Konferans Renauld GOVAIN * pwononse nan Kolèj Catts Pressoir jou lendi 24 oktòb 2011 lan nan kad selebrasyon Jounen entènasyonal lang kreyòl la
Otè a remèt dokiman an bay AlterPresse
II. Pratik kreyòl ayisyen andedan fenomèn mondyalizasyon an
Nan dezyèm pati konferans sa a, mwen enterese etidye jan nou difize kreyòl ayisyen an nan mondyalizasyon an, plas li okipe nan fonksyònman yon seri enstitisyon entènasyonal ou rejyonal ki gen valè politik (AEC), ekonomik (KARIKOM), sosyal, inivèsitè (Konferans Rektè ak Prezidan Inivèsite nan Karayib la, CORPUCA an fransè)… Mwen pati sou ipotèz tout asosyasyon rejyonal sa yo kapab favorize pwomosyon ak difizyon lang kreyòl la. Mwen ap pwofite dekri rapò kreyòl la genyen avèk lang ki nan anviwònman imedya li tankou fransè, anglè avèk espànyòl. Mwen ap pwopoze yon modèl politik lengwistik ki kapab fovorize espansyon avèk difizyon kreyòl la kòm lan etranje. Mwen ap evoke nesesite pou nou rive fonde yon « kreyolofoni entegratif » kote youn nan misyon li ta kapab difizyon ak pwomosyon kreyòl la atravè yon seri demach didaktik, kiltirèl, sosyal, men tou politik !
Kreyolofoni ak mondyalizasyon
Esperyans kolonyal, rapò politiko-lengwistik avèk pratik lengwistik anjeneral akouche 4 gran ansanm lengwistik ki fonksyone tankou òganizasyon : frankofoni, anglofoni, ispanofoni avèk lizofoni (ki gen pou wè avèk lang pòtigè a). 4 ansanm sa yo konsène lang endo-ewopeyèn inikman. Men nou ta gendwa ajoute arabofoni nou pa ta dwe neglije nan klasman gran ansanm lengwistik yo. Men, jan Robert Chaudenson (2000) souliye sa, sitiyasyon arabofòn nan prezante kèk ti pwoblèm definisyon ki genyen rapò avèk diferan varyete dyalektal arab kote tout arabofòn yo pa toujou rive konprann youn lòt. Sa fè anpil chèchè pa toujou rive mete yo dakò sou nosyon arabofoni an. Konsa tou, lè nou konsidere divès « zòn lengwistik » ki genyen nan lemond, sitou sou kontinan afriken an, nou kapab konsidere genyen yon seri lòt « N-foni » nou ta kapab konsidere apre « arabofoni » an. Nou jwenn lide sa a tou lakay yon sosyolengwis fransè Louis-Jean Calvet. Men mwen menm, sa ki pi enterese mwen, se ansanm lengwistik mwen rele « kreyolofoni » an.
Nosyon kreyolofoni an se youn nou abitye tande depi kèk tan. Si tèm kreyofolofòn an fransè egziste nan diksyonè Le Robert 2012, tèm kreyofolofoni an poko antre nan diksyonè sa a. Men, se yon tèm ki kòmanse kouran nan domèn sosyolengwistik avèk kreyolistik. Depi oktòb 2007, Fakilte Lengwistik Aplike (UEH) ap òganize yon kenzèn aktivite kreyolofoni nan okazyon Jounen entènasyonal lang kreyòl la.
Yon lòt kote, nan okazyon yon kolòk sou politik lengwistik nan Karayib la Fakilte Lengwistik Aplike te òganize avèk Òganizasyon Entènasyonal pou Frankofoni nan dat 4-6 desanm 2007, mwen te rekòmande nan yon atelye pou nou travay sou kreyasyon yon « kreyolofoni entegratif » ki ta dwe depase fwontyè kreyòl ki soti nan fransè a. Sa dwe yon espès « kominote pankreyòl » ki pou regwoupe tout peyi kote yo pale kreyòl yo. Kreyolofoni sa a kapab yon bon mwayen oubyen yon enstriman pou pèmèt lang nan pran plas li pi byen nan tren mondyalizasyon an. Nou kapab mete li anplas avèk kreyòl ayisyen an pou plizyè rezon pami yo nou kapab site sa ki ap vini :
1. se varyete kreyòl fransè ki posede plis moun ki pale li (10.000.000).
