Haiti
Ti chèz ba

"Tout fòs viv nasyon an ki vle chanjman dwe mete tèt ansanm pou konstwi yon Ayiti granmoun..."


Ekri jou jedi 18 mas 2004

Kominike Regwoupman Demokratik Popilè

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 18 mas 2004

Aprè depa Aristide kòm diktatè nan tèt peyi a, diferan sektè nan la vi nasyonal la, montre yo gen anpil motivasyon pou patisipe rekontwi peyi a. Men tou, sitiyasyon politik peyi a vi n plis chaje ak konfizyon ak aprezans ansyen bouwo Pèp la ki reparèt sou sèn politik la. Diferan gwoup ki gen zam nan men yo lage peyi a nan yon klima ensekirite total. Sitiyasyon ensekirite sa a ranfòse ak prezans militè etranje, ki yo menm kòmase montre vrè vizaj okipasyon an.

Aristid kòm pi gwo tchoul enperyalis la nan peyi Dayiti, avan l pati mande plizyè fwa fòs etranje vi n foule sòl peyi a ki fonde sou san zansèt nou yo. Prezans okipan yo mete peyi a sou plis depandans peyi gran pwisans yo.

Nou menm òganizasyon/enstitisyon ak platfòm ki manm Regwoupman Demoikratik Popilè a, nou kwè karebare, sitiyasyon malouk peyi a trouve l jounen jodi a se rezilta okipasyon 1994 la, ak dap piyanp rejim sanginè Lavalas Aristide la te fè sou tout Enstitisyon Leta ki nan Peyi a.

Nan sans sa a, nou menm RDP, n ap di politisyen yo, se pa kouri deyè pòs ministeryèl oubyen Direksyon jeneral ki pou enterese yo. Men se pito, konstriksyon nasyon an ki jodi a andanje devan je lemond antye. Pou sa, tout fòs viv nasyon an ki vle chanjman dwe mete tèt ansanm pou konstwi yon Ayiti granmoun, kote tout moun kapab gen lavi.

Nan lide pou rekonstwi peyi a, Nou menm ansanm òganizasyon ak platfòm ki nan Regwoupman Demokratik Popilè a, nou mande nouvo dirijan yo pran mezi sa yo pou nasyon an kapab rale yon souf :

Nan nivo politik

1. Mete laksyon piblik an mouvman kont tout gwo ofisyèl Lavalas ki patisipe nan fè krim nan peyi a epi fè dilijans pou yo parèt devan lajistis prese, prese, paske rekonsilyasyon nasyonal la pa ka mache ak enpinite.

2. Netwaye san pèdi tan Polis nasyonal la, ki chaje ak chimè, dilè dwòg, ak lòt kriminèl ki fè san pèp koule, espesyalman wo eta majò PNH la dwe netwaye.

3. Pran dispozisyon ki nesesè pou aparèy jistis la rekòmanse fonksyone nan tout peyi a, nan nome komisè gouvèneman nan 14 jiridiksyon peyi a.

4. Konsilte popilasyon an pa mwayen gwoup òganize yo pou tout gwo desizyon k ap pran ki konsène avni nasyon an, demach sa a konsene konsèy Saj la tou.

5. Nome prese, prese komisyon kominal nan plas majistra piyajè Lavalas yo nan tout komin peyi a.
Nan nivo ekonomik

1. Jele fon ak sezi byen Jean Bertran Aristide ak tout akolit li yo, paske lajan sa yo se byen nasyon an yo ye, sèvi avèk lajan sa yo pou itil peyi a.

2. Redwi bidjè prezidans lan epi voye kòb sa yo nan lòt sektè ki plis bezwen tankou : edikasyon. Sante, agrikilti, enfrastrikti.

3. Ogmante san pèdi tan bidjè Inivèsite Leta

4. Nouvo gouvènman dwe san pèdi tan fikse pri pwodui premye nesesite yo ki monte 77 otè ak kriz rejim Lavalas la

5. Sispann peye swadizan dèt ekstèn bay peyi gwo pwisans yo, ki monte a 1 milya 6 san milyon goud pou ane sa a.

6. Verifye tout kont piblik peyi a epi pibliye enfòmasyon sou eta kont sa yo

7. Nan kesyon piyaj ki fèt nan peyi a, nou mande yon atansyon espesyal pou Ti machann yo viktim Pòtoprens, Kap Ayisyen, Gonayiv, Beladè ak lot vil peyi a

Nan nivo sosyal

1. Konsèy Inivèsite Leta a dwe pran mezi nesesè pou fè inivèsite Taba a tounen byen leta, paske se rezilta koperasyon Ayiti ak Taywann epi Kiba.

2. Nouvo gouvènman an dwe pran mezi nesesè pou sistèm edikasyon an rekòmanse fonksyone nòmalman

3. Pran mezi ki nesesè pou preveze sante popilasyon an, nan ramase fatra Lavalas yo nan lari Pòtoprens ak divès lòt vil nan peyi a

4. Retabli enfrastrikti nan peyi a, sitou nan domèn kominikasyon, elektrisite ak wout

5. Tabli yon plan reyabilitasyon pou zòn rejim lavalas devaste tankou : Bèladè (Pènal), Gonayiv, Twoudinò elatriye..

Kanta pou popilasyon sivil la, Regwoupman Demokratik Popilè mande :

1. Tout sitwayen ak gwoup òganize nan peyi a pou rete vijilan nan ranfòse òganizasyon lakay yo.

2. Fè brigad vijilans pou kontrekare bandi, epi ramase fatra pou pwoteje anviwonnman bò lakay yo.

3. Kale je yo pou bouwo pèp la pa tounen vin jwenn yo kòm dirijan nan bwat leta yo

4. Denonse tout move zak k ap pase bò lakay yo nan kad vyolasyon dwa moun kelkeswa sou fòm li ye

5. Kòmanse monte dosye sou tout move zak okipan oubyen militè etranje yo ap fè nan peyi a, paske nou klè nan RDP se yon 3e okipasyon maske.

VIV YON MOUVMAN DEMOKRATIK POPILE
VIV LI PEP AYISYEN AN

Pou Regwoupman Demokratik Popilè :

Antonal MORTIME, RERKA

Carole P.P JACOB, KONAP