Español English French Kwéyol

Yon lòt panse - Yon lòt moun - Yon lòt peyi

Danyèl LIBETEN

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 28 fevriye 2004

Lè nou te piti nou t ap etidye Istwa dAyiti, nou sonje jan sa te bèl. Pou noumenm pa t gen revolisyonè, ewo, prezidan, elatriye tankou pa nou yo. Se te bèl rèv, bèl mèvèy. Men jou ap pase, n ap grandi, nou reyalize ke istwa nou pa vreman chanje. Se preske menm evenman, menm aksyon yo k ap repete soti nan yon syèk al nan you lòt. Kòm si nou ta di w moun yo pa janm chanje, se menm moun yo ki la toujou. Paske se menm mantalite yo, menm karaktè yo ak menm lide yo k ap devlope jous kou nou ye a. Keksyon nou poze tèt nou: èske bagay sa yo pa ta ka chanje menm jan tan an ap chanje a?

Sa gen desan (200) zan, esklav yo (zansèt nou yo) bay mèt yo (blan fransè yo) yon panzou. Yo pran menm zam ki te konn ap korije, reprime, touye yo a, yo tounen yo kont fransè yo. Sa w tande a: "koupe tèt-boule kay"! Ayiti endepandan. Nou granmoun lakay nou.

Endepandans ki koute nou plis emosyon ke l te koute nou lajan. You endepandans ki jiska prezan poko itil nou anyen. Paske depi aprè sa nou poko janm ka vreman pwouve ni montre ke nou se mèt tèt nou; nou ka pran responsabilite nou, pran destine nou nan men.
Depi lè sa a, istwa nou tache ak: revòl, divizyon, trayizon, panzou, tirani, hing-hang, diktati, represyon, opresyon, tout kalite vòl, ensousyans, demagoji, masak, asasina, klan, chen-manje-chen, elatriye. Kidonk, yon galimatya, yon veritab katyouboumbe labou san fon.

Nou ta di tout bagay sa yo rive pou bay jarèt ak aplike yon dikton yo di ki la depi tikonkonm t ap goumen ak berejenn: "Depi nan ginen nèg pa vle wè nèg". Bagay sa a se yon madichon k ap swiv nou, yon wont, yon eritaj malouk k ap pase yon jenerasyon a yon lòt depi plis ke desan (200) zan. Pakont, nou ta di ayisyen te resi mete tèt ansanm yon sèl fwa nan listwa. Jis pou nou te pran endepandans nou sa gen desan (200) zan. Aprè sa se divizyon sou tout laliy. Divizyon ant twa (3) kalite moun: yon premye k ap fè tout konpwomi lè chif dafè l ap bese (boujwasi patripòch), yon dezyèm k ap fè tout zak pou konsève tit ak plas li (politisyen oligachi patripòch), epi yon lòt ka resi kanpe lè l pa kapab kenbe ankò, lè pa wè ni devan ni dèyè (mas pèp defavorise a).

Desan (200) zan endepandans. Yon premye mwatye fini ak pikè, kako, anachi, vòl siperyè, pwosè, dechoukay, elatriye. Dezyèm mwatye a kòmanse menm jan an: arestasyon ilegal, soulèvman, dechoukay, asasina, masak, dife, elatriye. An mil nèf san kenz (1915) blan meriken wè sa se twop, li okipe peyi a. Li vin mete lapè. Menm si se te pou l te ka vin regle zafè l tou (piye sa espayòl ak fransè yo pa t gen tan pran), an retou li mete ola, li mete estrikti ak enfrastrikti (ranje leta, mete lame ak lapolis, bati lekòl, lopital ak biwo leta, konstwi barak pou lame, fè aviyasyon, wout ak pon, fè asenisman, drenaj ak topografi, ibanizasyon; mete fasad, mache, kanal, latrin, elatriye). De bagay nou pa t fouti fè, e n ap jwi yo jiska prezan. Blan an poko vire, nou rekòmanse nan menm bagay la jouk tan mwatye sa fini menm jan an. Nou ta di rezon k fè blan ameriken pa fè anyen nan peyi a pendan okipasyon katreven katòz (1994) la se paske li wè nou pa fè anyen ak sa l te kite an trann kat (1934). Epi ofisyèlman, dapre sa Secretè Deta Ameriken di, koripsyon ak malvèzasyon t ap fèt pandan yomenm t ap fè, e te gen entansyon fè gwo envestisman nan peyi a.

