Español English French Kwéyol

Anvan ouvèti kòlòk sou AKADEMI KREYÒL AYISYEN nan Pòtoprens

26-29 OKTÒB 2011

Moso nan liv kòlòk la

Òganizatè yo transmèt dokiman sa a bay AlterPresse

Baz kòlòk sa a chita sou nesesite pou nou fè bon jan refleksyon
epi pou nou jwenn bon jan antant sou yon sitiyasyon ki
konsène tout nasyon an e ki makonnen ak lang moun nan
popilasyon an pale e ki jan Leta ayisyen jere sitiyasyon sa a.
Gen plizyè atik nan konstitisyon 1987 la ki bòde kesyon lang yo
ann Ayiti. Nan yon premye moman, konstitisyon an fè yon mouvman
doub ; an 1e, li rekonèt lang kreyòl la kòm lang « tout ayisyen an jeneral
 », an 2èm, li fè konnen genyen de (2) lang ofisyèl : kreyòl ak franse.

Konstitisyon an fè lòt egzijans toujou, tankou pou kominikasyon
ant Leta ayisyen ak popilasyon an fèt nan tou de (2) lang ofisyèl yo
kit se lè pouvwa jistis la ap travay oubyen kit se lè pou enstitisyon
Leta yo simaye tout dokiman ki konsène lavi peyi a nan lang sa yo
tou, ni aloral, ni alekri. Nan lide pou li ankouraje yo respekte divès
dispozisyon sa yo, konstitisyon an egzije Leta ayisyen pou li mete
yon Akademi ayisyen kanpe. Prensipal travay konstitisyon an trase
pou akademi an se « fikse lang kreyòl la epi fè lang kreyòl la devlope
anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans » (Atik 213).

Si n ap gade sak fèt depi 24 lane pèp ayisyen an vote konstitisyon
an, nou ka di nou lwen toujou : nan kesyon kominikasyon ant leta ak
popilasyon an, nan kesyon edikasyon, nan kesyon lajistis, elatriye.

Konsa, nan woumble sa a, n ap gen pou gade kouman nou ka rive
fè aplike youn nan egzijans totalkapital pèp ayisyen an fè depi 24 lane
li vote konstitityon 87 la.

LIS MOUN AK ENSTITISYON
KI ÒGANIZE KÒLÒK SA A

KO M I TE I N I SY A TI V

– Inivèsite Leta d Ayiti (UEH) : Jean Vernet HENRY/
Fritz DESHOMMES

– Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon (SEA) : Carol JOSEPH/
Grégory CALIXTE

– Près Nasyonal d Ayiti : Willems ÉDOUARD

– Konfederasyon Nasyonal Vodou Ayisyen : Max BEAUVOIR/
Euvonie AUGUSTE

– Jounal Bon Nouvèl : Jean-Pierre NZEMBA WAYI/
Rosilia FRANÇOIS

Komite pilotaj

– Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl
(MENFP) : Pierre Michel LAGUERRE/ Néhémie BOUSSIQUOT

– Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon (SEA) : Carol JOSEPH/
Grégory CALIXTE

– Près Nasyonal d Ayiti : Willems ÉDOUARD

– Konfederasyon Nasyonal Vodou Ayisyen : Max BEAUVOIR/
Euvonie AUGUSTE

– Inivèsite Leta d Ayiti (UEH) : Jean Vernet HENRY/
Fritz DESHOMMES

– Fakilte Lengwistik Applike (FLA) : Lionel SANON/
Junior Fils RENÉ

– Bon Nouvèl : Jean-Pierre NZEMBA WAYI/ Rosilia FRANÇOIS
8 AKADEMI KREYÒL AYISYEN

– Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) :
Sony ESTEUS

– Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE) : Suze MATHIEU

– Ministè Kilti ak Kominikasyon (MCC) : Jn-Yves BLOT

Komite syantifik

– Darline COTTIERE

– Fritz DESHOMMES

– Jean Léon AMBROISE

– Yves DEJEAN

– Laennec HURBON

– Michel DEGRAFF

– Renaud GOVAIN

– Nirvha JEAN-JACQUES

– Pierre Michel LAGUERRE

Komite sipò

– Adeline CHANCY

– Clotaire SAINT-NATUS

– Pierre Michel CHÉRY

– Pauris JN-BAPTISTE

– Frenand LÉGER

– Stéphane PIERRE-PAUL

– Lyonel TROUILLOT

– Carol JOSEPH

– Lionel SANON

– Pè Jan OUT

– Rosilia FRANÇOIS

Komite òganizasyon

– Wilson DORLUS

– Claude PIERRE

– Jean-Léon AMBROISE

– Rodny ESTEUS

– Monique ELICART