Español English French Kwéyol

Ayiti : Plantè ayisyen vle benefisye bon pri kafe siperyè Ayiti sou mache entènasyonal la

Prezidan 2 cooperativ kafe nan Batis ak nan Tyòt ekri yon lèt tou louvri pou Premye Minis Garry Conille

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 17 novanm 2011

KAFE BATIS FЀ 6 DOLA AMERIKEN, KAFE TYÒT FЀ 5.5 DOLA AMERIKEN SOU MACHE ENTЀNASYONAL LA

Msye Garry Conille
Premye Minis
Nan Biwo li

Ekselans Mesye Premye Minis Garry Conille,

Si depi lane dènyè kafe Tyòt fè 5.5 dola ameriken, jodya nouvèl la tonbe ke kafe Batis rive 6 dola ameriken liv la. Se yon gwo nouvèl pou tout plantè kafe ki nan kat kwen peyi d Ayiti, se yon gwo nouvèl pou pèp ayisyen an, se yon gwo nouvèl pou peyi a.

Premye Minis Conille,

Tou dabò nan non plantè yo, nou ap retire chapo n byen ba pou n remèsye pou deklarasyon ou fè ayè sou enpòtans ke gouvènman Ou an ap bay sektè kafe a. Se yon moman istorik, paske nou kwè nan tout listwa peyi d Ayiti, se premye fwa yon chèf gouvènman ki fèk pran pouvwa a deside bonè konsa panche l sou pwodiksyon kafe nan peyi a. Nan non tout plantè kafe n ap di Ou mèsi anpil alavans.

Premye Minis,

Pemèt nou di Ou tout sa ki nan kè nou, tout maladi nou soufri. Pwoblèm yo anpil, men gen solisyon :


1) Pwoblèm tè

Nan tout peyi a pwoblèm tè ap kreye divizyon, ewozyon anpeche nou pwodwi, moun ap mouri pou kesyon tè . Anpil peyizan ap travay sou tè epi yo pa konnen ki mèt li, gen ki di tè a se pou yo, men yo pa gen tit yo. Gen ki nan demwatye.

Premye Minis, jodya nan venteyinyèm syèk sa a, gen de gran pwopryetè ki nan peyi etranje epi chak ane yo vin ramase benefis rekòt nan men peyizan. Sitiyasyon sa a dwe chanje. Nan non tout peyizan plantè kafe, n ap mande pou komanse yon refòm agwofonsye pou rezoud pwoblèm sila yon fwa pou tout. Si peyizan an pa santi l ansekirite sou tè ke l ap travay la, okenn pwojè pap reyisi.


2) Repiblik Dominikèn

Premye Minis, eske W konnen ke chak ane gen 120 000 sak kafe 60 kilo k ap travèse fwontyè a. Kafe sou tet moun, sou bèt, tout fason san kontwòl leta Ayisyen. Pawòl la di « sòt ki bay enbesil ki pa pran ». Si peyi a te vann kafe sa yo selon prensip komèsyal yo, sa t ap reprezante plis pase 50 milyon dola us ki t ap yon bèl avantaj ekonomik pou peyi a. Dominiken pran kafe nou an pou sèvi pou tèt yo, yo ekspòte l kòm kafe dominiken epi yo ekspòtel griye. Se pa ti lajan peyi a ak pwodiktè yo pèdi chak ane. Premye Minis, fòk nou rete emoraji sa a touswit. Se va yon desizyon ki va montre tout bon vre ke chèf gouvènman an pran kòz peyi a ak plantè kafe yo an men. Pi bonè se granm maten. Nou ka vann ak Dominiken, men se pa nan kondisyon sa a. Fòk komès kafe sa a kontwole pa Leta Ayisyen, jan sa fèt nan tout peyi, ki respekte nòm komès entènasyonal


3) Kredi

Depi lè IDAI ki se Enstiti Devlopman Agrikòl epi Endistryèl fèmen, kredi pou lagrikilti preske pa ekziste. Detanzantan BCA vin bay yon ti bagay. Men pa gen vreman yon pwogram nasyonal kredi agrikòl anjeneral, epi sitou pou kafe. Nouvo pwogram kredi ke nou swete ke w ap mete sou pye a ta dwe genyen twa seksyon:
A ) Fon woulman akoutèm
B ) Regenerasyon kafeyè amwayen tèm
C ) Nouvèl plantasyon alontèm ;

4) Asistans teknik

Nan non tout plantè kafe yo, m ap mande asitans teknik pou kapab amelyore teknik plantasyon nou yo, pou ka ogmante pwodiktivite nou ak pwodiksyon Nasyonal nou ;


4) Patisipasyon plantè

Pwojè pou relanse kafe paka fèt san patipasyon total plantè yo. Sa vle di anpremye fòk gouvènman an mete sou pye yon pwogram ranfòseman enstitisyon peyizan yo: tankou Koperativ, asosyasyon peyizan epi sitou gwoup travayè agrikòl ki ekziste nan tout peyi a, tankou Eskwad Kòve, Mazenga, Ranpono, konbit, Sori etsetera. Premye Minis, kòm ou konnen agrikilti peyizan nan pa mekanize, se tout gwoup travayè agrikòl sa yo ki ap laboure, plante, rekòlte tout pwodwi agrikòl ke n ap manje nan peyi a. Li lè li tan pou n rekonèt valè yo ;