2. se premye varyete kreyòl ki atenn yon degre gramatizasyon ki pi avanse, atèlpwen Ioana Vintila-Radulescu (1979 : 95) ekri : « le créole haïtien semble avoir acquis un certain « prestige » bien avant les autres variétés du créole français. Au début 19ème siècle, on le jugeait même digne d’être utilisé dans la vie publique ». M ap raple gramatizasyon an se pwosesis ki pèmèt yo dekri epi outiye yon lang sou baz de (2) zouti teknolojik espesifik ki se gramè avèk diksyonè ki reprezante de eleman ki pi enpòtan nan konesans metalengwistik nou genyen sou yon lang (Auroux, 1994). Sa vle di, nan epòk sa a, lang nan te gen tan atenn yon nivo didaktizasyon ki te kapab fasilite yo entwodui li nan domèn ansèyman fòmèl. Didaktizasyon an se yon pwosede ki apiye sou yon seri demach syantifik ki pèmèt yo kapab sèvi ak yon lang pou anseye oubyen yo kapab anseye li tankou yon matyè. Didaktizasyon an pèmèt nou diminye ris ki ta kapab fè ansèyman an mal pou pase, paske li chita sou demach syantifik, men pa sou yon pratik ki apiye kò li sou yon woutin ki pa gide avèk limyè lasyans.
3. se premye varyete kreyòl ki rive nan nivo lang ofisyèl ;
4. se premye varyete kreyòl yo entwodui nan sistèm edikatif tankou lang yo anseye avèk lang yo sèvi pou yo anseye ;
5. se premye varyete yo plis difize nan peyi etranje atravè migrasyon Ayisyen ki ap sikile patou sou latè, anpatikilye ann Amerik di Nò kote lang nan benefisye ouvèti sosyokiltirèl avèk politik peyi Etazini avèk Kanada ;
6. Kreyòl ayisyen an se youn ki jwi yon trè gran vitalite, sa ki fè li pa soufri posiblite pou li ta etenn paske yo pa pratike li ankò…
De (2) dènye ansanm lengwistik sa yo – arabofoni avèk kreyolofoni – dwe mete kanson yo nan tay si yo vle enpoze yo nan fenomèn alamòd yo rele mondyalizasyon sa a. Si arabofoni gen plis chans pou li enpoze tèt li lè nou konsidere kantite arabofòn yo avèk kesyon relijyon gwoup moun ki pratike li yo, kreyolofoni an gendwa genyen plis difikilte pou enpoze tèt pa li pou tout esperyans ideyolojik nou konnen ki travèse istwa avèk pratik lang kreyòl la. Difikilte yo kapab vini tou paske tout kreyòl yo souvan fonksyone tankou youn nan lang nan kominote yo pratike yo alòske yo pratike yon lòt moun yo kwè ki bay plis posiblite avèk avantaj sosyal epi pi souvan se nan lang sa a pi fò vokabilè kreyòl la soti.
Devan dènye agiman sa a nou kapab esepte ka kreyòl Ladominik oubyen Sentlisi ki se kreyòl fransè ki ap fonksyone avèk anglè ki se lang ofisyèl peyi yo. Se nan esperyans istorik ki lye avèk esklavaj pou nou chèche rezon ki fè sa rive konsa. Paske ni Lafrans ni Angletè te kolonize toulede zile sa yo. Paregzanp, 2 peyi ewopeyen sa yo batay 14 fwa pou rive genyen Sentlisi pou yo. Kòm se Angletè ki te genyen dènye batay la epi yo pa livre okenn lòt batay ankò, se sa ki fè se anglè ki rete lang ofisyèl peyi sa a. Men kreyòl fransè a te gen tan tèlman devlope se li ki rete kòm lang majorite abitan zile sa a pale. Nan sans sa a, Salikoko Mufwene (2005) panse se nan absans yon ekonomi anglofòn ki pwofitab nan Ladominik pou nou chèche rezon ki fè kreyòl la toujou rete vivan nan zile sa a.
