Pozisyon MPP sou konjonkti a
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 15 avril 2012
Nou menm 900 delege asanble jeneral MPP ki soti nan 35 seksyon kominal nan 12 komin nan Depatman Sant lan. Nou reyini pou nou fè eleksyon nouvo dirijan nou yo pou 3 ane kap vini yo. Nan okazyon sa, nou pwofite fè yon analiz reyalite. Me yon rezime sa ki soti nan analiz konjonkti a :
Depi plis pase yon ka syèk ( 25 ane), Ayiti anba yon kriz politik, yon kriz ekonomik, yon kriz sosyal ak kiltirèl ki vin pi grav chak jou.
Peyi a anba yon kriz sistemik kidonk kriz sistèm kapitalis la ki manifeste sou fòm kriz alimantè, kriz klimatik, kriz anviwonmantal, kriz enèjetik, kriz sekirite, anfen nap viv yon kriz sivilizasyon. Anfas kriz sa yo, solisyon sistèm lan ap chèche se fo solisyon tankou dappiyanp sou tè agrikòl pou fè zòn franch, pou plante jatrofa pou pwodwi agwo kabiran.
Jounen jodya, sistèm kapitalis la ap chèche rezoud kriz li a nan sa li rele ekonomi vèt ki vle transfòme lanati an machandiz : Tè se machandiz, pye bwa se machandiz, dlo se machandiz, tout resous natirèl yo se machandiz. Yo gen lide al konsakre tou sa nan gwo konferans ONI pral fè Rio de Janeiro nan peyi Brezil ki parèt sou non : RIO + 20. Òganizasyon peyizan, òganizasyon sosyal yo nan peyi Dayiti ap pare pou ale denonse tout fo solisyon gouvènman yo ak miltnasyonal yo pral pwopoze nan peyi Brezil nan mwa Jen an.
Nan peyi Dayiti, se konfizyon total kapital. Peyi a anba okipasyon militè ki pase dwa grandèt majè nou anba pye. Peyi a anba yon kriz politik kote pouvwa ekzekitif ap goumen ak pouvwa lejislatif pandan mizè ap touye anpil sektè nan popilasyon an.
Prezidan Martely te genyen yon seri koze enpòtan nan pwogram li. Sa yo ki te plis enterese nou menm peyizan yo se :
• Agrikilti bio paske prezidan an te di nan deba ak kandida an fas li a, li kont OGM. Kont OGM vle di, li pou agrikilti peyizan yo, li pou agwo ekoloji. Nou te di di sa se yon bon siy.
• Li te di li pral voye tout ti moun lekòl gratis ti cheri.
• Li te di li pral travay sou pwoteksyon anviwònman.
• Li te di li pral konbat kòripsyon.
Malgre nou rekonèt Prezidan Martely te pase anpil tan li pa te kapab monte yon gouvènman epi li vin mete yon gouvènman ki viv sèlman 4 mwa. Nou poko wè klè nan majorite pwomès li te fè yo.
Menm lè gen pwoblèm nan zafè lekòl gratis la, nou konstate prezidan an mete tout fòs li nan sa. Yo dwe korije èrè ki fèt pou pwogram sa kapab kanpe djanm paske twòp ti moun pa ale lekòl nan peyi a.
Nou toujou ap tann aksyon konkrèt prezidan an nan zafè agrikilti BIO. Reyèlman vre, se pa distribisyon angrè chimik ki pral fè peyi a pwodwi manje, sitou manje ki bon pou la sante.
Nou toujou ap tann aksyon tout bon pou atake pwoblèm degradasyon anviwònman an ki se yonn nan pi gwo malè pandye sou tèt peyi a ak popilasyon an.
Kòripsyon kontinye blayi nan tout kè Leta a. Nap tann limyè sou bri kòripsyon kap kouri yo, nap tann aksyon konkrèt kont kòripsyon nan tout nivo nan Leta a ak nan sosyete a.
MPP ap lanse yon gwo kout rèl pou mande prezidan Marthely ak nouvo gouvènman li pral monte a pou :
1. Pa pibliye konstitisyon amande a paske se yon zak ilegal kont enterè majorite a, kont konstitisyon an menm. Ak ki konstitisyon 80% pèp la ki pa konprann fransè pral sèvi ? Nou konnen presyon kap bay ni andedan ni deyò. Men, gouvènman an dwe reziste paske sa ta yon gwo bak demokratik pou peyi a.
2. Fini nèt ak koze CIRH la kip ase dwa grandèt majè peyi a anba pye epi kap fasilite kòripsyon andedan leta a nan konfyolo ak kèk sektè entènasyonal.
3. Pa ni vann ni bay tè peyi a pou plante jatropha oubyen mayi OGM pou fè diesel ak etanòl. Peyizan yo bezwen tè peyi a pou pwodwi manje. Sispann tout fòm dappiyanp kap fèt sou tè peyi a swa pou agwo kabiran swa pou zòn franch sou tè agrikòl yo.
4. Fè popilasyon an konnen klè kou dlo kokoye ki pwosesis kap mete an mach pou peyi a soti anba okipasyon etranje. Pèp la dwe konnen kilè peyi a pap anba Minista ankò.
5. Pran dispozisyon pou fwennen ensekirite a ki anvayi pwovens yo, anvayi seksyon kominal yo kote yap vòlè tout ti bèt nou yo.
6. Retire konfizyon ki genyen nan dosye Lame a, nan dosye gwoup ki rele tèt yo ansyen militè kap fè mobilizasyon nan peyi a zam alamen. Deba dwe fèt ak tout sektè lavi nasyonal la pou wè ki fòm fòs lame peyi a bezwen pou no upa bezwen okenn fòm fòs militè etranje sou tè Desalin ak Chalmay Pderalt la.
7. Sezon lapli a kòmanse nan tout peyi a. Lapli deja kòmanse fè ravaj. Menm kote a peyizan kòmanse plante. Nou mande Prezidan Martely pou li pran dispozisyon pou kòmanse ede peyizan yo jwenn semans natif natal, jwenn zouti tankou wou, manchèt, sèpèt, pikwa, bèf ak chari. Repare sistèm irigasyon yo, mete kanpe nouvo sistèm.
8. Mete kanpe pwogram konsèvasyon sòl ak rebwazman atravè òganizasyon peyizan ki gen kapasite pou fè sa. Se konnen ki fè. MPP te deja mande pou gouvènman an ede pwodwi 100 000 plantil fwityè ak forestyè nan chak seksyon kominal. Nou relanse apèl sa pou nou atake pwoblèm anviwònman peyi a.
9. MPP mande prezidan Martely kontinye devlope bon jan relasyon ak ALBA ki kapab ede peyi a antre nan wout yon devlòpman sosye ekonomik dirab kote dwa grandèt majè peyi a respekte.
Òganizasyon ou Lanmò !
Papay, 13 avril 2012
Pou MPP :
Komite pòt pawòl la :
Chavannes Jean-Baptiste
Juslène St-Fleur
Philfrant St Naré, pòt pawòl adjwen.