Ane de mil kat la (2004), nou pati pou yon lòt san (100) tan tou nèf. Yon twasyém syèk endepandans ki malerezman gen yon kòmansman ki tèt-koupe ak de (2) premye yo. Yon lòt syèk nèf ki wè jou nan yon matyak: manifestasyon, revandikasyon, divizyon, soulèvman, koripsyon, represyon, diskisyon ant de (2) kan. De (2) kan, lè nou gade byen, ki gen ladan yo menm kalite moun yo; "menm kabrit Tomazo menm plim menm plimaj", "pase pran m, m a pase chèche w", "degouden ak senkant kòb". Kidonk, youn pa pi bon ke lòt. Pa gen anyen youn fè lòt la pa p fè l, paske yo te nan menm lekòl; yo konnen menm metòd. Di nou manti si w kapab!

Yon syèk ki ka fini jan l kòmanse a, si anyen pa fèt; si nou pa resi pran konsyans jan sa grav, si nou pa rekonèt nou reprezante yon grenn wòch, yon danje nan je kominote entènasyonal la. Fòk nou ta fè sa bonè; lè chalè kanaval la desann nan tèt nou nan Jakmèl, Pòtoprens, elatriye; avan plis moun mouri nan lòt zòn ki ka anvayi menm jan ak Gonayiv, Okap, Hench elatriye (Bèl paradòks, sa w di!). Fòk nou ta leve bonè pou mete lòd nan enstitisyon baz yo, tankou legliz, lekòl, inivèsite ak leta; san nou pa bezwen abouti sou yon lòt okipasyon (si nou pa pran l deja). Paske tout pwoblèm peyi dAyiti chita sou: 1e) krent ke nou pa gen pou Bondye ak pitit li Jezikris, (II kwonik 7,14), 2e) feblès sistèm edikasyon nou an sou tout nivo, epi 3e) koripsyon.

Edikasyon total-kapital (espirityèl, akademik modèn, sivik, moral, politik, elatriye) ap rive fèt lè nou tout reyalize ke nou pa dwe bay tèt nou manti ankò, ke nou pa ka fè anyen pou kont nou; lè nou tout dakò pou moun ki konnen vin montre nou. Pou ayisyen ki konsekan ak blan ki konnen montre nou panse, reflechi; chanje mantalite nou, montre nou respekte moun, respekte lavi, lalwa ak otorite, montre nou pwodwi (founi yon bon travay) nan kèlkeswa sa n ap fè. Nan lòt mo: refè nou, mete lòt estrikti, règ, metòd ak lòt sistèm nan enstitisyon nou yo. Epi tou mete sou plas yon fòs ki pou fè sistèm ak prensip sa yo respekte e aplike. Malerezman, ayisyen ki vreman konnen e ki konsekan an Ayiti pa janm fè politik, oubyen nou toujou kwape yo depi opa. Alòs ki lòt fòs ankò si se pa blan an?

An nou klè. Pi gwo pwoblèm nan sèke blan an, ki kache dèyè yon rido sou sèn nan, swadizan pa enterese nan nou ankò paske nou pa rete anyen ankò nan sa yo t ap pran yo, epi noumenm tou nou pa pwodwi anyen nan anyen; ekonomi nou se zewo bare. Menm jan an tou, an n sispann fè ipokrizi. Ki sa nou janm fè pou kont nou san yo (blan an) pa enfliyanse nou oubyen san nou pa p tann yo di nou oke? Alòs pèsonn pa ka ap kontinye twonpe, blofe nou ak bèl pawòl, bèl diskou ke: se li k pi bon, li k pi konnen, li sèl ki ka sove peyi a. Nou chita chalmayperalteman sou yon blòk glas patriyotis-nasyonalis, alòske ofon se enterè mesken pèsonèl nou n ap defann pandan ke anyen pa janm regle pou peyi a k ap rantre pi fon nan tyouboum sa a. Depi desan (200) zan se nan sa nou ye. Oresime nou pa fè anyen lòt aprè montre enkapasite, enkonpetans, iresponsablite ak ensousyans nou. Nou pa gen volonte pou fè kichòy, nou pa fè anyen, enpwen sètou! Paske depi nou vle, nou kapab. Alòs, se nou tout, ayisyen ki konsyan, onèt, konsekan ki pou reyisi ansanm, oubyen nou tout peri ansanm ak peyi a.