Konsa, òganizasyon rapò ant lang yo repoze sou dominasyon lang ki pi fò yo oubyen sou sa yo rele nan langaj politik « rapò fòs » ki etabli antre yo. Sa vle di lang yo pratike nan peyi ki pi fò politikman oswa ekonomikman se yo ki plis enpoze yo andedan mondyalizasyon an. Sa vle di tou, pratik lengwistik nan mondyalizasyon sa a chita sou rapò fòs lengwistik, ekonomik, politik, sosyokiltirèl… Men, se yon seri rapò nou kapab envèse. Esperyans yo gendwa chanje lè rapò fòs yo chanje direksyon.
Ekspansyon anglè a se rezilta esperyans sa a paske anglè se lang yo plis pratike nan gran òganizasyon entènasyonal, asosyasyon oubyen òganis rejyonal mondyalizasyon oblije kominote yo fòme pou reponn kèk egzijans li fè. Konsa, lemond pa riske pase nan babelizasyon lengwistik pou retounen nan yon inifikasyon lengwistik jan Labib esplike sa te ye avan lèzòm ta dezobeyi Bondye (anvan esperyans konstriksyon rate Tou Babèl la) ? Men, jan esperyans yo ye kounye a, si sa ta dwe rive, nou deja santi se anglè a ki t ap benefisye li. Jodi a, anglè rive travèse tout lang, tout kilti, tout peyi, tout sistèm, tout politik, tout fwontyè, ets. Konsa, mondyalizasyon an riske tounen yon « esperyans glotofaj » pou nou reprann yon espresyon Louis-Jean Calvet renmen itilize, kote lang ap manje lang ! Se sa ki alabaz esperyans yo rele « globalè » jodi a (glob pou glòb latè a, epi lè pou anglè), sa ta vle di anglè enpoze tèt li kòm lang glòb la.
Kreyolofoni an, yon enstitisyon sosyokiltirèl ak lengwistik transnasyonal, kapab yon enstriman pou pozisyone lang kreyòl la nan mondyalizasyon an. Se yon espas ki prezante yon seri mòd espresyon ki komen epi diferan anmenmtan nan lavi plizyè pèp ki pa pataje menm kilti. Men tou, anplis lang nan, kominote sa yo pataje yon seri espesifisite sosyokiltirèl avèk etnik.
Kalifikatif « entegratif » nou te evoke pi wo a fè nou konprann nou pa dwe pran kreyolofoni an sèlman pou peyi kote yo pale yon kreyòl ki soti nan fransè oubyen peyi amerikano-karayib yo sèlman. Li dwe entegre tout peyi kote yo pale kreyòl, kèlkeswa lang baz kreyòl sa yo. Men pou nou rive la, sa ap mande pou nou monte yon gwo woumble pou fè tout kominote sa yo rankontre epi pataje anpil esperyans yo genyen ki diferan youn de lòt epi ki va sèvi baz pou nou chita esperyans jeneral sa a. Sa mande yon demach entènasyonal ki pou detèmine mwayen avèk aksyon pou nou rive konkretize yon rèv konsa. Aksyon enstitisyon sa a va kondui nou sou wout pwojè entèkonpreyansyon mwen te evoke nan finisman premyè pati entèvansyon mwen an.
