Kominike SOFA
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 13 me 2012
Nan okazyon premye anivèsè manda Prezidan Mateli , Solidarite Fanm Ayisyen kwè li enpòtan pou pote kontribisyon l nan bilan divès sektè ap fè sou pouvwa a patikilyèman nan sa ki konsènen fanm yo.
Prezidan Mateli te fè kanpay li sou chanjman. Lè li fin pran pouvwa a, li kontinye klewonnen mo chanjman sa a nan pifò diskou li. Yon chanjman dapre sa nou konprann ki ta dwe fèt nan domèn edikasyon, travay, anviwonman, Eta de dwa, enèji. Yon lane apre, ki sa k chanje nan lavi fanm yo onivo 5 domen sa yo :
Onivo edikasyon, nou konstate pwoblèm manm SOFA te poze anvan 14 me 2011 nan domèn sa a pa chanje. Si nou pran egzanp Kay Jakmèl kote pat gen ase lekòl pou kantite timoun ki bezwen al lekòl nan komin sa a, pandan ane sa a, nou pa gen youn grenn nouvo lekòl ki konstwi. Sa ki lakòz jouk jodi a, kesyon edikasyon an toujou rete yon gwo pati nan bidjè nou ak bidjè fanmi an. Nou toujou kontinye ap peye kòb anba pou jwenn plas nan lise.
Diskriminasyon tifi sibi lè yo ansent, pa chanje. Alòske se yon fi ak yon gason ki fè pitit, si yo konnen yon ti fi fe pitit yo pa asepte l nan lekòl leta, pou tigason pa gen pwoblèm.
Nan Enri, patikilyèman nan Mapouwolen, move kondisyon nou t ap denonse anvan 14 me 2011 yo, pa chanje nonplis. Nan lekòl Nasyonal la, gen klas ki gen pase 100 timoun. Anseyan yo pa gen okenn kontwòl klas la, chak timoun ap regle zafè pa yo. Pa gen ase ban, timoun yo blije chita sou wòch pou yo aprann. Ki timoun ki kab aprann nan yon kondisyon konsa?
Pou sa ki konsène travay, soti me 2011 rive me 2012, kondisyon travay nou pa chanje. Nou toujou kontinye pase yon jou nan wout soti Bonbadopolis sou tèt kamyon pou transpote pwodui pou al vann Potoprens, san konte bandi k ap brake nou sou wout, vòlè lajan nou, fè kadejak sou nou.
Jèn fanm kontinye viktim diskriminasyon nan zafè travay nan moman rekritman. Alòske jèn fanm ak gason gen menm fòmasyon teknisyèn agrikòl, enstitisyon yo rekrite jèn fanm yo kòm animatris epi gason yon kòm teknisyen agrikòl , sa ki lakoz medam yo soti ak yon salè ki pi fèb.
Pou fanm agrikiltris yo menm k ap travay dimwatye, diskriminasyon yo viktim nan salè toujou rete tennfas. Nan Mapouwolen Seksyon kominal Enri, gason kou fanm kase pitimi ak mayi. Gason touché 150 goud, fanm yo touche 100 goud.
Lavi telman vin chè, tout jefo sa yo pa pemet nou viv tankou moun. Yon kous machin Leyogàn-Pòtoprens, nou te konn peye 8 goud, jodi a si nou pa gen 15 goud nou pap kab monte machin. Yon galon luil albèto, nou te konn achte 250 goud, kounye a n ap peye menm galon luil sa a 300 goud.
Nou dwe atire atansyon tou sou bèl pwomès Prezidan an te fè machann ki te pèdi machandiz yo nan ensandi mache taba, ki pa janm gen suit. Kidonk sitirasyon machann sa yo vin pi mal pase anvan 14 me.
Nou te kwè menm jan sa fèt nan peyi Brezil, ak pwogram « Bolsa Familia » fanm ta pral jwe yon gwo wòl nan pwogram aba grangou Prezidans la. Sa ki ta kab pote yon soulajman pou noumenm fanm ak fanmi nou nan sa ki konsenen lamanjay ak ankadreman nan pwodiksyon nasyonal. Men se nan diskou nou tande pwogram grangou sa a, li poko janm ateri lakay nou.
