Sèvis Ekimenik pou Devlopman ak Edikasyon Popilè (SEDEP) lanse samdi 3 daou a yon apèl bay jenès ayisyen an pou l pran ekzanp sou kalite ak bon konprann pè Ti Jan Pyè Lui, yon fason pou l ta fè fas kare ak move sitiyasyon peyi d Ayiti ap viv jodi a.
Nan okazyon katriyèm lane depi sasinay pè Pyè Lui nan lakou SEDEP jou ki te 3 daou 1998, jenès ayisyen an ta dwe chonje konpòtman ak travay pè sa a, "yon fason pou jenès la ka gen lòt modèl pou asire avni sosyete ayisyen an" epitou pou jwenn "zouti pou l ka konbat reny entolerans, reny enpinite ak plan ensousyans lenmi pèp la vle fè antre nan mès" popilasyon an.
Manm SEDEP yo envite diferan sektè popilè ak pwogresis, k ap batay kont lojik vyolans ak enpinite pouvwa lavalas la, reflechi sou mwayen pou rive tabli yon chenn solidarite "pou fè inite nan mitan kan pèp la, pou rive bare wout tout estrateji ak aksyon reyaksyonè ki kont enterè mas pèp ayisyen an".
Pou SEDEP, youn nan rezon ki esplike asasinay 3 daou 1998 la, se paske pè Jan Pyè Lui pa konn met dlo nan bouch li pou lonje dwèt sou "politik gouvènman yo toujou mennen kont peyi a ak kont enterè popilasyon an".
"Se menm rezon an ki esplike volonte pouvwa lavalas la pou fè silans sou dosye sasinay sa a, lè li pa pran, depi 4 an, okenn inisyativ pou ekzije lapolis ak lajistis mete kriminèl yo anba kòd. Se ankò menm rezon sa yo ki esplike dosye jounalis Jan Dominik, dosye Janklod Luisen, dosye jounalis Briyòl Lendò, dosye pè Jan Mari Vensan ak dosye yon latriye lòt viktim kwoke nan wout, nan blakawout sistèm enpinite lavalas la",
dapre sa SEDEP fè konprann.
Olye gen jefò ki fèt pou lajistis blayi, SEDEP deklare li wè "pouvwa lavalas la pa janm sispann, san okenn jenman, bay tèt li meday lò nan demokrasi, respè dwa ak diyite moun, malgre tout krim ak zak briganday, bandi, zenglendo ak chimè toujou kontinye ak komèt nan tout rakwen peyi a, san rejim lavalas la pa janm rapousuiv yo devan lalwa, pou yo jwenn pinisyon yo merite".
Manm SEDEP yo di tou yo pa ka bliye atachman ak lanmou pè Ti Jan Pyè Lui te genyen pou peyi a, lè yo gade ki jan, jounen jodi a an 2002, politisyen reyaksyonè ratdokale, tout plim tout plimay, ap manniganse ak zòt pou fè peyi d Ayiti pèdi sa li rete kòm respè ak diyite.
N ap fè chonje, nan okazyon antèman pè Pyè Lui, te gen anpil gwoup ki te idantifye tèt yo kòm "gwoup popilè" ki t ap simaye foto Jan Bètran Aristid epi ki t ap voye anpil toya kont òganizatè seremoni a nan Legliz Sen Michèl, zòn Fontamara, anfas gadkòt, lè w ap kite Pòtoprens sou wout sid.