Nan tan modèn sa a, kote y ap pale de mondyalizasyon oubyen globalizasyon nou pa ka pou okipasyon. Sepandan, fòk nou pa bliye tou si nou pa opa pou nou antre nan kontèks sa a, y ap mete nou opa. Kidonk w ap rantre nan zafè nou (enjerans). Menm jan an tou nan kontèks jewo-politik k ap travèse lemonn kounye a, si nou pa ka mete lòd lakay nou, moun ki kapab ap vin mete lòd, lapè pou nou (entèvansyon). Malerezman, ki di enjerans, ki di entèvansyon; di okipasyon, kèlkeswa fòm nan. Kidonk, nou dwe pwouve nou granmoun lakay nou sèlman lè nou ka dirije tèt, pwodwi pou tèt nou epi fè komès san nou pa deranje pèsonn nan anyen. Nou poko janm fè sa. Se iresponsablite, enkonpetans ak ensousyans sa a, n ap trennen dèyè nou depi nan Ginen, k ap repete ki fè nou debouche sou okipasyon jan sa te fèt an mil nèf san kenz (1915) ak mil nèf san katreven katòz (1994), petèt sou yon lòt ankò nan kòmansman ane de mil kat (2004) sa a.

Soti dizwi san kat (1804) rive de mil kat (2004), istwa nou pa chanje ditou. Kochma ak twomatis nou te pran pou bèl mèvey lè nou te piti yo, yo kontinye san rete jouk jounen jodi a. Se bagay ki bay kè plen, remò, endiyasyon ak lawont. Nou panse li lè, li tan pou nou efase wont sa a ke nou reprezante nan rejyon karaiyb la, menm si sa pran senkant (50) an ankò. Epi sitou, pou nou kite bon ekzanp moralite ak onètete pou pitit-pitit nou yo ka swiv. Pou sa fèt, fòk nou genyen batay sa a: pou move santiman ak mantalite yo chanje pou nou rive ranvèse tout baryè - relijyon, politik, egoiys, anachi, ensekirite, chomay, eksplwatation, debwazman, analfabetis, malnitrisyon, imoralite, enjistis, mètdam, lavichè, ensousyans, elatriye - ki kenbe nou (peyi a) prizonye (II Korentyen 10, 4-6).

Anfen, nou ka chanje kouran listwa nan travay n ap kòmanse fè nan lespri nou depi jodi a, pou mantalite ak panse yo chanje pou tout bon nan zak n ap poze yo; pou pitit-pitit nou pa menm jan avèk nou. Pou yo pa vin viv sa noumenm ap viv la a. Pou yon mirak resi fèt: pou tig ke nou ye yo rive fè ti chat. Li ta bon pou nou deside jodi a ki eritaj n ap kite pou pitit-pitit nou yo. Eske se yon Ayiti dechire, divize ki nan yon labim san fon, pou yo vin pyafe, patoje nan san, nan kras, nan medyokrite ak blasfèm menm jan avèk nou, oubyen yon peyi ki refèt, revi e korije; yon peyi ki rantre nan nouvèl òd mondyal la? Jezi te mande yon lè: "ki yès nan nou, si l renmen pitit li, k ap ba l yon sèpan pou yon pwason?" (Lik 11,11). Deside jodi a si n ap bay timoun nou yo chans pou yo ka gen you avni miyò. Kidonk, pou san (100) tan tou nèf sa a, ki fèk kòmanse la a, ka fini byen nan yon Ayiti ki refèt; yon Ayiti tou nèf kote li va fè bon pou moun-tout-bon viv.

Nou ka fè l (Filipyen 4, 13). E ou menm?

Danyèl LIBETEN,

Sitwayen ayisyen

26 fevriye 2004