Español English French Kwéyol

Desandelye nan lokal FOKAL, danje pou libète reyinyon nan peyi Dayiti ! Sitwayen ann leve kanpe pou di non ! 77 fwa non

Kominike 6 òganizasyon ak enstitisyon

AlterPresse resevwa dokiman sa a 19 fevrier 2004

Nou menm òganizasyon ak enstitisyon ki siyen nòt sa a, nou kondane ak tout fòs nou zak desandelye yon ekip polisye ki gen nan tèt yo gwo Jak, fè nan lokal Fondasyon konesans ak Libète jou samdi 14 fevriye 2004 la.

Pou nou menm òganizasyon ak enstitisyon sa yo, zak babari sa a, montre yon fwa ankò rejim lavalas-Aristid la se yon rejim sanginè, diktatè. Rejim bout di sa a, montre a klè li gen pwoblèm ak konsèp ki rele konesans lan, ak liv, ak lakilti.

Rejim sanginè Aristid-Lavalas la, vyole espas Fondasyon an (FOKAL) jou samdi 14 fevriye a, menm jan tou, pandan plizyè okazyon li vyole espas Inivèsite Leta a. Rejim òlalwa sa a, menm espas imanitè yo li vyole tankou : Lopital Kanapevè, Ezayi Janti, epi Lopital jeneral chimè patizan Aristid yo fè sa yo vle ladan.

Nou menm òganizasyon ak enstitisyon k ap travay nan domèn edikasyon, ki kwè konesans se baz devlopman nan tout sosyete. Nou konsidere zak gwo ponyèt Lapolis fè nan reyinyon manm Konsèy Administrasyon FOKAL la, kòm yon vyolasyon flagran libète reyinyon ki garanti nan aktik 18 konstitisyon peyi Dayiti.

Nan sans sa a, nou menm òganizasyon ak enstitisyon ki siyen deklarasyon sa a, nou renouvle angajman nou pou n kontinye goumen san pran souf pou derasinen rejim Lavalas-Aristid la sou pouvwa a epi goumen tou, kont tout pouvwa ki pa respekte libète piblik yo, ki pa nan enterè pèp.

Nou pote solidarite bay tout ekip FOKAL la : Konsèy administrasyon an, Diresksyon ak rès pèsonèl la epi tout rezo bibliyotèk pwoksimite k ap kolabore ak Fondasyon an. Nou mande responsab ak ekip Fondasyon an pou yo pa dekouraje, pa ki te pouvwa reyaksyonè a met ba boukèt nan bouch nou , menm jan sou yon seri enstitisyon tankou Laprès , òganizasyon Dwa moun , Etidyan Oganizasyon Fanm , tout fòs viv nan peyi a. Nou ankouraje yo , nan kokenn chenn travay nou estime ki enpòtan yap fè nan tout peyi a , pou garanti e jwi dwa moun genyen pou jwenn lakonesans epi gwo batay y ap mennen pou bay lakilti jarèt, nan peyi sa a, kote tout valè moral prèske fin disparèt.

Anba tout diktati sou kelkeswa fòm li ye

Viv libète pou moun reyinyini lib e libè

Viv la konesans

Viv Demokrasi patisipativ

Oganizasyon ak enstitisyon ki siyen :

Rasanbleman Jèn pou Avansman Savanèt (RAJES) Miradieu Bastien

Konbit Peyizan Nip (KPN) Sinnomé St-Clair

Sant Dokimantasyon Jacques Stephen Alexis Bregenève Dupermer

Rasanbleman Fanm Militant Savanèt (RAFAMS) Mimose Orelus

Konbit Fanm Peyizan NiP ( KFPN) Olemicia Jeanty Cadet

Sant Dokimantasyon ak Lakilti Jean Pierre Louis Savanèt, Joel Louissaint