Onivo anviwonman, pandan ane sa a, nou obsève anpil inondasyon sitou nan Pòtoprens ki vin lakòz noumenm fanm nou kontinye ap viv nan labou ak fatra patikilyèman nan Matisan. Sante nou kontinye andanje. Eske sa gen pou wè ak operasyon deplasman divès moun ki anba tant k ap fèt san okenn plan pou reloje moun sa yo oubyen dispozisyon Prezidan Mateli pa pran pou debouche egou, netwaye kanal elatriye. Kilè noumenm fanm nan Latibonit, n ap sispann viv nan kè sote lè peryòd lapli ? Sezon lapli fèk koumanse apre nou fin pase 7 mwa nan sechrès e nou konstate dlo a koumanse monte nan zòn Pasrèn.
Pou sa k konsènen Eta de dwa, nou obsève, malgre tout pwomès Prezidan Mateli te fè, malgre grèv pwofesyonel jistis yo, Konsèy majistrati a pa janm enstale. Tout pwoblèm nou t ap viv nan domèn sa a rete menmman parèyman. Bandi kontinye ap negosye pou yo kab jwenn liberasyon san jijman. Polisye pa gen mwayen deplasman lè nou alète yo sou ka vyolans k ap pase nan yon komin . Komisarya pa gen papye pou pran plent yon fanm ki viktim vyolans elatriye.
Pou dènye pwen an ki gen arevwa ak enèji, fanm kontinye pa kab soti lannuit paske tout lari toujou fè nwa puiske pa gen limyè. Fanm yo blije makonnen fòs ak lòt sektè pou mande kouran elektrik, jan sa te fèt nan Desalin.
Egzanp nou pran pi wo yo montre klè pa gen chanjman pou fanm yo nan 5 domèn Mateli konsidere priyoritè pou li yo. Eske sa vle di pou otan pa gen chanjman ditou ? Noumenm nan SOFA, men kèk chanjman nou wè:
Prezidan Mateli ak ekip li itilize anpil gwo ak bann pankat pou fè pwopagann, pou di l ap travay. Nou li plis pawòl sou pankat pase pou n ta benefisye aksyon sa yo
Maleng koripsyon k ap gangrennen peyi a an vin pi laj. Gwo akizasyon fèt sou do Prezidan Mateli sou kesyon lajan li ta pran nan men senatè dominiken Bautista, pa gen okenn limyè ki pote sou kesyon sa a
Prezidan Mateli pa rekonèt lòt pouvwa ki egziste yo pou balanse demokrasi a. Li atake laprès san rete. Li pito pase pa yon lòt enstitisyon pou prezante dokiman vwayaj Komisyon Sena a te mande l. Li ap mache monte komisyon minisipal toupatou san li pa janm pran dispozisyon pou òganize eleksyon tyè sena ak kolektivite teritoryal yo.
Prezidan Mateli ap reyabilite tout makout sanginè patikilyèman Jean claude Divalye ak tout manm FRAPH
Prezidan Mateli se prezidan ti klik fanmi ak zanmi ak swadizan kominote entènasyonal ki te mete l sou pouvwa. Se pa prezidan tout ayisyen. Kidonk chanjman an se chanjman pou klan Mateli a ak peyi enperyalis ou swadizan peyi zanmi k ap sipòte l yo.k Se pa chanjman pou pou fanm yo, pou pèp la.
Chanjman noumenm fanm nou bezwen, se yon chanjman ki dwe koupe fache ak tout koripsyon, enpinite ak esklizyon. Yon chanjman kote nou fè prèv nou se yon peyi granmou lè n ap diskite ak letranje. Se pou sa, noumenm nan SOFA, nou rete kwè li enpòtan pou òganizasyon fanm yo ak tout lòt sektè demokratik ak popilè ta ranmase fòs yo pou fè Prezidan an:
• Tabli yon bon politik piblik ki kab garanti egalite fanm ak gason nan sosyete a nan tout nivo epi pou kondisyon fanm yo chanje.
• Pran dispozisyon pou fanm ki te viktim kadejak anba men ajan Minista Sri Lankè, jwenn jistis
• Pibliye rapò ki di klè tout lajan li te resevwa pou kanpay elektoral li epi kote lajan sa yo te soti, jan lwa electoral la mande l
• Pran dispozisyon pou kaba ak enpinite pandan l ap montre li pa nan danse kole ak tout kriminèl sanginè Divalye ak FRAPH
• Akonpaye òganizasyon sosyete sivil yo nan batay y ap mennen pou l’ONU rekonèt responsablite nan epidemi kolera ann Ayiti epi dedomaje leta ayisyen ak viktim yo.
LIT FANM NAN SE LIT TOUT MAS PEP LA !
Marie Frantz JOACHIM
Kòdonatris Jeneral