Nòt pou laprès MODEP
Dpkiman sa a vin jwenn AlterPresse 3 mas 20003
MODEP ap voye yon gwo kout chapo pou tout òganizasyon ki nan mitan mas yo, tout òganizasyon ki nan sosyete sivil la, tout jenn fanm ak jenn gason ki nan kat kwen peyi a pou gwo viktwa sa yo pote sou diktatè, kriminèl yo rele Jan Bètran Aristid la ak tout bann chimè l yo. Men MODEP pa konprann poukisa plis pase 48 tè apre demisyon chèf chimè a, milisyen lavalas yo kontinye ap piye, vole, vyole, masakre popilasyon an ? Pouki sa kòd lajistis pa mare bann chimè gwo palto lavalas yo ki nan lapolis, lajistis, administrasyon piblik la, ladwann, ayewopò, teleko ak EDH ? Poukisa poko janm genyen yon nouvo gouvèlman ? Poukisa tout fatra lavalas yo toujou rete ap anpwazone popilasyon an nan lari ak nan sosyete a anjeneral ? Eske se sa ki rekonsilyasyon an ? Nan sans sa, nan nòt sa a, MODEP ta vle sitou atire atansyon popilasyon an, anpatikilye etidyan, ouvriye, fanm yo, ti peyizan yo ak tout jenn fanm ak jenn gason nan peyi a, sou twa keksyon fondamantal anba yo.
1. REKONSILYASYON NASYONAL LA DWE MAKONNEN AK JISTIS, SEKIRITE, MEN NON AK ENPINITE. MODEP vle raple tout moun kriz kap bwase bil peyi a depi mwa septanm 2003 a, se rezilta pratik gouvèlman lavalas la ki chita sou enpinite, vòl, vyòl, asasina, kòripsyon chimè nan pouvwa a tankou deyò pouvwa tap fè sou popilasyon an. Men sitou, se rezilta pratik enpinite, pratik politik pouvwa yo ki te toujou chita sou kraze zo mas yo patikilyèman depi sou rejim Divalye yo. Nou pa ka bliye masak 139 ti peyizan Jan Rabèl yo, nou pa ka bliye kalvè, masak manm FRAP ak ansyen militè yo te konn fè sou popilasyon an pandan peryòd koudeta 30 septanm nan. Kidonk, tout gouvèlman ki vle koupe fache tout bon ak pratik lavalas yo epi pratik rejim militè yo dwe koumanse tabli bon jan mekanis ak wout pou popilasyon viktim lan ka pote plent pou jije Aristid ak yon bann lòt chimè, ansyen militè, ansyen manm FRAP ki t ap soutni rejim lavalas la (apre nou se nou). Annatandan mezi sa yo, leta ayisyen dwe koumanse nan kad jistis la pran yon arete pou deklare tout byen ARISTID te genyen kòm byen leta, patikilyèman Inivèsite prive a li te kanpe ak lajan koperasyon peyi Taywann ak Kiba a, dwe tounen pwopriyete Inivèsite leta a. Chimè yo, gwo potanta rejim nan ak gwo chèf lapolis yo dwe dezame epi jije. San jistis, san sanksyon kont kriminèl yo, san sekiirite peyi a pap janm ka rive pran tout bon wout demokrasi ak lapè a.
2. LAPàˆ AK REKONSILYASYON AN DWE MAKONNEN AK YON POLITIK EKONOMIK AK SOSYAL KAP AMELYORE TOUT BON BYENàˆT POPILASYON AN, PATIKILYàˆMAN MAS YO. Sa vle di menm jan tankou rejim gouvèlman lavalas yo (Preval + Aristid) tout nouvo gouvèlman ki pa deside koupe fache ak politik neyoliberal yo, politik vann peyi a miyèt moso, politik mache lib e libè a, ap plonje peyi a nan kriz la pi mal, ap fè kondisyon lavi mas yo vin pi malouk, ti peyizan yo ak moun nan katye popilè yo, mas yo anjeneral. Nan yon peyi pòv tankou Ayiti, leta dwe pran responsablite ekonomik ak sosyal li genyen pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an, pou mete peyi a sou ray yon devlòpman ekonomik ak sosyal ki kapab dire.
3. KOWOPERASYON AK Là’T PEYI YO (KANADA, LAFRANS ETAZINI) EPI KOMINOTE ENTàˆNASYONAL LA DWE CHITA SOU PRENSIP SOLIDARITE KI DWE EKZISTE ANT TOUT PEYI SOU LATàˆ EPI SOU BAZ DEVWA ENSTITISYON ENTàˆNASYONAL YO GENYEN POU KORE PàˆP AYISYEN AN NAN REVANDIKASYON L, PASKE AYITI SE YON PEYI MANM MODEP di pèp la bouke ak okipasyon militè nan peyi a. Li klè kriz total kapital peyi a ap travèse patikilyèman depi 1986 epi rejim lavalas yo vin agrave, pa ka rezoud ak okipasyon militè. Men jounen jodi a, pèp ayisyen an bezwen yon koperasyon ki onèt, sensè kap ede l soti nan kriz la, kap ede l konstri tout bon peyi a nan rèspè dwa li genyen pou l chwazi rejim politik ak ekonomik kap garanti pi byen byenèt popilasyon an.
MODEP kwè san aplikasyon diferan keksyon sa yo : jistis, devlòpman ekonomik granmoun epi bon jan koperasyon ak solidarite entènasyonal, peyi Dayiti pap rive soti nan kriz lavalas la ak tout konplis nasyonal ak entènasyonal yo foure l pi plis. Oganizasyon etidyan yo, jenn yo, òganizasyon fanm yo, òganizasyon peyizan yo dwe konprann byen sa kap pase jounen jodi a nan peyi a epi kontinye batay pou konstri tout bon yon lòt sosyete.
ABA TOUT REKONSILYASYON TàˆT CHAT
ABA TOUT Fà’M OKIPASYON PEYI A
VIV LIT DEMOKRATIK POPILàˆ YO
Pòtoprens, madi 2 mas 2004
Pou MODEP
Anil LOUISJUSTE
Frantz MOISE