Haiti
Ti chèz ba

Lè a sonnen pou nou konstwi nasyon an sou yon lòt baz


Ekri jou jedi 4 mas 2004

Kominike Regwoupman Demokratik Popilè (RDP)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 3 mas 2004

Regwoupman Demokratik Popilè a di ayibobo pou majorite pèp ayisyen an ki dechouke diktatè popilis Jan Bètrand Aristid, jou 29 fevriye 2004 la. RDP ap rafrechi memwa tout moun, viktwa sa a se rezilta gwo mobilizasyon divès sektè òganize nan peyi a : fanm, etidyan, peyizan, sendika, entelektyèl, estrikti politik, sektè ekonomik elatriye. Pèp la la dwe kale je l pou l ranmase viktwa sa a, yon viktwa ki dwe ranfòse lit pou nou konstwi tout bon vre yon sosyete, gran moun tèt li, egalego. Jodi a, nou dwe pran responsablite nou, pou nou goumen kont tout plan enperyalis yo ki yon lòt fwa ankò ap fè tout manèv pou sèvi ak viktwa pèp la nan enterè yo.

RDP konstate divès manèv ki rekoumanse ap fèt pou pase viktwa a sa a anba pye

Nan nouvo plan pou gouvènay peyi a, pwisans etranje yo ki rele tèt yo kominote entènasyonal la vle kenbe kontwòl peyi a lè li :

- Kreye yon Komisyon Tripatit , kote li se youn nan manm yo
- Fè manèv pou kontwole epi mete sou kote desizyon Aktè Politik Ayisyen yo
- Sèvi ak nouvo Prezidan Pwovizwa a pou fè debakman militè etranje nan peyia , tan yo deklare militè sa yo pa vin fè dezameman nan peyi a .

Sekirite peyi a aladriv. Lavi chak sitwayèn/sitwayen, byen ak materyèl moun, andanje pandan plizyè kalte gwoup ame ap otopwoklame tèt yo Chèf .

Pèp la rache Prezidan sanginè a sou pouvwa a, men rejim Lavalas toujou an plas, ansyen otorite Lavalas ap lanse modòd , kèk radyo pwòch rejim nan kontinye ap fè pwopagann, chimè kontinye ap terorize popilasyon an nan divès katye ak rejyon nan peyi a. Menm jan an tou, gen diplomat tankou Anbasadè Dominiken an ap fè konplo ak patizan Lavalas pou òganize destabilizasyon nan peyi a.

Sitiyasyon sa a montre aklè batay la fèk komanse ; fòs òganize yo dwe rete vijilan pou nouvo depa pou konstriksyon nasyon fèt nan enterè tout sitwayen ak sitwayèn patikilyèman mas popilè yo.

RDP kwè li nesesè pou mobilizasyon pou konstwi nasyon an pran oryantasyon sa yo :

Konsèy Saj la ki gen manda pou oryante wout pou nouvo devlopman peyi a epi mete anplas gouvèman pwovizwa a dwe rete edepandan, pa pran dikta nan men « Kominote Entènasyonal » la ; epi li dwe reprezante tout sektè anndan peyi a. Nan sans sa a, Konsèy Saj la dwe pran dispozisyon, kreye mekanis pou l konsète ak tout gwoup sitou gwoup ki pa reprezante nan Konsèy la tankou: Fanm, Peyizan, Sendikalis, Jèn elatriye.

Dispozisyon dwe pran san delè pou mete aparèy lajistis an mach, pou kaba ak sistèm enpinite a, mete kòd nan kou tout kriminèl paske se sou baz lajistis sèlmam na ka jwenn antant ak apezeman nan sosyete a. Pou sa, nouvo responsab yo dwe prese prese :

- nonmen yon komisè gouvènman ki pou mete kòd prese, prese nan kou kriminèl yo
- kreye yon komisyon endepandan pou monte dosye epi fè limyè sou tout zak lavalas fè nan peyi a
- met sou pye yon plan refòm lajistis

Menm jan ak yon seri lòt gwo kesyon ki konsènan nasyon an, zafè sekirite piblik la dwe rezilta yon deba nasyonal e se lè sa a nasyon an a deside ki kalte fòs anplis lapolis ki pou regle zafè sekirite piblik nan peyi a.

RDP pwofite mande sektè popilè yo nan estrateji pou kwape tout fòm plan lanmò sou popilasyon ak destabilize peyi a, gen nesesite pou tout moun ranfòse estrikti mobilizasyon nou nan :

- Fè komite katye pou lapwòptay, patisipe nan aksyon sivik, ak tout lòt aksyon ki ka ede nan konstwi peyi a .
- Fè brigad vijilans pou nou pwoteje tèt nou devan chimè ak tout lòt gwoup ame kap simen latèrè
- Veye pou nou patisipe nan tout desizyon ka p pran pou peyi a

ABA LOKIPASYON

ABA ENPINITE

VIV YON AYITI GRAN MOUN TET LI

Pòtoprens, 3 mas 2004

Pou Regwoupman Demokratik Popilè (RDP) :

Antonal MORTIME

Carole P.P JACOB