Rapò kreyòl la genyen avèk lòt lang ki nan menm ekoloji lengwistik avèk li
Ekoloji lengwistik Ayiti a prezante yon sitiyasyon plirileng kote 4 lang ki ap fwote youn ak lòt : kreyòl avèk fransè se 2 sa yo plis pratike. Apre sa, nou jwenn anglè ak espànyòl yo rekonèt kòm lang etranje yo anseye lekòl avèk nan inivèsite. Mwen sèvi avèk tèm ekoloji a nan sans « syans ki etidye jan moun viv youn bò kote lòt nan yon menm espas ». Mwen prete li nan tèminoloji Salikoko Mufwene (2005). Si mwen ta sèvi avèk modèl gravitasyonèl Louis-Jean Calvet (1999), mwen ta kapab yerachize lang sa yo konsa : anglè okipe yon posizyon ipèsantral, fransè a nan pozisyon sipèsantral, kreyòl nan yon pozisyon santral epi espànyòl la nan yon pozisyon periferik (akote). Anpil moun gendwa diskite oswa kritike mòd klasman sa a. Men, mwen fè li suivan degre prestij, avantaj ak opòtinite manm kominote a yo kwè lang yo bay (oubyen yo bay toutbonvre), oubyen dapre mòd reprezantasyon lokitè yo devlope sou youn oswa lòt lang ki nan ekoloji a.
Jounen jodi a, anglè se lang yo plis egzije moun metrize nan domèn travay ann Ayiti. Pa genyen yon grenn òf anplwa ki pa egzije li. Yo pa prezante fransè a tankou lang moun yo dwe plis metrize ankò. Se dwe paske yo panse tout moun sipoze metrize li ? Men reyalite a montre pa gen anpil moun ki pale oswa konprann fransè. Nan òf anplwa sa yo, yo souvan prezante metriz espànyòl la kòm yon atou, men pa kòm premye lang pou yo byen metrize. Antrepriz ki ofri travay kote yo peye pi byen se ONG. Nou tout konnen pi gwo ONG yo enskri fonksyònman yo nan kad mondyalizasyon. Epi mondyalizasyon an se yon fenomèn ki la pou favorize lang ki pi fò yo. Kòm anglè se lang veyikilè ki pi repann atravè lemond, donk, li an plis an favè anglè. Nou tout ap dakò si li an favè yon lang, sa tou fè lòt yo defovorize. Se sa ki fè jounen jodi a sant oswa enstiti kote yo anseye moun pale anglè pa janm sispann pouse tankou djondjon tou patou nan peyi a, anpatikilye nan Pòtoprens. Epi pi fò pa janm manke etidyan.
Si sou plan prestij avèk avantaj sosyal, kreyòl se ti dènye a, sou plan pratik se li ki pi dominan malgre tout sa mwen di nou la a. Tout Ayisyen pratike li nan pi fò sikonstans yo genyen pou yo pran lapawòl. Yo kouche avèk li, dòmi avèk li, wonfle ak li, reve ak li, reveye ak li, chèche lavi ak li !
Ki rapò kreyòl la genyen avèk lang sa yo ? Menm jan avèk tout lòt kreyòl, kreyòl ayisyen an se eritaj kolonyal kote te genyen plizyè lang yo te pratike nan koloni yo : yon lang ewopeyen avèk yon pakèt lang esklav yo te pratike nan peyi yo ann Afrik. Lè esklav yo rive nan lakoloni an, yo pa te kapab kominike nan lang yo te konn pratike yo. Kolon yo pa te vle yo kominike pou yo pa fè konplo kont yo, pou yo pa chavire administrasyon kolonyal la. Men, se nan anbyans refi pou kominike sila a kreyòl la rive fèt. Fòm lengwistik bosal yo devlope nan kontak fransè a avèk lang pa yo pa te ankò lang kreyòl la jan nou konnen li a. Se te yon fòm lengwistik ibrid (melanje) ki pral tounen yon lang, donk kreyòl la, pou dezyèm avèk twazyèm jenerasyon esklav ki fèt nan lakoloni an. Paske pou yo konsidere yon fòm pale kòm yon lang, jeneralman fòk li lang matènèl yon gwoup moun. Li va lang matènèl yon gwoup lè manm gwoup sa a fèt, leve epi grandi nan pratike lang sa a !