6) Semèn nasyonal pwodiktè kafe

Premye Minis,

N ap mande Ou pou nou kreye yon evenman chak lane ke na rele « Semèn Nasyonal Pwodiktè Kafe » nan zòn kafe. Se va yon moman pou n di plantè kafe yo mèsi pou kontribisyon yo nan ekonomi peyi a, pou kontribisyon nan peye dèt endepandans d Ayiti, kontribisyon pou kenbe anviwonman peyi a. Epi se va yon fason pou ogmante sipèfisi kafe nan peyi a ;

7) Enjistis ki gen nan chenn valè kafe a

Premye Minis,

Chache konnen sa, depi tikonkonm ap goumen ak berejèn, se plantè kafe ki jwennn pi piti nan valè kafe a. Twò souvan peyizan ki bay kouraj li, tan li, ki swe nan plante kafe a jwenn selman 3% nan chenn sila. Ki donk bourik travay, Chwal galonnen. Fòk sa fini Premye Minis. Koperativ yo komanse chanje sa, men chemen an long.

Premye Minis,

Pou n rezoud pwoblèm sa nou site la a, fòk gouvènman W nan mete sou pye yon pwogram nasyonal Pak Agwo-Endistryèl ;

8) Rejenerasyon ak nouvèl plantasyon

Premye Minis ,

Pa gen pèdi tan. Pa gen sekrè nan fè kola. Nou idantifye plis ke 50 mini mikro-klima nan tout peyi a ki kapab fè bon jan kafe goumè, kote nou ka jwenn bon jan pri sou mache entènasyonal la. Envestisman nesesè pou chak mikro-klima sa yo estime a 1 milyon dola ameriken. Konsa nan non tout plantè kafe, n ap mande W pou fè yon previzyon 50 milyon dola ameriken pou relanse kilti kafe nan peyi d Ayiti ;

9) Remanbreman ak ankadreman platfòm nasyonal pwodiktè kafe

Platfòm nasyonal pwodiktè kafe ap fonksyone depi plizyè ane. Nou ta swete Premye Minis pou l jwenn apwi gouvènman W nan pou l ka jwe wòl ke l dwe jwe nan pwoteje enterè pwodiktè kafe;

Premye Minis,

Si gen yon envestisman valab ke gouvènman W nan ka fè, epi ki ka gen yon enpak alafwa nan nivo anviwonman, nan nivo mikro epi makwo ekonomi, si gen yon pwojè ki kapab gen yon enpak nan vi sosyal plis 200 000 moun dirèkteman nan 6 depatman peyi a, se pwojè pou bay pwodiktè kafe jarèt. A bon entendeur salut!

Premye Minis,

Si jodya nou ka fete nouvèl ke kafe Batis la fè 6 dola ameriken sou mache entènasyonal, se gras a enstisyon tankou ICEF-DA, AVSF, CROSS, FLM, DED, OXFAM-GB, ACDI, PLAN-NAGUA, BID-FOMIN ak tout lòt enstisyon ke nou pa site ki te ede òganizasyon peyizan yo nan moman ki te pi difisil yo.

Nou pata rive la jodya a, si anpil moun pat pote kontribisyon yo ladan l tankou : Agwonòm David Nicolas, Agwonòm Paul Duret, Agwonòm Beal Joseph, Msye Bernard Gianoli, Msye Petuèl Azor, Msye Lavalette Sinvil, Msye Fritz Francois, Msye Merisier Fito etsetera.

Men si jodi a n ap pale de vant kafe nou nan pri 5.5, 6 dola US, se gras a yon moun ki bay tout kouraj ak konesans li pou fè pri kafe a monte, se gras a yon moun ki ap pote plantè kafe sou do l, se gras a yon moun ki renmen peyi l. Moun sa a se Anbasadè Marcel Duret.

Premye Minis,

Pi gwo bagay ke nou pa dwe janm bliye, si nou ka selebre pri sila a kafe siperyè nou an jwenn sou mache entènasyonal la, si jodya gen moun ki tire dafè nan filyè kafe a , si n ap fè pwojè sou kafe, si nou ka wè lavi nan kilti sa a, mal kou mizè, sou lapli, sou solèy, avèk oswa san lajan, se gras a kouraj pwodiktè kafe yo.

Premye Minis,

Kenbe teks sila pre, nou swete detanzantan ke ou va jete yon koudèy sou li.

Pou fini Premye Minis,

N ap di W : « Si nou te peye dèt l’endepandans nou ak kafe, se kafe ki ka fè nou reprann endepandans nou, akondisyon ke tout envestisman yo fèt ak plantè kafe, epi pou plantè kafe ».

Aksepte, Premye Minis Conille, yon salitasyon patryotik nan non tout plantè kafe nan kat kwen peyi d Ayiti,

BERNARD Issanor
Prezidan Konsèy Adm. UCOCAB
BATIS, Plato Santral
_ TEL : (509)3623-6324
Imel : ucocabhaiti@yahoo.fr

FRITZ Francois
Prezidan Konsèy ADM. COOPCAB
TYÒT, Depatman Sidès
Tel : (509) 3872-1080
Imel : coopcab_haiti@yahoo.fr