki chita sou ranfòsman ak pwoteksyon pwodiksyon peyizan an.
10 jiyè 2012
Men òganizasyon ak regwoupman òganizasyon ki siyen dokiman sa :
ROPADAM (Rezo Pwodiktè ak Pwodiktris Agrikòl Dam Mari, Ansdeno, Mowon)
APASD (Asosiyasyon Pwodiktè Agrikòl ak estokaj Duranton)
KATREK (Kolektif pou Api Teknik ak Ranfòsman Kapasite)
AFTB (Asosiyasyon Fanm Tèt Bòs, 4èm seksyon Dam mari)
FKL (Fanm Kap Lite, 3èm seksyon Dam Mari)
APASD (Asosiyasyon Pwodiktè Agrikòl ak Estokaj Duranton, Jérémie)
KATREK (Kolektif pou Apui Teknik ak Ranfòsman Kapasite)
Pou otantifikasyon :
Jérôme Desmangles, manm komite egzekitif KATREK