Jan Pradel Pompilus raple li, 85% vokabilè kreyòl la soti nan fransè. Men, jounen jodi a, nou remake anglè avèk espànyòl enfliyanse pratik kreyòl la anpil. Sepandan, malgre rapwòchman jewografik Ayiti avèk Repiblik Dominikèn, enfliyans anglè a pi fò sou kreyòl la pase pa espànyòl la. Nou gendwa esplike sa paske Ayisyen yo santi yo pi fyè lè yo ap pale anglè, paske yo plis emigre nan peyi Etazini, paske pi fò pwodui teknolojik yo sèvi (avèk lòt pwodui ankò) soti nan peyi meriken epi yo genyen yon metalangagj anglè ki akonpaye yo, ets. Menm genyen kèk pwovens ann Ayiti kote lè yon moun pale an espànyòl, yo di li se « koupèdkann », li se brasewòs, ets.
Kounye a, ann nou wè jan enfliyans de (2) lang sa yo sou kreyòl la fè lokitè kreyòl la akselere fenomèn pretay mo nan lang nan. Se nan domèn leksikal enfliyans sa a plis manifeste. Konsa, kreyòl la prete anpil mo nan anglè a. Li prete kèk nan espànyòl la tou. Sa mwen pral prezante la yo, se detwa egzanp tou piti devan kantite mo li prete nan lang sa yo. Paregzanp, nan yon rechèch mwen fini (ki rele Les emprunts du créole haïtien à l’anglais et à l’espagnol) epi ki dwe pibliye nan Edisyon Inivèsite Leta Ayisyen an, mwen jwenn plis pase senk mil tèm kreyòl la prete nan anglè a avèk plis pase yon milye nan espànyòl la.
Mo kreyòl la prete nan anglè
Ladotyen nan mo kreyòl la prete nan anglè nou prezante yo se non mak yo ye. Yo deziyen yon seri pwodui Ayisyen konsome epi ki fabrike nan yon peyi kote se anglè yo pale, anpatikilye nan peyi Etazini. Yo konsève menm siyifye (menm sans) yo genyen nan lang anglè a. Se ka mo tankou : kodak, dèlko, kòlgat, wèbkam, wòkmann, ets.
Genyen yon seri lòt nou kapab mete nan yon kategori fè antre nan domèn mekanik otomobil tankou : estatè, estatèmann, klòtch, derik, gaskit, chòk absòbè, brek, blowè, bouldozè, djip, mòflè, bouchin, chaf, poulchenn (pull chain = zouti yo sèvi nan mekanik), èflometè, katawout (regilatè), kabòn, ets.
Genyen lòt ankò ki antre nan vokabilè telekominikasyon : areyakòd, wèbkam, blòg, imel, bloutouf, wayfay, dayèlòp, wèbsayt, wèbmastè, twitè, mesenndjè, frinay, ets.
Lòt ankò soti nan domèn nouvèl teknoloji, telekominikasyon oubyen enfòmatik ou ankò nan domèn telefoni mobil tankou : sev, djonp, skenn, printe, printè, bakòp, kòl ou kòlbak, chòtdawonn, òpgred, dawonnlod, djonkmel, areyakòd, dilet, konmpitè, wòkitòki, pedjè, tinèl, djingèl, konekte, dekonekte, ets.
Kèk lòt ankò antre nan domèn mizik tankou : rege, rap, bit, blouz, djaz, djazmann, fridjaz, fristal, gòspèl, gwouv, hit, ipòp, kibòd, lirik, minidjaz, mizikmann, benn, eskwatch, foulbenn, wout, wòk, wòkennwòl, ets.
Kèk lòt ankò antre nan domèn espò tankou : foutbòl, annbal, bezbòl, andispò, bitchvole, gòlkipè, penalti, oki, bebifout, kònè, bòdibilding, bòdibildè, badmintonn, pingpong, chout, choute, ets.
Genyen nou kapab fè antre nan domèn jwèt aza anjeneral tankou : azamann, djak, djapòt, bengo, jokè, pokè, ets.
Genyen ki antre nan domèn administrasyon anjeneral : biznis, grinbak, dil, dilè, bigdil, bil, chòp, esponnsò, cach, makèt, pewòl, ovètaym, bòs, brennstòming, brifing, debrifing, chòp, chòping, fè chòping, depozit, ets.
Nou jwenn yon seri tèm ki soti nan anglè a nou kapab mete nan kategori abiman tankou : bebidòl, boksè, djin oubyen bloudjin, chòt, tichèt, djenmpè, switè, blouz, djakèt, pijama, ets.
Sèten lòt ankò antre nan domèn elektwonik : radyomann, espòtlay, anplifayè, kamera, ayfay, dichaj, baf, tep, watèkoulè, zewòks, devedepleyè, sedepleyè, twitè, ekwalayzè, dèk kasèt, gedj, ets.
Oubyen nan domèn elektrisite tankou : adaptè, inpout, pawè, maykowev, fyouz, awoutpout, flaywil (fly wheel = volan altènatè), switch, bennswitch, brekè, chòt (short-circuit), gawonn (grown connection road) [fil kouran pase anba tè], kapasitò (kondansatè), kontaktò, (kontak elektwo-mayetik), kòvè (cover), langskou (lag screw), layting awoustè (paratonè) [lighting conductor], ets.
Mo ki soti nan espànyòl
Pami mo kreyòl la prete nan espànyòl, nou kapab site : madichon (maldición), makout (macuto), matchak (machaca), kabicha (cabezada), atahola (hasta hahora), babako (barbacoa = vyann griye), bouske (buscar = chercher), chelèn (chele = blond), espante (espantar), fresko (fresco), gabèl (gabela), gagann (garganta), gwayabèl (guallabero), gwayil (guajiro = peyizan nan peyi Kiba), kabès (kabeza), karabela (carabella), kasav (cazabe), koukouy (cocuyo = pyrophore), kounouk (conuco), rabla (hablar), rapadou (rapadura), sakit (saquito = sachet), sigwav (sigwapa), tchanpan (champa = objè san enpòtans), tchans (chanza = plezantri)…
Ladotyen non ki deziyen yon seri zòn nan peyi a soti nan espànyòl : Miragwàn, Pedènal, Laskahobas, Lòs Palis, Pandyasou, Mahibawo, Aken, Leyogàn, Jakmèl…
Li pa fasil pou nou kategorize mo kreyòl la prete nan espànyòl la yo nan yon seri tematik menm jan nou fè li pou sa li prete nan anglè. Sèten nan yo pase nan lang nan nan zòn fwontalye avèk Repiblik Dominikèn, nan blòk Nò peyi a (depatman Nò, Plato Santral, Nodès, Nòdwès, Sidès). Enfliyans anglè a pi fò pase pa espànyòl la, se vre. Men, nou pa dwe nye li posib pou nan yon avni ki ka pa twò lwen, espànyòl la kapab vini pi enfliyan pase jan li ye la a. Rezon : avèk plis pase 20 000 etidyan ayisyen ki ap etidye nan Repiblik Domonikèn mete sou plizyè santèn ki jwenn bous pou etidye nan peyi Kiba nan divès disiplin (jodi a, chak ane, Venezyela bay kèk dizèn bous etid tou), plizyè santèn lòt ap etidye nan lòt peyi latino-ameriken yo… espànyòl la gendwa vin pi enfliyan sou kreyòl ayisyen an. Gwo enfliyans anglo-ameriken an se imaj pratik lengwistik, sosyokiltirèl ak ekonomik Ayisyen anjeneral genyen de peyi sa a.
Konklizyon
Alèkile, yon lang yo pa anseye tankou yon lang etranje, sètadi ki pa gen yon reyònman entènasyonal, se yon lang ki ap toujou rete yon "ti lang", yon lang domine. Lang yo se mwayen enpòtan ki pèmèt nou sikile lide mondyalizasyon oubyen ki pèmèt nou mondyalize lide chak peyi, chak pèp, chak kilti pou pèmèt lemond antye rive genyen yon lide sou jan yo fonksyone, jan yo reprezante kominote kote yo pratike yo. Desten lang yo pase nan wout sa a tou, nèspa ?
Nou pa kapab panse mondyalizasyon jodi a san nou pa anvizaje yon seri pratik lokal ki kapab ekonomik, politik, lengwistik, sosyal, kiltirèl, ets. Sa fè lontan nou kwè mondyalizasyon se yon kesyon politik avèk ekonomik sèlman. Lè nou konnen lang nan se mwayen pou esprime politik, ekonomi, aktivite sosyokiltirèl, li parèt lejitim pou nou konsidere enstriman sa a nan devni mond lan. Panse pratik lengwistik yo nan kad mondyalizasyon an mennen nou anvizaje lemond kòm miltikiltirèl ak plirileng, men tou, nou dwe panse li tankou li fòme avèk yon seri idantite ibrid (melanje), pliryèl, miltifòm. Kreyòl la avèk kreyolofoni an genyen plas yo nan mondyalizasyon jodi a avèk sa li dwe ye nan tan ki ap vini yo.
Yon lòt pa, kilti kreyòl yo antre nan mondyalizasyon an sou divès kalite fòm, anpatikilye sou entènèt. Kreyòl ayisyen an sikile nan mondyalizasyon an sou plan lengwistik nan mitan kominote ayisyen yo ki ann Ewòp men sitou ann Amerik di Nò kote nou jwenn yon seri asosyasyon ayisyen ki bay tèt yo misyon pou fè pwomosyon lang nan avèk tout kilti ki travèse li oubyen li sèvi pou veyikile. Li prezan nan zèv literè, kiltirèl anjeneral avèk atistik : penti avèk lòt kalite objè atizanal, literati ayisyen ak antiyè ki fèt an kreyòl, mizik : Ayiti posede yon estil mizik – konpa a – ki se youn pami sa yo plis apresye nan lemond (menmsi Ayiti pa vann mizik li a ase !)… Rete pou nou travay pou nou fè li tounen yon mizik entènasyonal 100% pou nou fè moun tou patou sou latè achte li, tande li !
Pou fini, mwen ap raple pwojè kreyòl ayisyen lang etranje, se pwojè tout ayisyen, tout inivèsitè, Fakilte Lengwistik Aplike, asosyasyon sosyokiltirèl, asosyasyon jounalis ak medya, se dwe pwojè Leta ayisyen, Biwo nasyonal Etnoloji, Sekretarya Leta pou Alfabetizasyon ak lòt enstans Leta ki travay nan domèn defans ak pwomosyon lang kreyòl la. Sa fè lontan nou ap fè pwomosyon sosyokiltirèl pou lang, li ta bon, kounye a, pou nou pase nan yon lòt faz pwomosyon : pwomouvwa lang nan peyi etranje, men tou nou dwe envesti lang nan nan tout aktivite teknik, syantifik pou montre kreyòl se yon lang tankou tout lang, sa ki vle di li kapab fè sa tout lòt lang fè. Ann mete men pou nou reyalize yon pwojè ki sitèlman enpòtan konsa ! Mèsi anpil !
………………….
Gade premye pati a : http://www.alterpresse.org/spip.php?article11797
* Doktè nan Syans Langaj, Manm Konsèy Direksyon Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti a.
Bibliyografi
AUROUX Sylvain, 1994, La révolution technologique de la grammatisation. Liège : Mardaga.
BORG Serge, 2000, « Pour une lecture polycentrique de la notion de progression », COSTE Daniel & _ VERONIQUE Daniel, La notion de progression. Notions en questions N°3, Fontenay-aux-Roses, ENS Éditions, pp. 133-143.
CALVET Louis-Jean, Mondialisation, langues et politiques linguistiques. Le versant linguistique de la mondialisation, disponible sur http://www.usenghor-francophonie.org/international/conf/2002/calvet.pdf, consulté le 27 septembre 2010.
CALVET Louis-Jean, 1999, Pour une écologie des langues du monde. Paris, Plon.
CALVET Louis-Jean, La guerre des langues et les politiques linguistiques, Paris, Payot, 1987
CALVET Louis-Jean, Linguistique et colonialisme, petit traité de glottophagie, Paris, Payot, 1974
CASTAGNE Eric, 2007, L’intercompréhension : un concept qui demande une approche multidimensionnelle, disponible sur : http://www.dialintercom.eu/
CHAUDENSON Robert, 2004, La Créolisation : Théorie, Applications, Implications. Paris : L’Harmattan (Coll. Langues et Développement).
CHAUDENSON Robert, 2000, Mondialisation : la langue française a-t-elle encore un avenir. Paris : L’Harmattan (Coll. Langues et Développement).
CUQ Jean-Pierre (dir.), 2003, Dictionnaire de didactique du français langue étrangère et seconde, Paris, CLE International
DAHLET Patrick, 2008, « Les identités plurilingues : enjeux globaux et partages singuliers », dans MARTINEZ Pierre, MOORE Danièle & SPAËTH Valérie (coord.), Plurilinguismes et enseignement. Identités en construction, Paris, Riveneuve éditions, pp. 23-45.
GOVAIN Renauld, 2009, Plurilinguisme, pratique du français et appropriation de connaissances en contexte universitaire en Haïti, Thèse de doctorat de 3ème cycle, Université Paris 8.
GOVAIN Renauld, 2010 : « Comportement lexico-sémantique et phonologique des mots créoles en -man » in Robert Chaudenson (coord.), N° 1 et 2, Etudes créoles, Société, langues, école en Haïti. En hommage aux victimes universitaires du séisme du 12 janvier 2010, pp. 125-140.
GOVAIN Renauld, 2011 : « Regards croisés sur les différentes propositions de reconstruction du Pays : Les orientations linguistiques et éducatives dans les plans proposés pour la reconstruction nationale » in DORLUS Wilson (coord.), Entre refondation et reconstruction : les problématiques de l’avenir post-sismique d’Haïti, pp. 305-320.
GOVAIN Renauld, 2011 : « Vers l’émergence du créole haïtien comme langue étrangère (!) » in Devenir des créoles : approches théorique, littéraire et sociolinguistique. Revue Recherches haïtiano-antillaises, N° 7, pp. 65-82.
GOVAIN Renauld, (à paraître), Les emprunts du créole haïtien à l’anglais et à l’espagnol.
GOVAIN Renauld, « Vers une didactique de l’intercompréhension linguistique dans la Caraïbe », (à paraître) dans Actes du colloque Quelle didactique plurilingue et pluriculturelle en contexte mondialisé ? organisé à Paris les 17-19 juin par le laboratoire PLIDAM.
LANG Jürgen (2002), « Apprentissage, métissage et négociation : trois aspects de la créolisation », dans Valdman (coord.), La créolisation : à chacun sa vérité. Etudes créoles, N°1, Paris, L’Harmattan, pp. 157-178.
MOIRAND Sophie, 1982, Enseigner à communiquer en langue étrangère, Paris, Hachette.
MUFWENE S. Salikoko, 2005, Créoles, écologie sociale, évolution linguistique. Paris : L’Harmattan (Coll. Langues et Développement).
MUFWENE S. Salikoko, 2003, « Les langues africaines et créoles face à la globalisation et la mondialisation. L’état des lieux » dans Isidore Ndaywel E Nziem (éd.), Les langues africaines et créoles face à leur avenir. Paris : L’Harmattan (Coll. Langues et Développement), pp. 15-34.
OLLIVIER Christian, 2007, Dimensions linguistique et extralinguistique de l’intercompréhension. Pour une didactique de l’intercompréhension au-delà des familles de langues, disponible sur : http://www.dialintercom.eu/
POMPILUS Pradel, 1985, Le problème linguistique haïtien, Port-au-Prince, Les Éditions Fardin.
PORQUIER Rémy, 2000, « La notion de progression en langue étrangère et quelques réflexions sur les apprentissages mixtes » in COSTE Daniel & VERONIQUE Daniel, La notion de progression. Notions en questions N°3, Fontenay-aux-Roses, ENS Éditions, pp. 88-101.
ROEGIERS Xavier, 2003 (2ème édition), Analyser une action d’éducation ou de formation, Bruxelles, DeBoeck Université.